YouVersion Logo
Search Icon

2 Tesalonisyen 2

2
Mechan an
1Ann konsidere lè Jezikri, Senyè nou an, #1 Tes 4.13-17 va parèt pou l sanble nou ansanm bò kote li. Frè m yo, men sa m'ap mande nou: 2Pa bay moun jwen pou jwe nan lòlòj nou jan yo vle. Ni pa kite yo fè nou pèdi tèt nou ak okenn mesaj ki ta swadizan soti nan Bondye. Ni tou, pa kwè nan okenn bèl diskou, ni okenn lèt mwen ta swadizan ekri nou. Tou sa, kòmkidire jou Senyè a rive deja!
3Pa #1 Tim 4.1; Jan 17.12; 1 Jan 2.18; 4.3 kite moun woule nou okenn jan. Paske, anvan jou sa a rive, ap gen yon dènye leve kanpe jeneral k'ap fèt kont Bondye. Nou gen pou nou wè Mechanste a anpèsonn ki deja kondannen pou disparèt la vini anvan. 4Mechan #Da 11.36; Eze 28.2 an ap kanpe. L'ap pran pozisyon kont tout bagay lèzòm ap sèvi ak tout bagay lèzòm konsidere kòm bondye. Mechan an ap fofile toupatou, jouk l'a rive antre nan Tanp Bondye a. L'a chita, l'a fè tèt li pase pou Bondye.
5Nou pa chonje mwen te di nou sa lè m te lakay nou toujou? 6Men, gen yon bagay k'ap anpeche levènman sa yo rive kounyeya. Nou konnen kisa li ye: Se sa k fè, mechan an p'ap parèt anvan lè li. 7Wi, #Tra 20.29 pouvwa mechan an deja ap travay anbachal. Men, anvan pou levènman sa a rive, se pou moun k'ap ba li baryè a disparèt. 8#Eza 11.4; Jòb 4.9; Rev 19.15,20 sa a, mechan an va parèt. Senyè Jezi va soufle ak bouch li sou li, l'a touye li. L'ap annik parèt nan tout pouvwa li pou l fini nèt ak li. 9Mechan #Mat 24.24; Rev 13.11-13 an va vini ak tout pouvwa Satan an. Li va fè anpil mirak, anpil mèvèy ak anpil gwo siy pou bay manti. 10Li #2 Kor 2.15; 4.3 va fè tout kalite bagay mal pou twonpe moun k'ap pèdi tèt yo. Y'ap pèdi tèt yo paske yo pa asepte verite ki pou ta sove yo a, yo pa renmen li. 11Se #2 Tim 4.4 poutèt sa, Bondye ap voye yon pouvwa k'ap travay pou egare yo pi rèd, pou yo sa kwè nan manti. 12Konsa, tout moun ki p'ap kwè nan verite a, ki te pran plezi yo nan fè lenjistis, yo tout pral kondannen.
Bondye chwazi nou pou nou delivre
13Se #Ef 1.4; Det 33.12; 1 Tes 2.13; 4.7 yon devwa pou mwen pou m pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè m yo, nou menm Senyè a renmen. Paske, Bondye chwazi nou pou nou ka premye moun ki pou delivre, gremesi pouvwa Sentespri ki fè nou tounen moun pa l, paske nou kwè nan verite a. 14Gremesi #1 Tes 4.7; 5.9 bòn nouvèl mwen te anonse nou an, Bondye chwazi nou pou nou ka resevwa pa nou nan lwanj ki pou Jezikri, Senyè nou an. 15Se sa ki fè, frè m yo, se pou nou kenbe fèm. Pa bliye tou sa nou te aprann nan bouch mwen ak nan lèt mwen an.
16M'ap #1 Tes 3.11-13 lapriyè Jezikri, Senyè nou an, ansanm ak Bondye, Papa nou ki renmen nou, ki fè nou favè, ki ban nou yon kouray ki p'ap janm febli ansanm ak yon bèl espwa. 17M'ap mande yo pou yo fòtifye kè nou, pou yo ban nou fòs kouray pou nou fè tou sa ki byen, pou nou di tou sa ki byen.

Currently Selected:

2 Tesalonisyen 2: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy