YouVersion Logo
Search Icon

2 Tesalonisyen 3

3
Lapriyè pou mwen
1Pou fini, frè m yo, lapriyè pou mwen #Kol 4.3; 1 Tes 5.25 pou pawòl Senyè a ka kontinye gaye toupatou byen vit, pou li resevwa lwanj tankou sa te fèt pami nou. 2Lapriyè tou pou Bondye ka delivre m anba move moun yo, mechan sa yo. Paske, se pa tout moun ki asepte kwè.
3Men, #1 Tes 5.24 Bondye ap toujou kenbe pawòl li. L'ap ban nou fòs, l'a pwoteje nou anba Satan. 4Senyè a #1 Tes 4.10; Gal 5.10; 2 Kor 7.16 fè m gen konfyans nan nou: li ban m lasirans n'ap fè sa m te mande nou fè a, epi n'ap toujou kontinye fè l tou.
5Mwen mande Senyè a pou l dirije kè nou pou nou ka renmen Bondye, pou nou ka gen pasyans tankou Kris la.
Tout moun fèt pou travay
6Frè m #Mat 18.17; Wòm 16.17; 1 Tes 5.14; 4.1 yo, men sa m'ap mande nou nan non Jezikri, Senyè a: Pran distans nou ak tout frè k'ap fè parese, ki p'ap konfòme yo ak sa m te moutre nou. 7Nou #Fil 3.17; 1 Tes 2.1; 1.6 menm, nou konnen sa pou nou fè pou nou ka swiv egzanp mwen ban nou. Mwen pat fè parese lè m te nan mitan nou. 8Mwen #1 Kor 4.12; 1 Tes 2.9 pat kite pèsonn ban m manje pou gremesi. Okontrè, mwen te travay di, mwen te fatige kò mwen anpil, lajounen kou lannwit, pou m pat sou kont nou yonn. 9Se #Mat 10.10; 1 Kor 4.16; 1 Tes 1.6,7 pa paske mwen pat gendwa resevwa anyen nan men pèsonn ki fè m te fè sa. Non. Se paske mwen te vle ban nou yon egzanp pou nou te swiv. 10Nou #Jen 3.19; 1 Tes 3.4; 4.11 chonje lè m te lakay nou, mwen te di nou: moun ki pa travay pa gendwa manje nonplis.
11M'ap #1 Tes 5.14 pale konsa ak nou paske m pran nouvèl gen kèk moun nan mitan nou k'ap fè parese, ki pa vle fè lòt bagay pase foure bouch yo nan zafè lòt moun. 12Men #1 Tes 4.11 sa m'ap voye di moun sa yo: Nan non Jezikri, Senyè a, m'ap mande nou pou nou travay nan lòd, pou nou manje swe kouray nou.
13Pou #Gal 6.9 nou menm, frè m yo, pa janm bouke fè sa ki byen. 14Si #1 Kor 5.9,11 yon moun pa swiv lòd mwen bay nan lèt sa a, make li. Piga pèsonn gen okenn rapò avè l, pou l sa wont. 15Men, #1 Tes 5.13,14 se pa poutèt sa pou nou fè lènmi avè li. Okontrè, pale avè l tankou yon frè.
Benediksyon
16Mwen #1 Tes 5.23 mande Senyè a ki konn bay kè poze, pou li fè kè nou poze tout tan, tout jan, pou li toujou la avèk nou tout.
17Se #1 Kor 16.21 mwen menm Pòl k'ap ekri mo sa yo: mwen voye bonjou pou nou tout. Se konsa mwen siyen tout lèt mwen yo, se konsa mwen toujou ekri.
18Se pou benediksyon Jezikri, Senyè nou an, toujou la avèk nou tout.

Currently Selected:

2 Tesalonisyen 3: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy