YouVersion Logo
Search Icon

2 Tesalonisyen 1

1
Salitasyon
1Mwen menm Pòl, ansanm ak Silven ak Timote, #1 Tes 1.1 m'ap ekri lèt sa a voye bay manm legliz nan lavil Tesalonik k'ap viv ansanm nan Bondye, Papa a, ak Jezikri, Senyè nou an.
2Mwen #Wòm 1.7 mande pou Bondye, Papa a, ak Jezikri, Senyè nou an, ban nou benediksyon ak kè poze.
Jijman ki pou fèt lè Kris vini
3Se #1 Tes 1.2,3; 2 Tes 2.13 yon devwa pou nou pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè mwen yo. Wi, se devwa nou pou nou fè li vre. Paske konfyans nou nan Bondye ap grandi anpil. Renmen nou gen yonn pou lòt la ap grandi plis toujou tou. 4Se #2 Kor 7.4; Rev 1.9; 1 Tes 2.19; 3.2,7 sa k fè, sa fè m plezi pou m nonmen non nou nan tout legliz Bondye yo, pou jan nou gen pasyans, jan nou kenbe konfyans nou fèm nan Bondye nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans k'ap tonbe sou nou.
5Sa #1 Tes 2.12; Fil 1.28; Lik 20.35 fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l'ap jije. Paske, avèk tou sa n'ap sipòte kounyeya, n'ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa. 6Paske, #Rev 18.6,7; Wòm 12.19 Bondye gen pou fè sa ki byen: Bondye va gen rezon lè la fè moun k'ap fè nou soufri yo soufri tou. 7Kanta #Mat 25.31; 1 Tes 3.13; 4.16 pou nou menm k'ap soufri kounyeya, l'a ban nou repo ansanm avè m lè Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa. 8L'a #Wòm 2.8; Eza 66.15; Jer 10.25; Sòm 79.6; 1 Pyè 4.17 parèt nan mitan gwo flanm dife pou pini tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p'ap mache dapre bòn nouvèl ki pale sou Jezi, Senyè nou an. 9Chatiman #Eza 2.10,19,21 moun sa yo, se disparèt y'ap disparèt yo pou tout tan. Y'ap wete yo devan Senyè a, y'ap voye yo jete byen lwen pou yo pa janm resevwa pa yo nan pouvwa Senyè a ak nan lwanj y'ap fè pou li a. 10Jou #1 Tes 3.13; Kol 3.4; Sòm 89.7; 69.36; Eza 49.3; 2.11,17 sa a, Senyè a va parèt pou li resevwa lwanj nan men tout moun pa li yo. Tout moun ki mete konfyans yo nan li va kontan wè li. Nou menm tou, n'a wè li, paske nou asepte mesaj mwen te fè nou konnen an.
11Se #1 Tes 1.2,3 poutèt sa, mwen p'ap janm sispann lapriyè pou nou. M'ap mande Bondye pou l ede nou pou nou viv yon jan ki dakò ak lavi li mande nou pou nou viv la. M'ap mande l pou li ban nou pouvwa li, pou nou ka fè tout byen nou vle fè, pou nou fin reyalize nèt travay n'ap fè ak konfyans nan Bondye. 12Konsa, #Eza 24.15; 66.5; Mal 1.11 tout moun va fè lwanj non Jezi a poutèt nou. Nou menm tou, y'a fè lwanj nou poutèt li, gremesi favè Bondye nou an ansanm ak Jezikri, Senyè a, fè nou.

Currently Selected:

2 Tesalonisyen 1: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy