YouVersion Logo
Search Icon

2 Samyèl 7

7
Benediksyon David ak tout fanmi l
(1 Kwonik 17.1-15)
1Wa David te byen chita nan palè li. #1 Kwo 17.1-27 Senyè a #Det 12.10; 25.19; 1 Wa 5.4 te pwoteje l, li te fè tout lènmi ki te alantou peyi a pa chache l kont ankò.
2Wa a #Egz 26.1; 2 Sam 5.11; 6.17; 12.1; 1 Wa 1.8 pale ak pwofèt Natan, li di l konsa:
— Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bwa sèd, men Bwat Kontra Senyè a se anba yon kay twal li ye.
3Natan #1 Wa 8.17,18; 1 Kwo 22.7; 28.2; Tra 7.46 reponn li:
— Tou sa ou gen lide fè, ou mèt fè l, paske Senyè a kanpe la avè ou.
4Men, menm jou lannwit sa a, Senyè a pale ak Natan, li di l konsa:
5— Ale #1 Wa 8.16,27; Eza 66.1; Tra 7.48 di David, sèvitè m lan, men sa mwen menm Senyè a, mwen voye di l: Se pa ou menm ki pral bati yon tanp pou m rete. 6Depi #Egz 40.18,19,21,34; 1 Wa 8.16 jou mwen te fè moun pèp Izrayèl yo sòti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen pa janm rete nan yon kay. Tout kote m pase se anba yon tant twal mwen toujou ye. 7Nan #Lev 26.11,12; Det 23.14; 2 Sam 5.2 tout deplase mwen ansanm ak moun Izrayèl yo, mwen pa janm mande yonn nan chèf mwen te chwazi pou gouvènen pèp mwen an #7.7: chèf mwen te chwazi pou gouvènen pèp mwen an: Tèks ebre a bay branch fanmi pèp mwen an ase. poukisa yo pa bati yon kay an bwa sèd pou mwen.
8Kounyeya, men #1 Sam 16.11; Sòm 78.70 sa w'a di David, sèvitè m lan: Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Se mwen menm ki te pran ou dèyè mouton ou t'ap gade nan savann yo, mwen mete ou chèf pèp mwen an. 9Nan #1 Sam 18.14; 2 Sam 5.10; 8.6,14; Sòm 89.27 tou sa ou t'ap fè, mwen te kanpe la avè ou. Mwen kraze tout lènmi ou yo devan ou. Mwen pral fè yo nonmen non ou tankou y'ap nonmen non pi gwo chèf ki sou latè. 10Lèfini, #2 Wa 21.8; Sòm 89.22 mwen pare yon kote pou pèp Izrayèl mwen an. Mwen pral tabli yo la pou yo ka viv san yo pa bezwen pè anyen ankò. Mechan yo p'ap vin maltrete yo ankò jan yo te konn fè l anvan an, 11#Jij 2.14-16; 1 Sam 2.35; 2 Sam 7.1,27; 1 Wa 11.38 mwen te mete jij yo pou gouvènen pèp Izrayèl mwen an. M'ap delivre ou anba men tout lènmi ou yo. Mwen te fè ou konnen m'ap ba ou pitit ak pitit pitit. 12#1 Wa 1.21; 2.10; 8.20; Sòm 132.11; Lik 1.32; Tra 2.30; 13.23,36; Wòm 1.3 lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l lan kanpe fèm. 13Se #1 Wa 5.5; 8.19; 1 Kwo 22.10; Sòm 89.4,29,36,37 li menm ki va bati yon tanp pou mwen. M'ap fè gouvènman l lan kanpe fèm pou tout tan. 14M'ap #Sòm 89.26,27,32,33; Eb 1.5 yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Si li fè sa ki mal, m'ap korije l tankou yon papa korije pitit gason li. 15Men, #1 Sam 13.14; 15.23,28; 1 Wa 11.13,34 m'ap toujou soutni l, mwen p'ap lage l jan mwen te lage Sayil lè mwen te kite l tonbe pou m te mete ou nan plas li. 16Ap #2 Sam 23.5; Sòm 89.36,37; Lik 1.32,33 toujou gen moun nan fanmi ou chita sou fòtèy la ap gouvènen apre ou, paske m'ap fè gouvènman fanmi ou lan kanpe fèm pou tout tan.
17Natan rakonte David tou sa Bondye te fè l konnen nan vizyon an.
Lapriyè David pou di Bondye mèsi
(1 Kwonik 17.16-27)
18Apre #Jen 32.10; 1 Sam 9.21; 18.18 sa, wa David ale nan tanp lan, li chita devan Senyè a, li di l konsa:
— Senyè, Bondye sèl Mèt la, kisa mwen ye, kisa fanmi mwen ye pou ou te fè tou sa ou deja fè pou nou? 19Men #2 Sam 7.12,13 ou wè sa pa kont toujou, Senyè, Bondye sèl Mèt la, kifè kounyeya w'ap fè konnen sa ki pral rive fanmi mwen denmen nan lanne k'ap vini yo. Epi ou fè m konn sa, mwen menm ki yon senp moun, Senyè, Bondye sèl Mèt la! 20Kisa mwen menm David, mwen ka di ou, Senyè, apre sa? Ou konnen ki moun mwen ye, mwen menm k'ap sèvi ou la. 21Se paske ou te fè pwomès la, se paske ou te vle l konsa, kifè ou te fè tout bèl bagay sa yo pou ou te fè m konnen yo. 22Senyè, #Egz 15.11; Det 3.24; 2 Kwo 2.5; Sòm 44.1; 86.8,10; 89.6,8; 96.4; 135.5; Eza 45.5; Jer 10.6; 1 Kor 8.5,6 Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou la gwo! Pa gen tankou ou! Pa gen lòt Bondye pase ou menm! Yo te toujou di nou sa. 23Pa #Det 4.7,34; 9.26; 10.21; 33.29; Ney 1.10; Sòm 147.20 gen lòt nasyon sou latè tankou pèp Izrayèl la! Se ou menm ki delivre yo pou yo te ka tounen yon pèp ki rele ou pa ou. Se pou yo ase ou fè sa. Toupatou sou latè, y'ap nonmen non ou yo pou gwo mirak ak bèl bagay ou fè pou yo. Ou mete lòt nasyon deyò nan peyi ou la ansanm ak bondye yo pou fè plas pou pèp ou, pèp ou te delivre anba pouvwa pèp peyi Lejip la, pou yo te ka tounen pèp pa ou. 24Ou #Egz 6.7; Det 26.18 fè pèp Izrayèl la tounen pèp pa ou pou tout tan, ou menm ou tounen Bondye yo.
25Kounyeya, Senyè, Bondye, se pou ou kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la ansanm ak fanmi li an. Se pou ou fè sa ou di w'ap fè a. 26Toupatou sou latè y'a toujou rekonèt jan ou gen pouvwa. Y'a di se Senyè ki gen tout pouvwa a ki Bondye pèp Izrayèl la. Konsa, gouvènman ki nan men fanmi David, sèvitè ou la, va kanpe fèm pou tout tan anba pwoteksyon ou. 27Senyè #2 Sam 7.11 ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, se ou menm ki te fè m konnen tou sa. Ou te di m, mwen menm sèvitè ou la, w'ap ban mwen yon fanmi, lèfini w'ap fè baton gouvènman an toujou rete nan men fanmi mwen. Se poutèt sa mwen gen kouray fè lapriyè sa a nan pye ou.
28Kounyeya, Senyè #Nonb 23.19; Jan 17.17 sèl Mèt, se ou ki Bondye tout bon an. Ou toujou kenbe pwomès ou yo. Gade bèl pawòl kè kontan ou di sèvitè ou la! 29Tanpri, #Sòm 89.28,29 beni tout fanmi mwen apre mwen pou yo ka toujou anba pwoteksyon ou. Wi, Senyè sèl Mèt, ou te pwomèt mwen sa. Se pou ou toujou voye benediksyon ou sou fanmi mwen.

Currently Selected:

2 Samyèl 7: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy