YouVersion Logo
Search Icon

Ezekyèl 14

14
Bondye kondannen moun k'ap mele sèvis Bondye ak sèvis zidòl
1Lè sa a, gen kèk chèf fanmi Izrayèl yo ki #Eze 8.1 te vin kote m pou m te fè yo konnen volonte Bondye. 2Se konsa, Senyè a pale avè m, li di m konsa:
3— Ras #Eze 7.19; 20.3 Adan! Moun sa yo lage kò yo bay zidòl nèt. Yo kite zidòl pran nanm yo pou fè yo sa ki mal. Yo met nan tèt yo mwen pral kite yo vin mande mwen konsèy? 4Enben, pale ak yo, di yo konsa: Men mèsay Senyè sèl Mèt la voye ba yo: Tout moun nan pèp Izrayèl la ap lage kò yo bay zidòl yo nèt, yo kite zidòl pran nanm yo pou fè sa ki mal. Lèfini, y'ap vin jwenn pwofèt Bondye a! Se mwen menm menm, Senyè a, k'ap ba yo repons yo merite poutèt kantite zidòl y'ap sèvi yo. 5Zidòl yo te fè moun pèp Izrayèl yo vire do ban mwen. Men, m'ap reponn yo pou yo ka tounen vin jwenn mwen ankò.
6Kounyeya, men #Eze 18.30 sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo, men mesay Senyè sèl Mèt la voye ba yo: Tounen vin jwenn mwen. Vire do bay zidòl nou yo, sispann fè vye bagay derespektan sa yo.
7Chak fwa yonn nan moun pèp Izrayèl yo osinon yonn nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp mwen an va vire do ban mwen pou l'al sèvi zidòl, si li kite zidòl pran nanm li pou li fè sa ki mal, lèfini pou li konprann pou l'al jwenn pwofèt Bondye a pou mande l mande m anyen, se mwen menm menm, Senyè a, ki pral ba li repons la. 8M'ap #Lev 17.10; Det 28.37; Jer 44.11; Eze 15.7 kenbe tèt ak li. M'ap fè l tounen yon egzanp pou yo mete non l nan chante. M'ap wete l nan mitan pèp mwen an. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a.
9Si #1 Wa 22.23; Jer 4.10; 2 Tes 2.11 yon pwofèt kite yo pran tèt li pou li pa pale verite, se mwen menm k'ap kite yo pran tèt li. M'ap lonje men m sou li pou m pini l, m'ap wete l nan mitan pèp mwen an, pèp Izrayèl la. 10Ni pwofèt la, ni moun ki te vin jwenn li an ap peye pou sa yo fè. Y'ap resevwa menm chatiman an. 11Konsa, #Eze 11.20; 37.23 moun pèp Izrayèl yo p'ap vire do ban mwen ankò. Yo pa pral avili tèt yo nan fè sa ki mal. Lè sa a, se pèp mwen y'ap ye, se mwen menm k'ap Bondye yo. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.
Se pa san rezon Bondye pini moun
12Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:
13— Ras #Eze 4.16; 15.8 Adan! Si moun k'ap viv nan yon peyi peche kont mwen, si yo pa kenbe pawòl yo ak mwen, m'ap lonje men mwen sou yo pou m' pini yo. M'ap koupe viv yo. M'ap fè yon sèl grangou tonbe sou yo, m'ap touye ni moun ni bèt nan peyi a. 14Si #Jen 6.9; Jòb 1.1; Jer 15.1; Eze 3.19; Da 9.23 twa moun dwat sa yo, Noye, Danèl #14.14: Danèl: Osinon Danyèl. Se pa menm moun ak Danyèl nan liv Danyèl la. Dapre istwa yo rakonte nan peyi Kanaran, Danèl sa a te yon chèf ki te gen anpil bon konprann, ki te toujou fè sa ki dwat. ak Jòb, ta nan mitan yo, se yo menm ase ki t'ap sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.
15Ou #Lev 26.22 ankò, mwen ta ka voye bèt sovay touye tout moun nan peyi a, pou fè peyi a tounen yon dezè moun pè travèse poutèt bèt sovay sa yo. 16Si twa moun sa yo ta nan mitan yo, jan nou konnen mwen vivan vre a, — se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, k'ap pale, — yo pa ta ka sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Se yo ase ki t'ap sove. Tout peyi a t'ap tounen yon dezè.
17Ou #Lev 26.25 ankò, mwen ta ka voye lagè sou peyi a. Mwen ta ka bay lòd pou nan lagè a yo touye dènye moun ak dènye bèt. 18Si twa mesye sa yo ta nan peyi a, jan nou konnen mwen vivan vre a, — se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, k'ap pale, — yo pa ta ka sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ase ki ta sove.
19Si #2 Sam 24.15; Eze 7.8; 38.22 mwen ta voye yon move maladi sou peyi a, si mwen ta move sou li jouk pou m ta voye yon maladi san renmèd pou m touye ni moun ni bèt, 20epi si Noye, Danèl ak Jòb te la nan peyi a, jan nou konnen mwen vivan vre a, — se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, k'ap pale, — yo pa ta sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Se yo ase ki ta sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat.
21Men #Eze 5.17; 33.27; Rev 6.8 sa Senyè, Bondye sèl Mèt la, di ankò: M'ap voye kat pi gwo chatiman m yo sou lavil Jerizalèm: lagè, grangou, bèt sovay ak move maladi, pou yo touye dènye moun ak dènye bèt. 22Men, #Eze 6.8; 16.54 si nou wè gen kèk moun ki chape, epi ki sove pitit gason yo ak pitit fi yo, gade yo byen lè y'a vin jwenn nou. Gade jan yo viv, gade sa yo fè. Lè sa a, n'a wè si m pat gen rezon voye tout malè sa yo sou lavil Jerizalèm. 23Wi, #Jer 22.8,9 lè n'a wè jan moun sa yo ap viv ak sa y'ap fè, n'a konnen mwen gen rezon fè lavil Jerizalèm sa m'fè li a. Se mwen menm Senyè sèl Mèt la ki di sa.

Currently Selected:

Ezekyèl 14: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy