YouVersion Logo
Search Icon

2 Samyèl 20

20
Cheba pran lezam kont David
1Nan Gilgal, te gen yon nonm yo rele #Det 13.13; 1 Wa 12.16 Cheba, pitit Bikri, branch fanmi Benjamen. Se te yon movesije. Li manche twonpèt li, li rele pèp la, epi li di yo byen fò:
— Nou pa gen anyen pou nou wè ak David! Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a! Ann al lakay nou, nou menm, moun peyi Izrayèl yo!
2Se konsa moun peyi Izrayèl yo vire do bay David pou yo swiv Cheba, pitit Bikri a. Men, moun peyi Jida yo rete ak David. Yo swiv li depi larivyè Jouden rive lavil Jerizalèm.
3#2 Sam 15.16; 16.21,22 David rive nan palè li Jerizalèm, li pran dis mètrès li te kite pou okipe palè a, li fèmen yo nan yon kay apa ak moun pou siveye yo. Li ba yo tou sa yo bezwen. Men li pa janm kouche ak yo yonn ankò. Yo rete fèmen la tout rès lavi yo tankou fanm vèv.
4Apre #2 Sam 17.25; 19.13 sa, wa a pale ak Amasa, li di l konsa:
— M ba ou twa jou pou ou sanble tout mesye Jida yo. Apre sa, w'a vin ak yo devan m.
5Amasa pati al avèti mesye Jida yo. Men, li pa tounen dat wa a te ba li pou l te tounen an. 6Wa a #2 Sam 11.11; 18.2; 1 Wa 1.33 rele Abichayi, li di l konsa:
— Cheba pral ban nou plis traka pase Absalon. Pran kòmandman lame mwen an. Pati dèyè l anvan li gentan jwenn yon lavil ak gwo ranpa pou l chape anba men nou.
7Se #2 Sam 8.18; 15.18 konsa sòlda Joab yo, keretyen yo ak peletyen yo ak tout lòt vanyan sòlda ki te nan lame wa a kite lavil Jerizalèm ak Abichayi, yo pati dèyè Cheba. 8Lè yo rive bò gwo wòch ki nan lavil Gibeyon an, Amasa vin kontre ak yo. Joab te gen rad batay li sou li ak yon nepe nan djenn li mare nan ren l. Joab vanse devan l. Nepe a sòti nan djenn lan, li tonbe atè. 9Joab #Mak 14.45 di Amasa:
— Ban m nouvèl ou non, zanmi.
Epi li kenbe l nan bab ak men dwat li pou l bo li. 10Amasa #1 Wa 2.5 menm pa fè atansyon lòt nepe Joab te kenbe nan men gòch li a. Joab djage l nan vant. Tout trip li sòti deyò. Li mouri la menm. Konsa, Joab pat bezwen ba li yon dezyèm kou. Apre sa, Joab ak Abichayi, frè l la, pati dèyè Cheba. 11Yonn nan sòlda Joab yo te kanpe bò kadav Amasa a. Li pran rele byen fò:
— Tout moun ki pou Joab ak David, se pou yo swiv Joab!
12Men, kadav Amasa a, tou plen san, te blayi nan mitan wout la. Lè sòlda Joab la wè chak fwa yon moun rive devan kadav la li rete, li pran kadav Amasa a, li trennen l nan yon jaden sou kote wout la, li voye yon rad sou li. 13Lè li wete kadav la nan mitan wout la, tout lame a pase, yo pati ak Joab dèyè Cheba, pitit Bikri a. 14Cheba #2 Wa 15.29 bò pa l menm te pase nan tout peyi ki pou branch fanmi Izrayèl yo, li rive lavil Abèl-Bèt-Maka. Tout moun fanmi Bikri yo te sanble dèyè l, yo swiv li nan lavil la. 15Sòlda Joab yo vin rive devan Abèl-Bèt-Maka. Yo sènen lavil la, yo anpile ranble nan pye gwo miray deyò a pou yo te ka anvayi lavil la. Apre sa, yo pran fouye anba miray la pou fè l tonbe. 16Te gen yon fanm nan lavil la ki te gen bon konprann. Li rete sou miray la, li di:
— Ey! Ey! Tanpri, koute sa m'ap di nou! Al di Joab pou l pwoche bò isit la. Mwen ta renmen fè yon ti pale avè l.
17Joab vin rive. Fanm lan mande l:
— Se ou menm ki Joab la?
Joab reponn:
— Wi, se mwen menm.
Fanm lan di l:
— Se sèvis m'ap rann ou. Koute sa m'ap di ou.
Joab reponn:
— M'ap koute ou, wi.
18Fanm lan di konsa:
— Nan tan lontan yo te konn di: Depi ou bezwen konnen kichòy, desann lavil Abèl, al mande la. Se konsa moun te toujou regle zafè yo. 19Lavil #1 Sam 26.19 nou se yonn nan lavil peyi Izrayèl yo kote ki pa gen dezòd. Lèfini, li pa janm vire do bay wa a. Poukisa w'ap chache detwi l? Se kraze ou vle kraze sa ki pou Senyè a?
20Joab reponn li:
— Sa ou kwè a se pa sa! Se pat nan lide m ni pou m te kraze, ni pou m te detwi lavil nou an. 21Se pa dèyè sa nou ye. Gen yon nonm yo rele Cheba, pitit gason Bikri. Se moun mòn Efrayim li ye. Li pran lèzam kont wa David. Si ou lage nonm sa a nan men mwen, m'ap vire do mwen kite lavil la repo.
Fanm lan reponn li:
— N'ap voye tèt li lòtbò miray la ba ou.
22L'al #Ekl 9.14,15 pale ak moun lavil yo, li di yo sa li gen lide fè. Yo koupe tèt Cheba, yo voye l jete lòt bò miray la bay Joab. Joab fè kònen twonpèt la pou bay sòlda li yo siyal pou yo kite lavil la al fè wout yo lakay yo. Joab menm tounen lavil Jerizalèm al jwenn wa a.
Chèf nan gouvènman David la
(2 Samyèl 8.15-18; 1 Kwonik 18.14-17)
23Joab #2 Sam 8.16-18; 1 Wa 4.3-6 te kòmandan tout lame pèp Izrayèl la. Benaja, pitit Jeyojada, te kòmandan keretyen yo ak peletyen yo, gad pèsonel wa a. 24Adoram #1 Wa 12.18 te reskonsab kòve yo. Jeozafa, pitit gason Aliyoud la, te reskonsab achiv wa a. 25Cheva #2 Sam 15.24; 19.11 te sekretè gouvènman an. Zadòk ak Abyata te prèt. 26Te gen yon nonm yo te rele Ira, moun lavil Jayi, ki te prèt wa David tou.

Currently Selected:

2 Samyèl 20: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in