YouVersion Logo
Search Icon

Egzòd 2

2
Ti Moyiz fèk chape anba lanmò
1Yon nonm nan branch fanmi Levi a te marye ak yon fi nan menm branch #Egz 6.20; Nonb 26.59 fanmi an. 2Madanm #Tra 7.20; Eb 11.23 li vin ansent, li fè yon pitit gason. Lè li wè jan ti pitit la te bèl, li kache l pandan twa mwa. 3Men, li pat kapab kache l pi lontan pase sa. Se konsa, li pran yon panyen jon, li badijonnen l byen badijonnen ak goudwon ansanm ak gonm bwapen. Li mete ti pitit la ladan l. Lèfini, li mete panyen an ak tout pitit la ladan l nan mitan yon touf wozo, sou bò gwo larivyè a. 4#Egz 15.20; Nonb 26.59 ti pitit la menm te rete kanpe yon ti distans pou l wè sa k ta pral rive pitit la.
5Pitit fi farawon an desann bò gwo larivyè a pou l'al benyen. Medam ki te avè l yo t'ap mache bò larivyè a. Fi farawon an wè panyen an nan mitan touf wozo yo. Li voye sèvant li a al pran l. 6Li louvri panyen an, li wè ti pitit la: se te yon ti gason ki t'ap kriye. Kè l fè l mal pou li. Li di:
— Se yonn nan timoun ebre yo.
7Lè sa a, sè ti gason an pwoche, li di pitit fi farawon an:
— Eske ou vle m'al chache yon nouris pou ou nan mitan medam ebre yo pou bay ti pitit la tete pou ou?
8Fi Farawon an di li:
— Ale non.
Ti fi a al chache manman ti pitit la. 9Fi farawon an di manman an konsa:
— Pran ti pitit sa a, mete l nan tete pou mwen. M'a peye ou pou sa.
Madanm lan pran ti pitit la, li ba l tete. 10#Tra 7.21 ti gason an vin gran ti bway, li mennen l bay fi farawon an ki adopte l pou pitit li. Lè sa a, fi farawon an di:
— Se nan dlo mwen wete l.
Se konsa, li rele l Moyiz. #2.10: Moyiz: Non sa a sonnen tankou yon lòt mo ebre ki vle di wete nan, delivre. Men se ka yon mo nan lang peyi Lejip la ki vle di fèt. Nou jwenn rasin mo sa a nan lòt mo nan lang peyi Lejip la tankou Toutmozis, Ranmsès.
Moyiz kache nan peyi Madyan
11#Tra 7.23; Eb 11.24 sa a, Moyiz te gentan majè. Yon jou, li soti pou l'al vizite moun pèp Izrayèl parèy li yo. Li wè jan yo t'ap fè yo travay di. Li wè yon moun ejipsyen ki t'ap bimen yon ebre anba kou, yonn nan moun parèy li yo. 12Li #Tra 7.24 voye je l adwat, li voye je l agòch, li pa wè pèsonn. Li touye moun pèyi Lejip la, li fouye yon twou nan sab la, li kache kadav la. 13Nan #Lik 12.14; Tra 7.26-28 denmen, li sòti ankò, li wè de ebre ki t'ap goumen. Li di sa ki te antò a:
— Poukisa w'ap maltrete moun menm ras ak ou konsa?
14Men, nonm lan reponn li:
— Kilès ki mete ou chèf pou kòmande nou? Gen lè ou vle touye m menm jan ou te touye moun peyi Lejip la?
Moyiz vin pè, li di nan kè l:
— Aa! Gen moun ki konnen sa m te fè a!
15Farawon #Jen 24.11; Tra 7.29 an pran nouvèl sa k te pase. Li t'ap chache Moyiz pou touye l. Men Moyiz chape kò l anba men l, l'al rete nan peyi Madyan. Rive la, li chita bò yon pi.
16Prèt #Jen 29.2; Egz 3.1; 1 Sam 9.11 peyi Madyan an te gen sèt pitit fi. Yo te vin tire dlo plen veso yo pou bay mouton papa yo bwè. 17Men, #Jen 29.10 kèk lòt gadò mouton vin rive, yo kouri dèyè medam yo. Moyiz leve, li pran defans yo, epi li bay mouton medam yo bwè. 18#Nonb 10.29 medam yo tounen lakay Reouyèl, papa yo, li mande yo:
— Ki jan nou fè tounen vit konsa jòdi a?
19Yo reponn li:
— Se yon moun peyi Lejip ki te delivre nou anba men gadò mouton yo. Apre sa, se li menm ankò ki tire dlo pou nou bay bèt yo bwè.
20Reyouwèl #Jen 31.54 mande pitit fi li yo:
— Kote msye? Poukisa nou kite li laba a? Al rele li vin pran kichòy ak nou.
21Moyiz te dakò pou li te rete lakay nonm sa a. Reyouwèl bay Moyiz Sefora, yonn nan fi li yo, pou madanm. 22Sefora #Egz 18.3; Tra 7.29 fè yon tigason. Lè sa a, Moyiz di:
— Se moun vini mwen ye nan peyi sa a.
Se rezon sa a ki fè li rele pitit la Gèchon, ki vle di: Moun vini.
23Lontan #Egz 3.9; 7.7; Det 26.7 apre sa, wa Lejip la mouri. Pèp Izrayèl la t'ap plenn pi rèd anba esklavaj. Yo t'ap rele gras mizèrikòd. Bondye te tande jan yo t'ap rele, jan yo t'ap plenn anba esklavaj la. 24Bondye #Jen 28.13; Egz 6.5; Sòm 105.42 tande rèl yo, li vin chonje kontra li te pase ak Abraram ak Izarak epi ak Jakòb. 25Bondye #Egz 3.7; 4.31; Lik 1.25 te wè nan ki sitirasyon moun pèp Izrayèl yo ye, li pran kòz yo nan men l.

Currently Selected:

Egzòd 2: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in