YouVersion Logo
Search Icon

2 Samyèl 8

8
David bat vwazen pèp Izrayèl yo
(1 Kwonik 18.1-13)
1Apre sa, David atake moun Filisti yo ankò. #1 Kwo 18.1-17 Li bat yo byen bat. Se konsa li kraze pouvwa yo te gen nan peyi a, li pran peyi a nan men yo. 2Lèfini #Nonb 24.17 li bat moun peyi Mowab yo. Li fè prizonye yo kouche plat atè. Pou chak twa ladan yo, li touye de, li kite yonn vivan. Depi lè sa a moun peyi Mowab yo soumèt devan David nèt. Li fè yo peye taks ba li chak lè.
3Apre #1 Sam 14.47; 2 Sam 10.6,16,19; 1 Wa 11.23-25 sa, li bat Adadezè, pitit gason Reyòb, wa peyi Zoba a, ki t'ap mache pran zòn ki sou anwo larivyè Lefrat la. 4David pran mil sètsan (1.700) kavalye nan lame wa Adadezè a, li fè yo prizonye ansanm ak venmil (20.000) sòlda ki t'ap mache apye. Lè li fin wete kont chwal pou san cha lagè, li fè koupe jarèt tout rès chwal yo.
5Moun peyi Siri ki te rete lavil Damas yo voye yon lame pou pote Adadezè, wa peyi Zoba a, konkou. David atake yo, li bat yo tou. Li touye venndemil (22.000) sòlda. 6Apre #2 Sam 8.2,14 sa, David mete kèk ganison sòlda pa l nan teritwa Damas la. Moun peyi Siri yo soumèt devan li. Li fè yo peye l taks chak lè. Se konsa, Senyè a te fè David genyen tout batay kote l pase. 7David #2 Wa 11.10 sezi tout gwo plak pwotèj fè chèf lame wa Adadezè yo. Li pote yo lavil Jerizalèm. 8Li pran yon gwo kantite kwiv li te jwenn lavil Beta ak lavil Bewotayi, ki te pou Adadezè. 9#Nonb 34.8; 1 Wa 8.65 Tòy, wa lavil Amat la, tande jan David te kraze tout lame Adadezè a, 10li voye pitit li Joram al wè David pou di li bonjou epi pou konplimante li deske li te bat Adadezè, paske Tòy te toutan ap fè lagè ak Adadezè. Joram te pote kado fèt ak lò, ak lajan, ak kwiv bay David. 11Wa #1 Wa 7.51; 1 Kwo 26.26 David pran tout bagay sa yo, li mete yo apa pou sèvis Senyè a ansanm ak tout lò ak ajan li te pran lakay moun lòt nasyon li te fè soumèt devan li, 12ki #2 Sam 5.17-25; 8.2; 12.30 vle di moun peyi Edon, #8.12: Edon: Se sa nou jwenn nan vèsyon grèk la, men tèks ebre a menm bay Siri. moun peyi Mowab, moun peyi Amon, moun peyi Filisti ak moun peyi Amalèk. Li fè menm bagay la tou ak tou sa li te pran apre lagè ak Adadezè, pitit Reyòb, wa Zoba a. 13Non David te nan bouch tout moun pi rèd toujou, lè li te fin touye dizwitmil (18.000) moun peyi Edon nan fon Sèl la. 14Li #Jen 25.23; 27.29,37,40; Nonb 24.18; 1 Wa 11.15 mete kèk ganizon sòlda pa l nan teritwa Edon #8.14: Edon: Se sa nou jwenn nan vèsyon grèk la, men tèks ebre a menm bay Siri. an. Moun Edon yo soumèt devan li. Li fè yo peye l taks chak lè. Se konsa Senyè a te fè David genyen tout batay kote l pase.
Gwo chèf gouvènman David la
(2 Samyèl 20.23-26; 1 Kwonik 18.14-17)
15David t'ap gouvènen tout pèp Izrayèl la. Li te fè tout moun jistis san patipri. Li te fè tout zafè l dwat. 16Joab, #2 Sam 20.23-26 pitit #1 Wa 4.3; 1 Kwo 11.6 gason Sewouya a, te kòmandan lame a. Jozafa, pitit gason Akiloud la, te reskonsab achiv yo. 17Zadòk, #2 Sam 15.24; 1 Wa 4.4; 1 Kwo 24.3,6 pitit gason Akitoub la, ak Akimelèk, pitit gason Abyata a, te prèt. Seraja te sekretè. 18Benaja, #2 Sam 3.2-5; 5.13-16; 15.18; 23.20-23; 1 Wa 1.38; 4.4,5 pitit gason Jeojada a, te chèf keretyen ak pelesyen yo ki te gad pèsonèl wa a. Pitit gason David yo menm te prèt.

Currently Selected:

2 Samyèl 8: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy