YouVersion Logo
Search Icon

Egzòd (Liv Delivrans lan)

(Liv Delivrans lan)
Liv sa a rele konsa paske li rakonte pi gwo levènman ki make istwa moun peyi Izrayèl la, lè yo delivre, yo sòti kite peyi Lejip kote yo te tounen esklav la. Se Bondye menm ki te chwazi yon nèg yo rele Moyiz, li te fè li rekonèt li, li te voye l ale delivre pèp li a anba esklavite kote yo te ye a pou l te mennen yo nan peyi Kanaran, peyi li te pwomèt l'ap bay zansèt yo a. Kifè, kote ou pase nan liv la, ou jwenn non Moyiz sa a.
Istwa sa a fè nou wè kouman Bondye te pran yon bann esklav, li te delivre yo nan chenn kote yo te ye a, li fè yo tounen yon nasyon apa ki p'ap janm pèdi espwa nan yon denmen ki pi bon. Antan yo te nan dezè a, li pase yon kontra ak yo, menm kontra li te pase ak zansèt yo nan tan lontan. Lèfini, li ba yo lòd ak regleman pou yo swiv nan tou sa y'ap fè nan lavi y'ap mennen tankou pèp Bondye chwazi pou rele l pa l la.
Liv la ka separe fè twa pòsyon. Nan premye pòsyon liv la (chapit 1-18), nou jwenn istwa pèp Izrayèl la ki tounen esklav nan peyi Lejip ak istwa konmansman lavi Moyiz, depi lè li fèt, jan Bondye rele l nan dezè a, jan li fè faskare ak farawon an, jouk li rive nan pye mòn Sinayi a ak pèp la ki te sòti kite peyi Lejip. Nan dezyèm pòsyon liv la, (chapit 19-24) se la Bondye bay kondisyon kontra l'ap pase ak pèp la ansanm ak tout kalite prensip pou regle lavi chak moun, rapò yo yonn ak lòt nan sosyete a ak jan pou yo sèvi l. Se nan pòsyon sa a nou jwenn dis kòmandman yo (chapit 20).
Nan twazyèm pòsyon an, nou wè ki jan pèp la bati yon gwo tant kote pou yo fè sèvis pou Bondye. Se la yo te mete de wòch kontra yo.
Men plan liv la
1. Pèp Izrayèl la delivre anba men moun peyi Lejip yo (1.1—15.21)
a. Yo tounen esklav nan peyi Lejip (1)
b. Moyiz fèt, li grandi lakay farawon an (2—4)
c. Moyiz ak Arawon fè faskare ak farawon an (5—11)
d. Fèt Delivrans lan, pèp la kite peyi Lejip (12.1—15.21)
2. Vwayaj pèp Izrayèl la depi lanmè Wozo yo rive nan pye mòn Sinayi a (15.22—18.27)
3. Bondye bay kontra a ak kòmandman li yo (19—24)
4. Tant Randevou a, ak divès sèvis pou yo fè ladan l pou Bondye (25—40)

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in