YouVersion Logo
Search Icon

2 Samyèl 6

6
David fè lide pote Bwat Kontra a Jerizalèm
(1 Kwonik 13)
1Yon lòt fwa ankò, David reyini tout pi #1 Kwo 13.6-14 bon sòlda pèp Izrayèl la. Sa te fè antou trantmil (30.000) gason. 2Li #Nonb 10.33,35; Joz 15.9; 1 Sam 4.4; 2 Kwo 1.4 leve, li pati pou Balat nan peyi Jida ansanm ak tout sòlda ki te avè l yo. Li ta pral chache Bwat Kontra Bondye a, bwat ki pote non Senyè ki gen tout pouvwa a, Senyè ki gen fòtèy li anwo zanj cheriben yo. 3Yo #1 Sam 6.7; 7.1 pran Bwat la kay Abinadab sou mòn lan, mete l sou yon kabwa tou nèf, yo pote l ale. Ouza ak Akiyo, pitit gason Abinadab yo, t'ap mennen kabwa 4kote yo te mete Bwat Kontra Bondye a. Akiyo t'ap mache devan kabwa a. 5David #Sòm 68.25; 150.3-5 ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo menm t'ap danse ak tout nanm yo. Yo t'ap chante fè lwanj Senyè a. Yo t'ap jwe gita ak bandjo. Yo t'ap bat tanbou, tanbouren ak senbal. 6#Nonb 4.15; 1 Kwo 15.2 yo rive bò glasi Nakon an, bèf yo bite, yo manke tonbe. Ouza lonje men l, li soutni Bwat Kontra a. 7Men #1 Sam 6.19 Senyè a move sou Ouza, li touye l frèt paske li pat gendwa manyen Bwat Kontra a. Ouza mouri la toupre Bwat Kontra a. 8David #1 Kwo 15.13 menm te fache deske Senyè a te touye Ousa konsa. Se poutèt sa yo rele kote a, depi jou sa a, Chatiman — Ousa, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a.
9Lè sa a, David vin pè Senyè a. Li di li pa wè ki jan pou l pran Bwat Kontra a lakay li. 10Se konsa li pran desizyon pou l pa pote Bwat Kontra Senyè a lakay li nan Lavil David la. Li fè yo pote l kay Obèdedon, yon moun lavil Gat. 11Bwat #1 Kwo 26.4,5 la pase twa mwa lakay li. Senyè a te beni Obèdedon ansanm ak tout moun lakay li.
Bwat Kontra Senyè a Jerizalèm
(1 Kwonik 15.1—16.6)
12#1 Kwo 15.25—16.3 David #1 Wa 8.1 tande jan Senyè a te beni Obèdedon ak tout moun lakay li, jan zafè l t'ap mache byen poutèt Bwat Kontra a, David pati, l'ale kay Obèdedon, li pran Bwat Kontra Senyè a pou pote l nan Lavil David la avèk gwo seremoni sou tout wout la. 13#Nonb 4.15; 7.9; 1 Wa 8.5; 1 Kwo 15.2,15 moun ki t'ap pote Bwat Kontra Senyè a fè sis pa annavan, David fè yo rete, li touye yon gwo towo ak yon jenn chatre bèf bay Senyè a. 14Apre #Egz 15.20; 1 Sam 2.18 sa, David pran danse ak tout nanm li devan Senyè a. Li pat gen pase yon moso twal fen blan mare nan ren l. 15Se #Sòm 47.5 konsa, li menm ak tout pèp Izrayèl la, yo pote Bwat Kontra Senyè a lavil Jerizalèm. Yo t'ap fè fèt, yo t'ap kònen twonpèt sou tout wout la.
16Antan yo t'ap antre ak Bwat Kontra a nan lavil David la, Mikal, pitit fi Sayil la, te kanpe bò yon fennèt ap gade. Li wè David ki t'ap danse fè laviwonn devan Senyè a. Li vin pa gen yon san pou li ankò. 17Yo #1 Wa 8.5,62,63; 1 Kwo 15.1; 2 Kwo 1.4; Sòm 132.8 pote Bwat Kontra Senyè a, yo mete l nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, David ofri bèt pou boule nèt pou Senyè a ak ofrann pou di Bondye mèsi. 18#Nonb 6.22-27; 1 Wa 8.14,55 David fin fè ofrann sa yo, li beni pèp la nan non Senyè ki gen tout pouvwa a. 19Li separe manje bay tout moun pèp Izrayèl yo, fanm kou gason. Li ba yo chak yon pen, yon moso vyann woti ak yon pen rezen. Lèfini, tout moun al lakay yo.
20Apre #Jij 9.4; 1 Sam 19.24; 2 Sam 6.14 sa, David al lakay li pou l beni fanmi pa l tou. Men, Mikal, pitit fi Sayil la, sòti vin kontre li. Epi li di l konsa:
— Ala yon bèl bagay wa pèp Izrayèl la fè pou tèt li jòdi a! Tou sa yon vakabon ta fè. Li wete rad sou li devan tout sèvant moun k'ap sèvi avè l yo!
21David #1 Sam 13.14; 15.28; 2 Sam 5.2 reponn li:
— Se vre. Mwen t'ap danse pou m te fè lwanj Senyè a ki te pito m pase papa ou ak tout fanmi ou. Li chwazi m, li mete m chèf pèp Izrayèl la, pèp li a. M'ap toujou ka danse devan l pou m fè lwanj li. 22M'ap desann tèt mwen pi ba toujou pase sa. Dapre ou, se desann m'ap desann sousi m. Men, sèvant w'ap pale yo ap toujou ka leve m anlè.
23Mikal, pitit fi Sayil la, pa janm fè pitit jouk li mouri.

Currently Selected:

2 Samyèl 6: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in