YouVersion Logo
Search Icon

Ezekyèl 16

16
Pwofèt la ap denonse peche moun lavil Jerizalèm
1Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:
2— Ras #Eze 22.2 Adan! Fè moun Jerizalèm yo rekonèt tout vye bagay derespektan yo te fè yo. 3W'a di moun lavil Jerizalèm yo men mesay Senyè sèl Mèt la voye ba yo: Nou se moun peyi Kanaran, se la nou fèt. Papa nou te yon moun peyi Amori, manman nou yon moun peyi Et. 4Jou ou sòti nan vant manman ou lan, yo pat koupe kòd lonbrit ou, yo pat lave ou nan dlo pou yo te pwòpte ou, yo pat fwote ou ak gwo sèl, yo pat menm vlope ou nan moso kòt. 5Pèsonn pat gen pitye pou ou pou yo te rann ou yonn nan ti sèvis sa yo. Lè ou te fèt la, pèsonn pat vle wè ou, yo voye ou jete nan jaden. 6Mwen vin ap pase bò la, mwen wè ou t'ap benyen nan san ou. Atout ou t'ap benyen nan san ou, mwen di mwen p'ap kite ou mouri, se pou ou viv. 7Se pou ou grandi tankou yon plant nan jaden. Ou grandi, ou fòme, ou vin yon bèl jenn fi. Tete ou yo te byen kanpe, pwal te pouse sou kò ou. Men, ou te toutouni. 8Mwen #Egz 19.5; 24.7,8; Rit 3.9 vin ap pase bò la ankò, mwen wè ou. Ou te rive laj pou ou te renmen. Mwen louvri gwo varèz mwen an sou ou, mwen kouvri kò ou ki te toutouni an. Mwen fè sèman m'ap toujou renmen ou. Wi, mwen pase kontra maryaj avè ou. Se konsa ou vin madanm mwen. Se Senyè ki sèl mèt la ki di sa.
9Apre sa, mwen pran dlo, mwen lave ou, mwen wete tout san ki te sou kò ou. Mwen basinen ou ak lwil santi bon. 10Mwen mete bèl rad bwode sou ou, yon pè soulye fèt ak po bazann nan pye ou, yon bèl moso twal fen blan mare nan ren ou, ak yon chal swa.
11Mwen #Jen 24.22,47; Eze 23.40,42 kouvri ou ak bijou, mwen mete brasle nan ponyèt ou, m pase bèl chenn nan kou ou. 12Mwen mete yon grenn zanno nan nen ou, yon pè zanno nan zòrèy ou ak yon bèl kouwòn sou tèt ou. 13Ou te plen bijou lò ak bijou ajan. Ou te toujou mete bèl rad twal fen ak rad swa byen bwode sou ou. Ou manje pen ki fèt ak pi bon kalite farin ansanm ak siwo myèl ak lwil. Chak jou ou vin pi bèl, jouk ou rive larenn. 14Nan #Lam 2.15 tout lòt nasyon yo, yo t'ap nonmen non ou pou jan ou te bèl. Pou bèl, ou pa te pi bèl pase sa non. Se mwen menm ki fè ou vin bèl konsa. Se mwen menm Senyè sèl Mèt la ki di sa.
Lavil Jerizalèm tankou yon jennès
15Men, #Eza 1.21; Jer 2.20; Oze 1.2 ou kite bèlte ou la fè ou pèdi tèt ou. Ou pwofite dèske tout moun ap nonmen non ou lan pou ou lage kò ou nan dezòd, ou kouche ak dènye moun k'ap pase. Ou lage kò ou ba yo. 16#16.16: Nan tèks ebre a gen kat mo nan fen vèsè sa a ki ta vle di: yo pa antre, sa pa fèt. Ou pran bèl rad koulè ou yo, ou dekore kote w'ap fè sèvis pou lòt bondye sou tèt mòn yo. Tankou yon fanm k'ap fè jennès, ou kouche la ak dènye moun ki vini. 17Ou #Eze 7.20 pran bijou lò ak bijou ajan mwen te ba ou yo, ou bay yo pou yo fè estati gason. Epi ou kouche ak estati yo. 18Ou #Eze 23.41; Oze 2.8 biye estati ou yo ak bèl rad bwode mwen te ba ou yo. Ou pran lwil ak lansan ki te pou mwen yo, ou ofri yo bay estati ou yo. 19Mwen te ba ou pi bon kalite farin pou fè pen pou ou manje ansanm ak siwo myèl ak lwil. Ou pran yo, ou ofri yo bay zidòl ou yo, ou boule yo nan dife pou yo te ka ba ou chans. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di wi, se sa ou fè.
20Apre #Sòm 106.37; Eza 57.5; Eze 20.26,31; 23.37 sa, ou pran pitit gason ak pitit fi ou te fè pou mwen yo, ou al ofri yo bay zidòl yo pou zidòl yo te manje yo. Sa pat ase pou ou te lage kò ou nan tout dezòd sa yo 21kifè ou te bezwen koupe kou pitit mwen yo, lèfini pou ou te boule yo nan dife pou zidòl ou yo? 22Pandan #Oze 2.3 tout tan ou t'ap viv nan dezòd sa a, ou pa janm chonje lè ou te piti, lè ou te toutouni ap benyen nan san ou lan?
Jerizalèm tankou yon fanm k'ap kouri dèyè gason
23Senyè sèl Mèt la di ankò:
— Madichon, madichon pou ou! Lè ou fin fè tout mechanste sa yo, 24sou #Jer 3.2 tout rebò granchemen yo, ou bati tanp pou sèvi zidòl ou yo, pou fè metye jennès ou a. 25Nan chak kalfou granchemen, ou bati yon tanp kote ou trennen bèlte ou la nan labou. W'ap ofri tèt ou bay dènye moun k'ap pase. Chak jou ou te vin pi mal. 26W'al #Jer 7.18,19; Eze 20.7; 23.19 kouche ak moun peyi Lejip yo, vwazen ou yo ki grannèg anpil. Ou fè, ou fè jouk ou fè m fache. 27Se #2 Kwo 28.18 konsa, mwen lonje men m sou ou pou m pini ou, mwen koupe moso nan sa ki te vin pou ou a. Mwen lage ou nan men lènmi ou yo, moun peyi Filisti yo, ki pat ka santi tout vye bagay sal ou t'ap fè yo. 28Men #2 Wa 16.7-18; Jer 2.18,36; Eze 23.12 moun sa yo pat ba ou kont plezi ou, ou kouri al jwenn moun peyi Lasiri yo. Ou kouche ak yo. Men yo menm tou, yo pat ba ou kont plezi ou. 29W'al #Eze 23.14-17 fè jennès ak moun Babilòn yo, gwo kòmèsan sa yo. Men yo menm tou, yo pat ba ou kont plezi ou!
30Men sa Senyè sèl Mèt la di ankò: Se pa ti move mwen pat move sou ou! Ou fè tou sa tankou yon jennès je kale. 31Ou bati yon lotèl repozwa nan chak kalfou granchemen. Ou bati tanp sou tout rebò granchemen yo. Men, se pat dèyè lajan ou te ye tankou lòt fanm k'ap fè jennès yo. 32Ou te tankou yon madanm marye ki nan dezòd, ki pito fè bèl ak lòt gason pase pou li renmen mari l. 33Yon jennès se peye yo peye sa. Men ou menm, se ou menm ki bay nonm ou yo kado, se ou menm k'ap ofri yo lajan pou yo sòti toupatou vin kouche avè ou. 34Ou pat tankou lòt fanm k'ap fè jennès yo. Pèsonn pat fòse ou fè sa. Yo pat peye ou pou sa. Se ou ki t'ap peye moun vin kouche avè ou! Non! Ou pat tankou lòt jennès yo!
Jijman Bondye sou lavil Jerizalèm
35Kounyeya, Jerizalèm, gwo jennès, koute sa Senyè a ap di: 36Men #Sòm 106.38; Eze 16.20,21 mesay Senyè sèl Mèt la voye ba ou: Ou wete tout rad sou ou. Ou rete toutouni nèt pou ou te kouche ak nonm ou yo, ansanm ak tout vye zidòl mwen pa vle wè yo. Lèfini, ou touye pitit ou yo, ou ofri yo bay zidòl. 37Poutèt #Lam 1.8; Eze 23.22,28,29; Oze 2.10 tou sa, mwen pral reyini tout ansyen nonm ou yo ki te konn pran plezi yo avè ou, ni sa ou te renmen yo, ni sa ou te rayi yo. M'ap fè yo vin fè wonn bò kote ou. Mwen pral wete dènye rad ki sou ou. Mwen pral kite ou toutouni devan je yo.
38M'ap #Lev 20.10; Eze 21.30; 23.45 pini ou menm jan yo pini fanm k'ap fè adiltè, ak fanm ki touye moun. M'ap fache, m'ap move, m'ap bay lòd pou yo touye ou. 39M'ap #Eze 16.7,11,12; 23.26 lage ou nan men yo, yo pral demoli dènye lotèl repozwa ou fè pou zidòl ou yo, kote w'ap fè jennès la. Y'ap wete tout rad sou ou, y'ap pran tout bijou ou yo, y'ap kite ou toutouni.
40Yo #Eze 23.46,47 pral moute tèt yon foul moun pou yo touye ou ak kout wòch, y'ap filange ou ak nepe yo. 41Y'ap #Jer 39.8; Eze 5.8; 23.27,47 boule tout kay ou yo, y'ap pini ou devan yon foul medam. M'ap fè ou sispann fè jennès, m'ap fè ou sispann bay nonm ou yo kado. 42Apre #Eze 5.13 sa, mwen p'ap move sou ou ankò. M'a sispann fè jalouzi. Mwen p'ap fache ankò. 43Ou #Eze 7.4; 16.22 pat chonje jan m te aji avè-ou lè ou te jenn lan. Ou te fè m move anpil pou tou sa ou te fè yo. Se poutèt sa mwen te fè ou peye pou tout. Se mwen menm Senyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Poukisa ou fè tout dezòd vakabonday sa yo mete sou tout lòt bagay derespektan ou fè yo?
Joumou pa donnen kalbas
44Senyè a di ankò: Kounyeya moun ki renmen fè pwovèb yo pral bay yonn sou do lavil Jerizalèm. Yo pral di: Joumou pa donnen kalbas. Pitit fi a ap sòti tankou manman l. 45Wi, #Eze 16.3 ou se pitit manman ou vre. Li pat vle wè ni mari l ni pitit li yo. Ou menm moun ak sè ou yo. Yo menm tou, yo pat vle wè ni mari yo, ni pitit yo. Se yon fanm peyi Et ki te manman nou tout. Se yon moun peyi Amori ki te papa nou.
46Gran #Eze 23.4 sè ou la rete nan nò. Se lavil Samari ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo. Ti sè ou la rete nan sid. Se lavil Sodòm ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo. 47Ou #2 Wa 21.9; Eze 5.6,7 mache dèyè yo pye pou pye, ou fè tout vye bagay derespektan yo fè. Men, nan tou sa ou fè yo, ou fè pi mal pase yo.
48Se #Mat 10.15 poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, men sa mwen menm, Senyè sèl Mèt la, m'ap di ou: Sè ou la, lavil Sodòm ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, yo pat janm rive fè tou sa ou menm lavil Jerizalèm, ou te fè ansanm ak tout ti bouk ki sou kont ou yo. 49Kisa #Jen 13.10 lavil Sodòm te fè konsa? Li t'ap gonfle lestonmak li sou moun paske li te gen kont manje pou li manje. Yo t'ap viv kèpòpòz san pwoblèm. Men yo pa janm lonje men bay pòv malere ak moun ki nan nesesite. 50Yo #Jen 13.13; 19.24 kite lògèy vire lòlòj yo, yo fè tèt di, yo fè bagay yo konnen mwen pa vle wè moun fè. Se poutèt sa mwen disparèt yo, jan ou konnen l lan.
51Lavil #Jer 3.11 Samari menm pat fè mwatye nan sa ou fè. Ou fè plis bagay derespektan pase l. Ou fè sè ou yo pase pou inonsan bò kote ou. 52Ou pral wont tèt ou pou sa ou fè. Ou sitèlman fè peche ki pi lèd pase sa sè ou yo fè a, ou ba yo rezon, yo parèt inonsan bò kote ou. Wi, se pou ou wont. Se pou ou kache figi ou, paske ou fè sè ou yo pase pou inonsan bò kote ou.
Sodòm ak Samari ap kanpe ankò
53Senyè a #Det 30.3; Eze 39.25 pale ak lavil Jerizalèm, li di l konsa:
— M'ap mete yo kanpe ankò, lavil Sodòm ak lavil Samari ansanm ak tout ti bouk ki sou kont yo. Bout pou bout, ou menm tou m'ap mete ou kanpe ankò. 54Ou #Eze 39.26 pral wont tèt ou pou tou sa ou te fè. Yo pral pale ou mal. Sè ou yo pral wè yo pa pi mal pase sa. Sa pral yon konsolasyon pou yo. 55Lavil Sodòm ak tout ti bouk li yo pral kanpe ankò jan yo te ye anvan an. Lavil Samari ak tout ti bouk li yo pral kanpe ankò jan yo te ye anvan an. Ou menm tou, lavil Jerizalèm ak tout ti bouk ou yo, nou pral kanpe ankò jan nou te ye anvan an. 56Lè ou te anpenpan an, ou te konn ap pase Sodòm nan betiz. 57Men #2 Wa 16.5-7; Eza 7.1,2; Eze 16.27; 28.24 se anvan yo te fin dekouvri mechanste ou yo. Koulyeya, se ou menm, moun Aram yo, moun Filisti yo ansanm ak lòt moun nan vwazinaj ki pa vle wè ou yo pral pase nan betiz.
58Ou #Eze 23.35,49 pral peye pou tout bagay derespektan ak bagay mwen pa vle wè ou te fè yo. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.
Kontra ki la pou tout tan an
59Senyè a #Eze 17.18,19 pale ak lavil Jerizalèm, li di l konsa:
— Mwen pral boule avè ou jan ou merite l la, paske ou pa ka kenbe pawòl ou, ou kase kontra a. 60Men, #Egz 2.24; Jer 32.40; Eze 16.8 m'ap chonje kontra mwen te pase avè ou lè ou te jenn lan. M'ap siyen yon lòt kontra avè ou, yon kontra k'ap la pou tout tan. 61Ou #Eze 16.46; 20.43 menm, w'a chonje sa ou te fè, w'a wont lè w'a resevwa gran sè ak ti sè ou yo. M'ap ba ou yo pou pitit fi pa ou malgre sa pat nan kontra a. 62Wi, se mwen menm k'ap siyen kontra mwen an avè ou ankò. Lè sa a, w'a konnen se mwen menm ki Senyè a. 63M'ap #Wòm 3.19 padonnen ou tou sa ou te fè. Men ou menm, w'ap chonje sa ou te fè yo, w'a wont, ou p'ap ka louvri bouch ou ankò tèlman w'a wont. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.

Currently Selected:

Ezekyèl 16: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in