YouVersion Logo
Search Icon

Egzòd 1

1
Move tretman pèp Izrayèl nan peyi Lejip
1Men non pitit Jakòb yo ki te desann avè l nan peyi Lejip ansanm ak tout #Jen 35.23-26 fanmi yo: 2Se te Riben, Simeyon, Levi epi Jida, 3Isaka, Zabilon epi Benjamen, 4Dann ak Nèftali, Gad ak Asè. 5Sa #Jen 46.27; Det 10.22 te fè antou swasanndis moun nan ras Jakòb la. Jozèf menm te deja nan peyi Lejip la. 6Apre #Jen 50.26; Tra 7.15 sa, Jozèf mouri. Tout frè li yo mouri tou ansanm ak tout moun menm jenerasyon ak yo. 7Men #Jen 46.3; Det 26.5; Tra 7.17 pèp Izrayèl la te fè anpil pitit. Yo te peple. Yo te vin anpil. Yo te vin yon fòs nan peyi a.
8Te #Tra 7.18 gen yon wa lòt fanmi ki vin ap gouvènen peyi Lejip. Wa sa a pa te konnen anyen sou Jozèf. 9Li #Sòm 105.24 di pèp li a konsa:
— Gade! Pèp Izrayèl la vin pi plis pase nou. Yo vin gen plis fòs pase nou. 10Tande #Sòm 83.3,4; 105.25; Tra 7.19 non! Fòk nou jwenn yon jan wi pou nou bat ak moun sa yo, pou yo pa vin pi plis toujou. Paske si, yon jou, lagè pete la a, yo ka mete ak lènmi nou pou yo bat nou. Apre sa, y'a pati kite peyi a.
11Se #Jen 15.13; 47.11; Egz 2.11; 5.4,5; 6.6,7; Det 26.6; Sòm 81.6 konsa yo mete kèk chèf sou pèp Izrayèl la pou kraze kouray yo, pou fè yo fè kòve travo fòse san pran souf. Moun pèp Izrayèl yo bati lavil Piton ak Ranmsès pou farawon an. Se nan lavil sa yo yo te fè depo manje. 12Men, #Nonb 22.3 tank moun Lejip yo t'ap peze moun pèp Izrayèl yo, se tank tou yo t'ap fè pitit, se tank yo t'ap peple. Sa te vin fè moun Lejip yo soti pè moun pèp Izrayèl yo. 13Se konsa, yo fè pèp Izrayèl la tounen esklav. 14Yo #Egz 2.23; 6.9; Nonb 20.15; Tra 7.19 rann yo lavi minab. Yo fè yo travay rèd rèd ap bat mòtye, ap fè tout kalite kòve nan jaden. Yo bat yo, yo fòse yo fè tout kalite travay.
15Lè sa a, te gen de fanmchay ki te konn akouche medam ebre yo. Yonn te rele Chifra, lòt la te rele Pwa. Wa Lejip la rele yo, 16li di yo:
— Lè n'ap akouche medanm ebre yo, lè yo sou choukèt, louvri je nou. Si pitit la se yon gason, touye l. Men si se yon fi, kite l viv.
17Men, #Pwo 16.6; Da 6.13; Tra 5.29 fanmchay yo te gen krentif pou Bondye. Yo pat fe sa wa Lejip la te ba yo lòd fè a. Yo te kite ti gason yo viv tou. 18Lè sa a, wa a fè rele fanmchay yo, li mande yo:
— Poukisa nou fè sa? Apa nou kite ti gason yo viv tou?
19Medam yo reponn:
— Fanm ebre sa yo pa tankou fanm Lejip yo non. Yo gen kouray sou yo wi. Anvan fanmchay la rive, yo gentan akouche.
20Bondye #Ekl 8.12; Eza 3.10 te beni fanmchay yo. Moun pèp Izrayèl yo menm t'ap vin pi plis toujou. Yo t'ap pran plis fòs toujou nan peyi a. 21Paske #1 Sam 2.35; 2 Sam 7.11,27; 1 Wa 2.24; 11.38 fanmchay yo te gen krentif pou Bondye, Bondye te ba yo anpil pitit. 22#Tra 7.19 sa a, farawon an bay pèp li a lòd sa a:
— Se pou nou jete tout ti gason ki fèt lakay moun ebre yo nan gwo larivyè a. Men kite tout ti fi yo viv.

Currently Selected:

Egzòd 1: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in