YouVersion Logo
Search Icon

2 Samyèl 5

5
David wa peyi Izrayèl ak peyi Jida
(1 Kwonik 11.1-3)
1Tout branch fanmi Izrayèl yo vin jwenn #1 Kwo 11.1-3 David #Jen 29.14; 2 Sam 19.12,13 lavil Ebwon, yo di l konsa:
— Nou se moun menm ras, menm fanmi avè ou. 2Depi #1 Sam 10.1; 18.13; 2 Sam 7.7,8; Sòm 78.71,72; Mat 2.6 lontan, menm sou reny Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayel la kote l pase. Lèfini ankò, Senyè a te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la, se ou menm ki pral chèf yo.
3Se #1 Sam 23.18; 2 Sam 2.4; 3.21; 2 Wa 11.17 konsa tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l devan Senyè a. Yo fè seremoni, yo mete l wa sou pèp Izrayèl la tou. 4David #2 Sam 2.11; 1 Wa 2.11; 1 Kwo 3.4; 29.27 te gen trantan lè l rive wa. Li kòmande pandan karantan. 5Antan lavil Ebwon, li kòmande moun Jida yo pandan setan sis mwa. Lavil Jerizalèm, li kòmande ni moun pèp Izrayèl yo ni moun Jida yo pandan tranntwazan.
David pran fò mòn Siyon an
(1 Kwonik 11.4-9)
6Apre #1 Kwo 11.4-9 sa, #Joz 15.63; Jij 1.21; 19.10,11 wa David pati Jerizalèm ansanm ak sòlda li yo, l'al atake moun Jebis yo ki te rete nan zòn sa a. Moun Jebis yo te konprann David pa te ka antre pran lavil la. Yo di li:
— Ou p'ap janm ka rive antre nan vil nou an. Ata moun je pete ak moun enfim ap gen fòs pou mete ou deyò.
7Men, #2 Sam 6.12,16; 1 Wa 2.10; 8.1; 11.27; 2 Kwo 32.5 David pran gwo fò ki te sou tèt mòn Siyon an. Se li yo rele lavil David la.
8Jou sa a, David te di moun pa li yo:
— Tout moun ki vle atake moun Jebis yo va pase nan kannal la, y'a tonbe sou bann enfim ak je pete sa yo ki pa vle wè m yo.
Se depi lè sa a yo di moun je pete ak moun enfim pa gendwa mete pwent pye yo nan Tanp Senyè a.
9Apre sa, David al rete nan gwo fò a, li rele l lavil David la. Lèfini, li bati lòt kay fè wonn fò a, depi sou teras la rive bò palè a.
Iram voye mesaje kote David
(1 Kwonik 14.1-2)
10Chak #1 Sam 17.45; Sòm 89.8 jou David t'ap vin pi fò. Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te avè l. 11Se #1 Kwo 14.1-16 konsa, #1 Wa 5.1 Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kote David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs chapant ak bòs mason ki bati yon palè pou David. 12Lè sa a atò, David wè tout bon vre se Senyè a menm ki te mete l wa pèp Izrayèl la. Se li menm menm ki te fè tout bagay mache byen pou gouvènman li a, akòz pèp li a, pèp Izrayèl la.
Lòt pitit David yo
(1 Kwonik 3.5-9; 14.3-7)
13#2 Sam 3.2-5; 1 Kwo 3.9 David kite lavil Ebwon pou l'al lavil Jerizalèm, rive la li pran lòt madanm ak lòt fanm kay ki ba li lòt pitit gason ak lòt pitit fi. 14Men #1 Kwo 3.5-8 jan #2 Sam 12.24; Lik 3.31 yo te rele pitit David ki te fèt lavil Jerizalèm yo: Chamwa, Chobab, Natan, Salomon, 15Jibka, Elichwa, Nefèg, Jafya, 16Elichama, Elyada ak Elifelèt.
David bat moun Filisti yo
(1 Kwonik 14.8-17)
17#1 Sam 22.4,5; 2 Sam 23.14 moun Filisti yo vin konnen yo te mete David wa pèp Izrayèl la, yo tout yo leve pou y'al mete men sou li. Lè David pran nouvèl la, li desann al kache nan yon fò. 18Moun #Joz 15.8; 18.16; 2 Sam 23.13 Filisti yo rive, yo pran tout fon Refayim lan pou yo. 19David #2 Sam 2.1 pale ak Senyè a, li mande l:
— Eske se pou m atake moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men m?
Senyè a reponn li:
— Wi, atake yo. M'ap lage yo nan men ou.
20David #Eza 28.21 ale Baal-Parezim. #5.20: Baal-Parezim: Nan lang ebre a mo sa yo vle di Granmèt ki louvri pasay la. Li bat moun Filisti yo. Lèfini li di:
— Senyè a pase tankou yon lavalas. Li louvri pasay ban mwen nan mitan lènmi mwen yo.
Se poutèt sa yo rele kote sa a Pasay-Granmèt. 21Moun Filisti yo te kouri kite zidòl yo dèyè nan plenn lan. David ak moun pa l yo pran yo pote ale.
22Moun Filisti yo tounen nan fon Refayim lan, yo pran tout plenn lan pou yo ankò. 23David #1 Sam 23.2 mande Senyè a sa pou l fè. Senyè a di l:
— Pa atake yo pa devan. Pase pa dèyè yo. Pare kò ou pou ou atake yo bò pye gayak yo. 24#Jij 4.14; 2 Wa 7.6 w'a tande yon bri tankou bri pye yon moun k'ap mache sou tèt pyebwa yo, w'a fonse sou yo. Paske sa vle di m'ap pran devan ou pou m bat lame moun Filisti yo.
25David fè sa Senyè a te mande l fè a. Li bat moun Filisti yo, li kouri dèyè yo depi Lavil Geba #5.25: Geba: Se non sa a nou jwenn nan tèks ebre a. Men vèsyon grèk la bay Gabawon, sa ki koresponn ak 1 Kwonik 14.16. rive lavil Gezè.

Currently Selected:

2 Samyèl 5: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in