YouVersion Logo
Search Icon

Egzòd 33

33
Lòd Bondye bay
1Senyè a di Moyiz:
— Leve #Jen 35.12 non, ou menm ak tout pèp ou te fè sòti kite Lejip la. Kite kote nou ye a. Pran chemen pou n ale nan peyi mwen te sèmante bay Abraram, Izarak ak Jakòb la, lè m te di yo m'ap ba yo tè sa a pou pitit pitit yo. 2M'ap #Egz 23.23,28 voye yonn nan zanj mwen yo devan nou. M'ap mete moun Kanaran yo, moun Amori yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, ak moun Jebis yo deyò sou tè yo a. 3Ale non. #Nonb 16.21,45 W'ap rive nan yon peyi kote lèt ak siwomèl se tankou dlo. Men se pa mwen menm menm ki prale ansanm avèk nou. Paske nou se yon bann moun kou rèd, mwen ka touye nou sou wout.
4#2 Sam 19.24 pèp la tande move nouvèl sa a, yon sèl lapenn pran yo. Tout moun refize pote bijou sou yo. 5Senyè a di Moyiz konsa:
— Di pitit Izrayèl yo se yon bann moun ki gen tèt di yo ye. Si se pou m ta ale ak yo, menm yon sèl ti kadè, mwen ta fin estèminen yo nèt. Kounyeya, se pou yo wete tout bijou yo gen sou yo. Lè sa a m'a wè, sa m ka fè pou yo.
6Se konsa, depi sou mòn Orèb, moun Izrayèl yo pa janm pote bijou ankò sou yo.
Tant Randevou a
7Moyiz #Egz 25.22; 29.42,43 pran tant lan, li mete li nan yon ti distans deyò limit kan yo te enstale a. Li rele li Tant Randevou. Tout moun ki te bezwen pale ak Senyè a te blije soti nan kan an pou ale nan Tant Randevou a. 8Chak fwa Moyiz te sòti pou l'al nan tant lan, tout pèp la te fèt pou kanpe, chak moun devan papòt kay yo, ap gade Moyiz jouk li antre nan tant lan. 9Depi #Egz 13.21; Sòm 99.7 Moyiz antre nan tant lan, poto nyaj la desann, li kanpe sou papòt tant lan. Epi Senyè a pran pale ak Moyiz. 10Lè tout moun wè poto nyaj la kanpe nan papòt tant lan, yo leve, yo bese tèt yo jouk atè devan papòt kay pa yo. 11Senyè a #Nonb 12.8; Det 34.10 te konn pale fasafas ak Moyiz tankou yon moun k'ap pale ak zanmi l. Apre sa, Moyiz te tounen nan kan kote pèp la te enstale a. Men, te gen yon jenn gason yo te rele Jozye, pitit gason Noum lan, ki t'ap sèvi ak Moyiz. Li menm, li pat janm kite tant lan.
Pwomès Prezans Bondye
12Moyiz di Senyè a:
— Ala ou di m fè pèp la moute ale nan peyi a, men ou pa di m kilès w'ap voye avè m pou ede m. Men, kounyeya ou di m ou konnen m byen, ou konnen ki moun mwen ye. Ou kontan mwen anpil. 13Bon, #Det 9.26; Sòm 27.11 si ou kontan m vre, tanpri, fè m konnen lide ou gen nan tèt ou pou m ka konnen ki moun ou ye, pou m ka toujou fè ou plezi. Chonje tou, pèp sa a se pa ou li ye wi!
14Senyè a #Egz 40.34-38; Joz 21.44; Eza 63.9 reponn:
— Se mwen menm k'ap mache avè ou. M'ap fè ou jwenn repo.
15Moyiz di l:
— Si se pa ou menm menm k'ap mache avè nou, ou pa bezwen kite nou sòti isit la. 16#Egz 19.5,6; Nonb 14.14; 1 Wa 8.53 ou gade byen, ki jan pou mwen fè konnen ou konsidere m anpil, mwen menm ansanm ak pèp ou a? Eske se pa lè ou mache ak nou? Si ou mache ak nou, tout moun va rekonèt mwen menm ansanm ak pèp la, nou pa menm ak lòt pèp ki sou latè yo.
17Senyè a di Moyiz:
— M'a fè sa ou mande m lan, paske ou fè kè m kontan anpil. Mwen konnen ki moun ou ye.
18Moyiz #1 Tim 6.16 di l:
— Tanpri, fè m wè pouvwa ou!
19#Wòm 9.15 sa a Senyè a reponn li:
— M'ap fè ou wè jan m gen bon kè, m'ap nonmen non m devan ou. M'ap fè moun mwen vle gras, m'ap gen pitye pou moun mwen vle gen pitye.
20Senyè a #Jen 32.30; Egz 24.10; Jij 13.22; Eza 6.5; Rev 1.16 pale ankò, li di:
— Ou p'ap kapab wè figi m, paske okenn moun sou latè pa kapab wè figi m pou l kontinye ap viv apre sa.
21Li di ankò:
— Men yon ti plas bò kote m. W'a kanpe sou wòch sa a. 22Lè pouvwa mwen vin ap pase, m'ap mete ou nan twou wòch la, m'a kouvri ou avèk men mwen jouk mwen fin pase. 23Apre sa, m'a wete men m sou ou. Se do m ase w'a wè k aprale, men ou p'ap wè figi m.

Currently Selected:

Egzòd 33: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in