YouVersion Logo
Search Icon

Egzòd 34

34
Dezyèm wòch kontra a
(Detewonòm 10.1-5)
1Senyè a di Moyiz konsa:
— Taye #Egz 32.19; Det 10.1,2 de wòch plat tankou de premye yo. M'a ekri sou yo tout pawòl ki te sou prèmye wòch ou te kraze yo. 2Pare ou byen bonè denmen maten. W'a moute sou mòn Sinayi a. Vin jwenn mwen la sou tèt mòn lan. 3Pa kite pèsonn moute avè ou. Pa kite pèsonn parèt sou mòn lan. Ata mouton ak bèf pa pou vin manje twò pre mòn lan.
4Moyiz taye de wòch plat tankou de premye yo. Nan denmen maten byen bonè, li moute sou mòn Sinayi a ak de wòch plat yo nan men l jan Senyè a te ba li lòd la. 5Senyè a #Egz 33.19; Nonb 11.25 desann nan yon nyaj, li kanpe la toupre Moyiz. Li fè l konnen se li menm yo rele Senyè a.
6Senyè a #Ney 9.17; Sòm 86.15; Jowèl 2.13; Wòm 2.4 pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di:
— Senyè a, Senyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li. 7L'ap #Egz 20.5,6; Joz 24.19; Jòb 10.14; Jer 32.18; Na 1.3; 1 Jan 1.9 kenbe pwomès li pou tout tan jouk sou mil jenerasyon, de pitit an pitit. L'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal, sa nou te dwe fè nou pa fè, ak peche nou yo. Men, li pa nan kase fèy kouvri sa. Lè yon moun fè yon peche, l'ap pini pitit li yo, pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon.
8Lamenm, Moyiz prese bese tèt li byen ba jouk atè, li adore Bondye. 9Li #Sòm 33.12; 94.14 di:
— Senyè! Si ou kontan m vre, tanpri, mache avè nou non! Pèp sa a, se yon bann moun ki gen tèt di, se vre. Men, padonnen fòt nou yo ak peche nou yo. Asepte nou pou moun ki rele ou pa ou.
Dezyèm kontra Bondye ak pèp la
(Detewonòm 7.1-11)
10Senyè a #Det 4.32-35; 10.21; Sòm 77.14; 145.6; Eza 64.3 reponn:
— Mwen pral fè yon kontra avèk nou. Devan tout pèp la, mwen pral fè gwo bèl bagay, bèl bagay okenn peyi sou latè ni okenn nasyon poko janm wè. Konsa, tout pèp ki avè ou yo pral wè travay Senyè a ka fè, paske mwen pral sèvi avè ou pou m fè yon bagay estraòdinè. 11Se #Egz 33.2 pou ou swiv tout kòmandman mwen ba ou jòdi a. M'ap mete moun Amori yo deyò, ansanm ak tout moun Kanaran yo, tout moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo, pou yo fè plas pou nou. 12Pran #Egz 23.32,33 prekosyon nou pou nou pa antre nan okenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi kote nou prale a, paske sa ka tounen yon pèlen pou nou. 13Okontrè, #Det 7.5; 2 Wa 18.4 se pou nou kraze lotèl yo, dechouke tout vye wòch moniman yo te kanpe. Koupe tout poto bwa yo te plante pou zidòl yo.
14Nou #Egz 20.3,5 pa fèt pou nou sèvi lòt bondye paske mwen menm, Senyè a, yo rele m Bondye ki fè jalouzi. Mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil. 15Pa #Nonb 25.1,2; 1 Kor 8.4,7,10; 10.27 antre nan okenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi a, paske lè y'ap sèvi bondye yo, lè y'ap touye bèt pou yo, sa y'ap fè a se menm bagay ak fanm k'ap fè jennès. Lè sa a y'a konprann pou yo vin envite nou. Konsa nou ka tonbe nan manje vyann bèt yo te ofri bay zidòl yo. 16Konsa #Det 7.3,4; 1 Wa 11.2 konsa, yon lè n'a pran pitit fi moun sa yo pou madanm pitit gason nou yo. Lè pitit fi yo menm va lage kò yo nan sèvis lòt bondye yo, yo ka pran tèt pitit gason nou yo, fè yo vire do ban mwen pou y'al sèvi bondye pa yo a, tankou lè yon nonm kite madanm li pou l'al dèyè lòt fanm.
17Piga #Lev 19.4 ou janm fonn metal pou fè estati ki pou sèvi ou bondye.
18Se #Egz 12.15; 13.4 pou ou toujou fete fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nan mwa mas avril la, nou va manje pen san ledven jan mwen te ban nou lòd la. Paske se nan mwa sa a nou te soti kite peyi Lejip.
19Tout #Egz 13.2; Lik 2.23 premye pitit gason se pou mwen yo ye. Konsa tou, tout bèt, kit se bèf, kit se mouton, kit se kabrit, premye pitit mal yo fè, se pou mwen yo ye tou. 20Men, #Egz 13.13; 23.15; Det 16.16 lè yon manman bourik fè premye pitit mal li, nou ka achte l nan men m. N'a ban mwen yon mouton pou li. Si nou pa vle peye pou li, se pou nou kase kou l. Konsa tou, nou va achte nan men m tout premye pitit gason gason nou yo va fè. N'a ban mwen kichòy pou yo. Piga pèsonn janm parèt devan mwen de men l vid.
21W'a #Egz 20.9; Det 5.13 travay sis jou. Men setyèm jou a, se pou ou sispann travay, te mèt nan sezon plante osinon nan sezon rekòt.
22W'a #Egz 23.16 fete fèt Senmenn yo, fèt premye grap ble ou koupe lè rekòt la. Lèfini, nan fen lanne a w'a fete fèt Rekòt la.
23Twa #Egz 23.17 fwa chak lanne, tout gason ki nan mitan nou gen pou parèt devan mwen, Senyè sel Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. 24#Det 7.1; 19.8; Sòm 78.55; 80.8; Pwo 16.7 m'a fin mete lòt nasyon yo deyò pou fè plas pou nou, lè m'a fin laji teritwa nou an, pèsonn p'ap gen lanbisyon pou yo seye vin pran peyi a nan men nou lè n'a moute chak lanne pou parèt devan mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, pou fete twa fèt sa yo.
25#Egz 12.10; 23.18 n'ap touye yon bèt pou ofri l ban mwen, piga nou janm sèvi ak pen ki fèt ak ledven. Lè fèt Delivrans lan menm, piga nou kite okenn vyann bèt yo touye pou fèt la rete pou denmen maten.
26N'a #Egz 23.19; Pwo 3.9 pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou yo, n'a pote yo bay Senyè a, Senyè nou an, lakay li. Piga ou janm kwit yon ti mouton nan lèt manman l.
27Senyè a #Egz 34.10 di Moyiz ankò:
— Ekri tout pawòl sa yo, paske se dapre pawòl sa yo m'ap siyen kontra m lan avè ou ansanm avèk pèp Izrayèl la.
28Moyiz #Egz 34.1; Det 10.2,4 te rete la avèk Senyè a pandan karant jou karant nwit. Li pase tout jou sa yo san manje san bwè. Li te ekri tout pawòl kontra a sou wòch plat yo. Se te dis kòmandman yo.
Moyiz desann Mòn Sinayi a
29#Mat 17.2; 2 Kor 3.7 Moyiz desann sòti sou mòn Sinayi a, li t'ap pote de wòch plat yo nan men l. Men, gen yon bagay li pat konnen. Lè li t'ap pale ak Senyè a, figi l te vin klere byen bèl. 30Arawon ak tout pèp la t'ap gade Moyiz, yo we jan figi l te klere, yo te pè pwoche bò kote l. 31Men Moyiz rele yo. Arawon vin jwenn li ansanm ak tout chèf pèp la. Moyiz pale ak yo. 32Apre #Egz 24.3 sa, tout res pèp Izrayèl la pwoche, epi Moyiz ba yo tout lòd li te resevwa nan men Senyè a sou mòn Sinayi a. 33#2 Kor 3.13 Moyiz fin pale ak yo, li kouvri figi l ak yon twal. 34Chak fwa Moyiz antre nan tant lan devan Senyè a pou pale avè l, li toujou wete twal la jouk li sòti deyò ankò. Lè l sòti, li rakonte pèp Izrayèl la tou sa Senyè a te ba li lòd di yo. 35Lè konsa, moun pèp Izrayèl yo gade, yo wè figi Moyiz te klere byen bèl. Apre sa, Moyiz remete twal la sou figi l ankò, pou jouk lè li antre ankò pou l pale ak Senyè a.

Currently Selected:

Egzòd 34: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in