YouVersion Logo
Search Icon

2 Samyèl 21

21
Moun Gabawon touye rès moun fanmi Sayil
1Sou reny wa David, vin gen yon gwo #Oze 5.15 grangou pandan twazan yonn apre lòt. Lè sa a, David al mande Senyè a sa k'ap pase. Senyè a reponn li:
— Se krim Sayil ak fanmi l yo te fè ki lakòz grangou sa a, paske yo te sasinen moun lavil Gabawon yo.
2Moun #Joz 9.3-17 lavil Gabawon yo pat fanmi moun Izrayèl yo. Se yon ti rès nan moun peyi Amori moun Izrayèl yo te pran angajman yo t'ap toujou pwoteje. Men, Sayil te sitèlman cho pou defann enterè moun fanmi Izrayèl ak fanmi Jida yo, li te sòti pou l te detwi yo. 3Se #1 Sam 26.19 konsa David voye chache yo, li mande yo:
— Kisa m ka fè pou nou? Ki jan pou m repare tou sa nou sibi pou nou ka rale benediksyon sou pèp Senyè a?
4Yo reponn li:
— Sa nou gen pou n regle ak Sayil ansanm ak rès fanmi li an, se pa yon kèsyon lò ak ajan, ni nou pa ta renmen touye pèsonn nan peyi Izrayèl.
David mande yo:
— Manyè di m sa nou vle m fè pou nou.
5Yo reponn li:
— Sayil te sòti pou disparèt nou. Li te fè lide pou l te touye nou nèt pou l pa kite yonn nan nou vivan nan tout peyi Izrayèl la. 6Enben, #Nonb 25.4; 1 Sam 10.24,26; 11.4 renmèt nou sèt gason nan fanmi li an pou nou ka pann yo devan Senyè a nan lavil Gabawon, lavil Sayil la menm, nonm Senyè a te chwazi pou wa a.
David reponn yo:
— M'ap ban nou yo.
7David #1 Sam 20.15,16,42; 23.18; 2 Sam 9.7 pa ba yo Mefibochèt, pitit Jonatan an, pitit pitit Sayil la, poutèt sèman li menm ak Jonatan, pitit Sayil la, yo te fè devan Bondye. 8Men, #1 Sam 18.19; 2 Sam 3.7 li pran Amoni ak Mefibochèt, de pitit gason Rispa, pitit Ayi a, te fè pou Sayil, ansanm ak senk pitit gason Merab, #21.8: Merab: Se sa nou jwenn nan vèsyon grèk la, men tèks ebre a bay Mikal. pitit Sayil la, te fè pou Adriyèl, pitit gason Bazilayi, moun lavil Meola a. 9Li lage yo nan men moun Gabawon yo ki pann yo sou yon ti mòn devan Senyè a. Yo tou lesèt mouri ansanm. Lè sa a, se te fen sezon prentan, yo te fenk konmanse rekòt lòj la. 10Apre sa, Rispa, pitit Ayi a, pran yon rad sak, li vlope kò l ladan l, l'al chita sou wòch kote kadav yo te ye a. Li rete la depi nan konmansman rèkòt la jouk sezon lapli a rive. Lajounen li t'ap chase zwazo ki te vle vin poze sou kadav yo. Lannwit li t'ap kouri dèyè bèt nan bwa ki te vle vin devore yo. 11Y'al rapòte bay David sa Rispa, yonn nan fanm kay Sayil yo, t'ap fè a. 12David #1 Sam 31.10-13; 2 Sam 2.4 al pran zosman Sayil ansanm ak zosman Jonatan nan men moun lavil Jabès yo nan peyi Galarad. (Moun sa yo te al vòlò kadav Sayil ak Jonatan sou plas piblik lavil Bèt-Chean kote moun Filisti yo te pann yo lè yo te fin touye Sayil sou mòn Gilboa a.) 13David pran zosman Sayil ansanm ak zosman Jonatan yo, li ranmase zosman sèt mesye yo te pann yo tou. 14Lèfini, #2 Sam 24.25 yo antere yo ansanm ak zosman Sayil ak zosman Jonatan yo nan tonm Kich, papa Sayil la, lavil Zela nan pòsyon peyi ki pou branch fanmi Benjamen yo. Yo fè tou sa wa a te bay lòd fè a. Apre sa, Bondye tande lapriyè yo pou peyi a.
Lagè ak moun peyi Filisti
(1 Kwonik 20.4-8)
15Lagè pete ankò ant moun Filisti yo ak moun peyi Izrayèl yo. David desann ak sòlda li yo, l'al goumen ak moun Filisti yo. Pandan y'ap goumen konsa, David santi l bouke. 16Yon potorik gason bèl wotè yo te rele Ichbibenòb, moun laras Arafa yo, li fè lide pou li touye David. Li te gen yon fwenn kwiv ki te peze sèt liv edmi konsa ak yon nepe tou nèf mare nan ren li. 17Men, #2 Sam 18.2,3; 1 Wa 11.36; 15.4; 2 Wa 8.19; Sòm 132.17 Abichayi, pitit gason Sewouja a, vin pote wa a sekou. Li atake moun Filisti a, li touye l. Lè sa a, moun David yo fè wa a pwomèt pou li pa janm vin nan lagè avè yo ankò. Yo di l:
— Ou se espwa pèp Izrayèl la. Nou pa vle pèdi ou.
18Apre #1 Kwo 20.4-8 sa, #1 Kwo 11.29; 27.11 te gen yon lòt batay ankò avè moun Filisti yo lavil Gòb. Lè sa a, Sibekayi, moun lavil Ousa, touye Saf, yon lòt potorik gason nan ras moun Arafa yo.
19Pandan #1 Sam 17.7; 2 Sam 23.24 yon lòt batay avèk moun Filisti yo ankò nan menm lavil Gòb la, Elanan, pitit gason Jari, #21.19: Jari: Se sa nou jwenn nan kèk kopi vèsyon grèk la, men tèks ebre a bay Yare-Oregim. moun lavil Betleyèm, touye Golyat, yon moun lavil Gat. Frenn Golyat la te gen yon manch menm gwosè ak yon gwo manch pilon.
20Vin gen yon lòt batay ankò lavil Gat. Lè sa a, te gen yon sòlda bèl wotè ki te gen sis dwèt nan chak men, sis zòtèy nan chak pye. Se te yonn nan ras moun Arafa yo. 21Li #1 Sam 17.10 t'ap pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz. Jonatan, pitit gason Chimeya, frè David la, touye l. 22Kat sòlda peyi Filisti sa yo te moun bèl wotè, potorik gason, nan ras moun Arafa yo lavil Gat. David ak moun pa li yo touye yo.

Currently Selected:

2 Samyèl 21: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in