YouVersion Logo
Search Icon

2 Samyèl 19

19
Joab fè David repwòch
1Yo voye di Jowab jan wa a t'ap kriye, jan li te nan gwo lapenn pou Absalon. 2Jou sa a, sòlda David yo pa te fete laviktwa yo. Yo te kagou paske yo te pran nouvèl tristès wa a pou lanmò pitit li. 3Yo antre nan lavil la san fè okenn bri, tankou sòlda ki wont paske yo kouri pou lagè. 4Wa a menm te kouvri tèt li, li t'ap rele:
— Woy! Gason m lan! Absalon, pitit gason m lan! Absalon, pitit gason m lan!
5Jowab al jwenn wa a nan chanm li, li di li konsa:
— Jan ou fè sa jodi a, ou fè tout sòlda yo wont wi. Yo menm ki te sove lavi ou ansanm ak lavi pitit gason ou ak pitit fi yo, lavi madanm marye ou yo ak mètrès ou yo. 6Ou moutre jan ou renmen moun ki rayi ou, men ou pa vle wè moun ki renmen ou. Ou fè wè jan chèf lame ak sòlda k'ap goumen pou ou yo pa di ou anyen. Jòdi a mwen wè monwa ta pi kontan si Absalon te vivan, epi nou tout nou te mouri. 7Koulyeya, monwa, leve non! Al pale ak moun pa ou yo pou ankouraje yo. Anverite si ou pa fè sa, denmen maten, p'ap gen yon sèl moun k'ap kanpe avè ou ankò. Malè sa a pral pi rèd pase malè ki janm tonbe sou ou depi ou te jenn gason rive jounen jodi a.
8Wa a #2 Sam 18.24,33 leve vre, li vin chita bò pòtay lavil la. Lè sòlda yo vin konn sa, yo tout vin sanble bò kote l.
David pran chemen lavil Jerizalèm
Moun peyi Izrayèl yo menm te kouri ale chak moun lakay yo. 9Nan #2 Sam 5.20; 8.1-14 tout Izrayèl, moun t'ap diskite, yo t'ap di:
— Wa David te delivre nou anba men lènmi nou yo. Li te sove nou anba men moun Filisti yo. Men koulyeya, li kouri kite peyi a poutèt Absalon. 10Nou te fè seremoni pou mete Absalon wa peyi a. Men li mouri nan lagè. Sa ki kenbe nou kounyeya pou nou fè wa David tounen ankò?
11Antan #2 Sam 15.29 wa a lakay li, li vin konnen tou sa pèp la t'ap di. Lamenm, li voye yon mesay bay Zadòk ak Abyata, li di yo:
— Pale ak chèf fanmi moun peyi Jida yo. Mande yo poukisa se pa yo menm premye moun ki chache fè wa a tounen lakay li. 12Di #2 Sam 5.1 yo se fanmi m yo ye, menm ras avè m. Poukisa se yo menm dènye moun ki pou fè m tounen nan palè a? 13N'a #2 Sam 8.16; 17.25 pale ak Amasa, n'a di l pou mwen se fanmi m li ye. Depi jòdi a, mwen mete l alatèt lame mwen an nan plas Joab. Si mwen pa kenbe pawòl, se pou Bondye ban m pi gwo pinisyon ki genyen!
14Lè tout moun peyi Jida yo tande pawòl David yo, yo tonbe dakò ak li. Yo mete tèt yo ansanm, yo voye di l:
— Ou mèt tounen ansanm ak tout moun pa ou yo.
15Wa a leve, li pran wout pou l tounen. Li rive bò larivyè Jouden an. Tout moun peyi Jida yo, bò pa yo, kite lavil Gilgal, y'al kontre wa a. Yo ede l janbe larivyè a. 16Se #2 Sam 16.5; 1 Wa 2.8 konsa yon nonm nan branch fanmi Benjamen an, Chimeyi, pitit Gera a, moun lavil Baourim, te kouri al kontre wa David bò larivyè Jouden an ansanm ak yo. 17Te #2 Sam 16.1-4; 19.29 gen mil (1.000) gason nan branch fanm Benjamen an avè l. Ziba, domestik fanmi Sayil la, te la tou ansanm ak kenz pitit gason l yo ak ven moun k'ap travay avèk li yo. Yo tout kouri al kontre wa a bò larivyè Jouden an. 18Yo janbe larivyè a, yo ede moun wa yo janbe pas la. Yo fè tou sa wa a te mande yo fè.
David fè pa Chimeyi
Lè wa a fè sa pou l janbe tou, Chimeyi lage kò l atè devan wa a. 19Li #2 Sam 16.5-13 di l konsa:
— Monwa, tanpri! Pa kenbe m nan kè! Bliye sa m te fè ou jou ou t'ap kite lavil Jerizalèm lan. Tanpri, pa kenbe m nan kè! 20Mwen konnen sa m te fè a te mal, monwa. Ou wè jòdi a, premye moun nan tout branch fanmi Jozèf la ki kouri vin resevwa ou, se mwen menm.
21#2 Sam 16.9; Tra 23.5 sa a, Abichayi, pitit gason Sewouya a, pale, li di konsa:
— Sa pa ka anpeche yo touye Chimeyi, paske li te bay moun Bondye te chwazi pou wa a madichon.
22Men #1 Sam 11.13; 2 Sam 16.10 David reponn li:
— Pa antre nan koze a. Sa pa gade ou, pitit Sewouya! Poukisa jòdi a ou vle kenbe tèt avè m? Mwen pa vle yo touye pèsonn nan moun peyi Izrayèl yo, paske jòdi a mwen konnen se mwen menm ki wa peyi Izrayèl la vre.
23Apre #1 Wa 2.8,9,37,46 sa, wa a di Chimeyi konsa:
— Mwen sèmante yo p'ap touye ou!
David rebyen ak Mefibochèt
24Mefibochèt, #2 Sam 9.6 pitit pitit Sayil la, te vin kontre wa a tou. Depi jou wa David te kite lavil Jerizalèm lan jouk jou li te tounen san danje san malè a, Mefibochèt pat koupe bab li, ni li pat lave pye l, ni li pat lave rad sou li. 25Lè Mefibochèt rive lavil Jerizalèm pou l'al resevwa wa a, wa a di l:
— Mefibochèt, poukisa ou pat pati ansanm avè m?
26Mefibochèt #2 Sam 9.3 reponn li:
— Monwa, se domestik mwen an ki woule m. Ou konnen m enfim. Mwen te mande domestik mwen an pou l te sele fenmèl bourik mwen an pou m te ka ale ansanm avèk monwa. 27Domestik #2 Sam 14.17,20; 16.3 la al ba ou manti sou mwen. Men, monwa, mèt mwen, ou tankou yon zanj Bondye. Ou mèt fè sa ou vle avè m. 28Tout #2 Sam 9.7 moun nan fanmi granpapa mwen Sayil te merite mouri. Men monwa, ou ban m' dwa pou mwen manje sou menm tab ak ou. Mwen pa gendwa mande monwa okenn lòt favè ankò.
29Wa #2 Sam 16.4 reponn li:
— Ou pa bezwen di anyen ankò! Mwen pran desizyon m deja. W'a antann ou ak Ziba pou nou pataje tè Sayil yo.
30Mefibochèt di wa a:
— Ziba te mèt pran tout pou li. Sa ki enpòtan, se wè mwen bezwen wè wa a tounen sennesòf nan palè li.
David ak Bazilayi
31Bazilayi, #2 Sam 17.27-29; 1 Wa 2.7 moun lavil Gilgal, te desann sòti lavil Wogelim rive larivyè Jouden ansanm ak wa a. Li janbe lòt bò larivyè a ansanm ak wa a. Lè li fin janbe, li di wa a orevwa pou l te tounen lakay li. 32Bazilayi te yon vye granmoun, li te gen katrevenzan. Li te rich anpil. Se li menm ki te bay wa a tout pwovizyon li te bezwen lè wa a te lavil Manayim. 33Wa a di l konsa:
— Ann ale ansanm avè m lavil Jerizalèm non. M'a pran swen ou.
34Men Bazilayi reponn li:
— Monwa, mwen pa rete anpil tan ankò pou m viv. M pa wè poukisa pou m ale ansanm avè ou lavil Jerizalèm. 35Mwen #Sòm 90.10 deja sou katrevenzan. Anyen pa di mwen anyen ankò. M'pa pran gou ni sa m'ap manje, ni sa m'ap bwè. Okenn son vwa fi ak vwa gason k'ap chante pa ka antre nan zòrèy mwen, m'fin soud nèt. Mwen pral tounen yon chay pou monwa. 36Epitou, mwen pa merite tout rekonpans sa a. Se annik yon ti bout chemen m te vle fè avè ou lòt bò larivyè Jouden an. 37Tanpri, #1 Wa 2.7 kite m tounen lakay mwen. Konsa, m'a mouri toupre tonm fanmi mwen. Men Chimkam, pitit mwen, ki va sèvi ou. Ou mèt pran l avè ou, monwa. W'a fè sa ou wè ki pi bon pou li.
38Wa a reponn li:
— Bon. M'ap pran l avè m. M'a fè pou li tou sa ou menm w'a wè ki bon pou li. Nenpòt kisa w'a mande m, m'a fè l pou ou.
39Apre sa, tout moun yo janbe lòt bò larivyè Jouden an. Lè wa a fin janbe, li bo Bazilayi, li rele benediksyon Bondye sou li. Bazilayi tounen lakay li apre sa.
Jida ak Izrayèl fè kont pou wa a
40Tout #Joz 4.19 moun peyi Jida yo ak mwatye nan moun peyi Izrayèl yo janbe lòt bò larivyè Jouden an ansanm ak wa a. Wa a desann lavil Gilga. Chimkam te ale avè l. 41#2 Sam 19.15 sa a, moun peyi Izrayèl yo al jwenn wa a, yo di l konsa:
— Monwa, poukisa frè nou yo, moun peyi Jida yo, te vin pran ou, yo fè ou janbe larivyè Jouden ansanm ak tout fanmi ou ak tout moun pa ou yo?
42Moun #2 Sam 19.12 Jida yo reponn:
— Nou fè l paske wa a pi fanmi moun Jida yo pase li fanmi moun Izrayèl yo. Sa ki gen la a atò pou nou fache? Li pa janm peye manje pou nou ki fanmi l, ni li pa janm fè nou kado anyen.
43Lamenm, #1 Wa 11.30,31 moun peyi Izrayèl yo reponn moun peyi Jida yo:
— Nou gen dis fwa plis dwa pase moun Jida yo sou wa a, menm si se fanmi yo li ye. Poukisa nou menm moun Jida yo, nou meprize moun peyi Izrayèl yo konsa? Pa bliye se nou menm premye moun ki te pale koze fè wa a tounen an.
Men moun peyi Jida yo pale pi fò, yo fèmen bouch moun peyi Izrayèl yo.

Currently Selected:

2 Samyèl 19: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in