YouVersion Logo
Search Icon

Egzòd 32

32
Estati ti towo bèf lò a
(Detewonòm 9.6-29)
1Lè pèp la wè Moyiz te rete lontan sou #Egz 24.18; Tra 7.40 mòn lan san li pa desann, yo rasanble bò kote Arawon, yo di li konsa:
— Annou debouye nou fè lòt Bondye ki pou mache devan nou paske nonm Moyiz la, nou pa konn sa li tounen.
2Arawon #Jij 8.24-26 di yo:
— Wete tout zanno lò ki nan zòrèy madanm nou yo ak nan zòrèy pitit fi ak pitit gason nou yo, pote yo ban mwen.
3Konsa, tout pèp la wete zanno lò yo te gen nan zòrèy yo, yo pote yo bay Arawon. 4Arawon #Egz 20.23; Jij 17.3,4; 1 Wa 12.28; Sòm 106.19; Tra 7.41 pran zanno yo, li fonn yo, li koule lò a nan yon moul, li fè estati yon ti towo bèf. Pèp la di:
— Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou sòti kite peyi Lejip la.
5#2 Wa 10.20 Arawon wè sa, li bati yon lotèl devan estati ti towo bèf la, epi li di yo:
— Denmen m'ap fè yon gwo fèt pou Senyè a.
6Nan #1 Kor 10.7 denmen maten yo leve byen bonè, yo touye bèt, yo boule yo nèt ofri bay Senyè a. Yo touye lòt bèt tou pou di l mèsi. Apre sa, pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pou yo pran plezi yo.
7#Det 9.12 sa a, Senyè a di Moyiz:
— Ale non, ou mèt desann. Paske pèp ou a, pèp ou te fè moute sòti nan peyi Lejip la, gentan deraye, yo lage tèt yo nan bwa. 8Yo #Egz 20.3,4,23; Det 9.16; 1 Wa 12.28 gentan kite chemen mwen te mande yo swiv la. Yo pran lò, yo fonn li, yo fè estati yon ti towo bèf, yo tonbe fè sèvis pou li, yo touye bèt ofri ba li, epi yo di: Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou sòti kite peyi Lejip la.
9Senyè a #Egz 33.3,5; 34.9; Det 9.6,13; 10.16; 2 Kwo 30.8; Tra 7.51 di Moyiz ankò:
— Mwen wè pèp sa a se yon pèp ki gen tèt di. 10Bon, #Det 9.14; Nonb 14.12 kounyeya kite m al regle ak yo. Mwen pral fè yo konnen lè m ankòlè, m'ap detwi yo, m'ap boule yo. Men, ou menm, m'ap fè ou vin yon gwo nasyon.
11Moyiz #Det 9.26; Sòm 106.23 kriye nan pye Senyè a, Bondye li a, li di l:
— Senyè, poukisa pou ou ta koute kòlè ou pou ou fache sou pèp ki pou ou a, pèp ou menm menm te fè moute sòti kite Lejip avèk gwo pouvwa ou, avèk fòs ponyèt ou? 12Atò, #Det 9.28 sa pou moun peyi Lejip yo di? Y'a di: Ala Bondye malveyan! Li fè yo sòti kite Lejip pou l te ka touye yo nan mòn yo, pou l te ka disparèt yo sou latè. Senyè, pa koute kòlè ou! Chanje lide. Pa fè malè sèk sa a tonbe sou pèp ou a. 13Chonje #Jen 12.7; 22.16; 26.4; Det 9.27; Eb 6.13 èvitè ou yo, Abraram, Izarak ak Izrayèl. Chonje pwomès ou te fè yo. Ou te sèmante sou tèt ou. Ou te di yo: M'ap ban nou pitit pitit ankantite. Y'ap tankou zetwal nan syèl. M'ap bay pitit pitit nou yo tout peyi mwen te di m'ap ban nou an, pou peyi a rele yo chèmèt pou tout tan.
14#2 Sam 24.16; Jer 18.8; Oze 11.8; Jowèl 2.13; Jo 3.10 sa a, Senyè a chanje lide, li pa voye malè sèk li te fè lide voye sou pèp la ankò.
15Moyiz #Egz 31.18; Det 9.15 pran chemen pou l tounen. Li desann sòti nan mòn lan avèk de wòch plat kontra a nan men l. Wòch yo te ekri sou tout kò yo, devan kou dèyè. 16Se Bondye menm ki te travay wòch plat sa yo. Se li menm tou ki te ekri sou yo ak pwòp men li. Se li ki te grave tout lèt ki ekri sou wòch yo.
17Jozye te tande pèp la ki t'ap rele byen fò anba a. Li di Moyiz:
— Pou tout bri mwen tande a, gen gwo goumen nan kan an!
18Men Moyiz reponn li:
— Non! Non! Kalite chante sa a, se pa chante moun ki genyen yon batay ni chante moun ki pèdi batay. Se de gwoup moun k'ap chante: yonn ap reponn lòt.
19Lè Moyiz rive toupre kan an, li wè estati ti towo bèf la ak moun yo ki t'ap danse. Moyiz fè yon sèl kòlè, li voye wòch plat ki te nan men l yo jete. Yo tonbe, y'al kraze an miyèt moso anba pye mòn lan. 20Li pran estati ti towo bèf yo te fè a, li boule l, li kraze l, li fè l tounen pousyè. Li simen pousyè a nan dlo. Lèfini, li fè moun Izrayèl yo bwè dlo a. 21Apre #Jen 20.9 sa li di Arawon:
— Kisa moun sa yo fè ou menm pou ou kite yo fè kalite gwo peche sa a?
22Arawon #Egz 15.24; 16.2,20 reponn li:
— Mèt, tanpri, pa fache sou mwen! Ou menm, ou konnen jan pèp sa a toujou pare pou fè sa ki mal. 23Se yo menm ki di mwen fè bondye pou yo, bondye ki pou mache devan yo paske yo pa konnen sa Moyiz tounen, nonm sa a ki te fè yo soti kite peyi Lejip la. 24Lè sa a, mwen mande kilès nan mitan yo ki gen lò. Tout moun ki te gen lò sou yo ban mwen l. Mwen lage lò a nan dife, epi estati ti towo bèf sa a parèt.
25Moyiz #2 Kwo 28.19 wè pèp la te fin dechennen, paske Arawon te lage brid ba yo, yo te lage kò yo nan sèvi zidòl. Sa fè yo pat anyen ankò devan lènmi yo. 26Moyiz kanpe nan pòtay lakou kan an, li pale byen fò, li di:
— Tout moun ki pou Senyè a, vin jwenn mwen.
Se konsa tout pitit Levi yo vin jwenn li. 27Li #Nonb 25.11; Det 13.6-9; 33.9; Zak 13.3 di yo:
— Men sa Senyè a, li menm ki Bondye pèp Izrayèl la di: Se pou nou chak pran nepe nou, mache nan tout kan an, depi nan pòtay sa a rive jouk lòt bò a. Touye mezi moun ki tonbe anba men nou, kit se frè nou, kit se zanmi nou, osinon vwazinay nou.
28Pitit Levi yo fè sa Moyiz te ba yo lòd fè a. Jou sa a, te gen twamil moun konsa nan pèp la ki te pèdi lavi yo. 29Moyiz di pitit Levi yo:
— Jodi a, ak san pitit gason nou yo ak san frè nou yo, yo fè koule a, nou konsakre nou nèt pou sèvis Senyè a. Se poutèt sa tou Senyè a pa manke ban nou benediksyon li jodi a.
30Nan denmen, Moyiz rele pèp la, li di yo:
— Nou te fè yon gwo peche. Men kounyeya, mwen pral moute sou mòn lan bò kote Senyè a. M'a wè si m ka jwenn padon pou peche nou an.
31Moyiz tounen bò kote Senyè a. Li di l:
— Ou wè gwosè peche pèp la fè. Yo fè yon estati an lò pou sèvi yo bondye. 32Men, #Nonb 14.19; Sòm 69.28; Lik 10.20; Wòm 9.3; Fil 4.3; Rev 3.5 tanpri, padonnen peche yo. Si se pa sa, tanpri efase non m nan liv ou a.
33Senyè a #Eze 18.4,20 reponn Moyiz, li di l:
— Moun ki peche kont mwen an, se non l pou m efase nan liv mwen an. 34Kounyeya, ou #Egz 14.19; Nonb 20.16 mèt ale. W'a mennen pèp la kote mwen te di ou mennen yo a. Chonje byen. Zanj mwen an ap mache devan ou. Men, lè jou a va rive pou m vin fè regleman ak yo a, m'ap pini yo pou peche yo.
35Senyè a te voye yon maladi sou pèp la pou pini l, paske yo te fòse Arawon fè estati yon ti bèf pou yo.

Currently Selected:

Egzòd 32: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in