YouVersion Logo
Search Icon

Egzòd 31

31
Ouvriye batisman kay Bondye a
(Egzòd 35.30—36.1)
1Senyè a pale ak Moyiz, li di l:
2— Mwen #1 Kwo 2.3,20 chwazi Bezaleyèl, pitit Ouri, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a. 3Mwen mete lespri m sou li an kantite pou l ka gen ladrès, bon konprann ak konesans pou l fè tout kalite travay atizan yo konn fè, 4pou l ka fè bèl desen, pou l travay yo an lò, an ajan ak an kwiv, 5pou l travay pyè tankou òfèv yo konn fè a, pou l moute yo sou nenpòt bagay, pou l ka fè desen sou bwa, wi pou l fè tout kalite bon bagay atizan konn fè. 6Nan #Egz 28.3 travay sa a, mwen bay Bezaleyèl yon lòt bòs pou ede l nan travay la: se Owoliyab, pitit Ayisamak, moun branch fanmi Dann. Konsa tou, tout lòt moun nan pèp Izrayèl la n'a wè ki gen ladrès, konnen se mwen menm ki ba yo l pou yo ka fè sa mwen mande ou fè a. 7Men sa mwen te mande ou fè: Tant Randevou a, Bwat Kontra a avèk wòch plat yo, kouvèti ki pou ale sou bwat la ansanm ak tout mèb ki pou ale nan tant lan, 8tab la ak lanp sèt branch an lò a ansanm avèk tout bagay ki pou sèvi avèk yo, lotèl pou boule lansan an, 9lotèl pou boule ofrann yo ak tout bagay ki pou sèvi sou lotèl la, basin lan ak tout pye li a, 10bèl rad seremoni, rad pou Arawon, prèt la, ak pou pitit gason l yo mete sou yo lè y'ap fè sèvis nan tant lan, 11lwil pou konsakre moun pou Bondye a ak lansan santi bon pou kote ki apa pou Bondye a. Lè y'ap fè bagay sa yo, se pou yo fè yo jan mwen te di ou la.
Jou repo a
(Egzòd 35.1-3)
12Senyè a di Moyiz konsa:
13— W'a #Egz 20.8-11; Lev 19.3; Eze 20.12,20 di pèp Izrayèl la: Se pou nou respekte jou repo mwen yo, paske se va yon siy ant mwen menm ak nou menm, ak tout pitit pitit nou yo, pou fè konnen se mwen menm, Senyè a, ki mete nou apa pou mwen. 14Se poutèt sa, se pou nou respekte jou repo a paske se yon jou pou nou konsakre pou mwen. Si yon moun pa respekte jou sa a, se pou yo touye li. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo disparèt li nan mitan pèp li a. 15N'a #Jen 2.2; Egz 20.9,10 fè tout travay nou pandan sis jou. Men setyèm jou a se va yon gwo jou repo, jou n'a konsakre pou Senyè a. Nenpòt moun ki fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye l. 16Se tout pèp la nèt ki pou respekte jou repo a de pitit an pitit. Se yon kontra ki la pou tout tan. 17Sa #Jen 1.31; 2.2; Eb 4.4 va yon siy ant mwen menm ak pèp Izrayèl la, paske mwen menm, Senyè a, mwen te pran sis jou pou m fè syèl la ak latè a. Sou setyèm jou a mwen te sispann travay, mwen te pran repo.
18#Egz 24.12 Senyè a te fin pale konsa ak Moyiz sou mòn Sinayi a, li ba li de wòch plat kote li te ekri kontra a ak pwòp men li.

Currently Selected:

Egzòd 31: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in