YouVersion Logo
Search Icon

2 Samyèl 13

13
Amnon ak Tama
1Men sa ki vin rive apre sa: Absalon, #2 Sam 3.2,3; 1 Kwo 3.2,9 pitit gason David, te gen yon sè ki te bèl anpil. Li te rele Tama. Amnon, yon lòt pitit David te vin tonbe damou pou Tama. 2Amnon te sitèlman renmen l, li vin malad paske li pat ka fè anyen pou sa. Tama te tifi toujou. Yo pat kite l kontre ak okenn gason. 3Men, #1 Sam 16.9; 17.13; 1 Kwo 2.13 Amnon te gen yon zanmi, yon moun yo te rele Jonadab, pitit gason Chimeya, frè David. Jonadab sa a te mètdam anpil. 4Li di Amnon konsa:
— Ou se pitit wa a. Chak jou mwen wè figi ou kagou. Sa ki genyen?
Amnon reponn li:
— Mwen renmen Tama, sè Absalon, frè menm papa avè m lan.
5Jonadab di li:
— Pran pòz malad ou, moute kabann ou kouche. Lè papa ou va vin wè ou, w'a di l: Tanpri, kite Tama, sè m lan, vin ban m manje. Mwen ta renmen pou li pare manje a devan m pou m wè l, lèfini pou l sèvi m manje a li menm.
6Se konsa Amnon moute kabann li kouche, li pran pòz malad li. Wa David vin wè l. Amnon di l konsa:
— Tanpri, kite Tama vin pare de ti gato la devan m lan, lèfini pou l sèvi m yo li menm.
7David voye komisyon bay Tama nan palè a pou l ale kay Amnon pare manje pou li. 8Tama ale vre kay Amnon, li jwenn li kouche sou kabann li. Li pran ti gout farin frans, li pare l, li fè kèk gato pou li devan je l. Lèfini, li mete yo kwit. 9Apre sa, li wete yo nan pwelon an devan Amnon. Men, Amnon refize manje. Li di l:
— Fè tout moun sòti!
Lè tout moun fin sòti, 10Amnon di Tama konsa:
— Pote gato yo nan chanm lan. Se ou menm ki pou sèvi m.
Tama pran gato li te fè yo, li pote yo bay Amnon nan chanm lan. 11Antan l'ap lonje gato a ba li, Amnon mete men sou li. Li di l konsa:
— Vin kouche avè m non, sè m!
12Tama #Jen 34.7; Lev 18.9,11; 20.17; Jer 29.23 di l:
— Non, frè m! Pa fòse m! Sa pa fèt konsa nan peyi Izrayèl! Pa fè bagay lèd sa a. 13Apre sa, mwen p'ap ka gade moun nan je ankò. Ou menm, pou tèt pa ou, w'ap pase pou yonn nan pi move moun nan peyi Izrayèl. Tanpri, pale ak wa a. Mwen sèten li p'ap refize ou marye avè m.
14Men Amon pa wè, li pa tande, li derefize lage li. Li fè vyolans sou fi a, li kouche li. 15Lèfini, li santi li rayi Tama pou l mouri. Li vin rayi l plis pase jan li te renmen l lan. Li di l:
— Mete ou deyò lakay mwen!
16Tama reponn:
— Aa non! Mete mwen deyò konsa menm! Sa pi mal ankò pase sa ou sot fè m' la a!
Men Amnon pa te soti pou koute li. 17Li rele gason ki t'ap sèvi li a, li di li:
— Wete fi sa a devan je mwen! Mete li deyò. Lèfini, kochte pòt la byen kochte.
18Gason #Jen 37.3 an mete Tama deyò, epi li kochte pòt la vre. Tama te gen yon rad long ak gwo manch sou li. Se rad konsa pitit fi wa yo te konn mete sou yo lè yo poko nan lavi gason. 19Li #2 Sam 1.11 simen sann dife sou tèt li, li chira rad ki te sou li a, li mete de men nan tèt, li pran rele epi l ale. 20Lè sa a, Absalon, frè li la, mande li:
— Eske Amnon, frè ou la, fè kadejak sou ou? Tanpri sè mwen, pa kite sa fatige ou tande. Se frè ou li ye. Pa di pesonn anyen.
Se konsa Tama rete poukont li kay frè li Absalon. Li te nan gwo lapenn. 21Lè wa David vin konn sa ki te pase, li te move. Men, li pa di Amnon anyen, paske se te premye pitit gason l. Li te renmen l kou de grenn je nan tèt li. #13.21: Men, li pa di Amon…nan tèt li: Se nan twa ansyen vèsyon nou jwenn fraz sa yo. Pa genyen yo nan tèks ebre a. 22Absalon vin rayi Amnon pou kadejak li te fè sou Tama, sè li a. Li koupe l bonjou.
Absalon pran revanj li
23Dezan #Jen 38.12,13; 1 Sam 25.2,36 apre sa, Absalon t'ap koupe lenn mouton l yo lavil Baal-Azò, toupre lavil Efrayim. Li envite tout pitit gason wa yo vin manje. 24L'al jwenn wa David, li di l konsa:
— Monwa, mwen pral koupe lenn mouton m yo. Ou pa ta vle vini ansanm ak tout chèf ou yo lakay mwen?
25Wa reponn li:
— Non, pitit mwen! Se pral twòp traka pou ou si nou tout nou vini.
Absalon pèsiste, men wa a pa pran priyè, li voye l ale ak benediksyon l. 26Lè sa a Absalon di l:
— Men, eske w'ap kite Amnon, frè m lan, vini ak nou?
Wa a reponn li?
— Poukisa pou l ale a?
27Men Absalon sitèlman pèsiste, bout pou bout, David kite Amnon ale ansanm ak tout lòt pitit gason l yo.
Absalon te pare yon gwo fèt tankou si l t'ap fè l pou yon wa. 28Epi #1 Sam 25.36 li bay domestik li yo lòd sa a, li di yo:
— Gade byen, lè n'a wè Anmon ak bon gwòg nan tèt li, m'a di nou: Desann Amnon. N'a touye l. Nou pa bezwen pè, mwen pran tout reskonsabilite a sou mwen. Mete gason sou nou. Frape san tranble.
29Se konsa domestik Absalon yo swiv lòd Absalon te ba yo, yo touye Amnon. Lè sa a, tout lòt pitit gason David yo leve, yo moute milèt yo, yo met deyò.
30Yo te sou chemen lakay yo toujou, lè David vin pran nouvèl Absalon touye dènye pitit gason li yo, pa gen yonn ki chape. 31Wa a #2 Sam 12.16 leve kanpe, li chire rad ki te sou li, li lage kò l atè. Tout moun ki te avèk wa a chire rad sou yo tou. 32Men #2 Sam 13.3,14 Jonabad, pitit gason Chimeya, frè David la, di l:
— Monwa, yo pa touye tout pitit gason ou yo non. Se Amnon ase ki mouri, paske Absalon te gen lide nan tèt li pou l te fè sa depi lè Amnon te fè kadejak sou Tama, sè l la. 33Kounyeya, monwa, ou pa bezwen koute moun k'ap vin di ou tout pitit gason ou yo mouri. Se Amnon ase yo touye.
34#2 Sam 18.24 sa a Absalon te gentan kraze rak. Sòlda ki te faksyonè a wè yon foul moun ki t'ap kouri desann ti pant sou chemen lavil Owonayim lan. L'al jwenn wa a, li di l sa li wè. 35Jonabad di wa a konsa:
— Men sa m t'ap di ou la. Se pitit gason ou yo k'ap vini.
36Fini li fin di sa, pitit gason David yo rive. Yo pete rele. Wa a pran rele ansanm ak tout chèf li yo. Yo rele kont rele yo.
37Absalon #2 Sam 3.3 menm kraze rak, l'al kay Talmayi, pitit gason Amiyoud la, ki te wa lavil Gechou a. David menm te nan gwo lapenn pandan kèk jou pou lanmò Amnon. 38Absalon rete pase twazan lavil Gechou kote li te kouri al kache a. 39#Jen 24.67; 37.35 wa David fin konsole apre lanmò Amnon, li vin anvi wè Absalon.

Currently Selected:

2 Samyèl 13: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in