YouVersion Logo
Search Icon

2 Samyèl 12

12
Pwofèt Natan repwoche David
1Senyè a voye pwofèt Natan kote David. Natan ale #2 Sam 7.2; 14.5-7; 1 Wa 1.10; 20.35-41; 1 Kwo 29.29 kote li, li di li:
— Vwala te gen de nèg ki t'ap viv nan yon vil. Yonn te rich, yonn te pòv. 2Nonm rich la te gen mouton ak bèf an kantite. 3Pòv la menm pat gen pase yon sèl ti mouton li te achte. Li swen li. Se anndan lakay li ansanm ak pitit li yo ti mouton an grandi. Se nan asyèt malere a menm ti mouton an te konn manje. Se nan gode l li bwè dlo. Se sou janm li li konn dòmi. Ti mouton an te tankou yon pitit fi pou li. 4Yon jou, yon vizitè vin rive lakay nonm rich la. Nonm rich la pat santi kouray li pou l te pran yonn nan mouton l yo osinon nan bèf li yo pou l fè manje bay vizitè a. Li pran ti mouton malere a, li fè manje ak li bay vizitè ki te lakay li a.
5David fache anpil sou nonm rich la. Li di Natan konsa:
— Mwen sèmante devan Senyè ki vivan an! Nonm ki fè zak sa a, li merite mouri. 6Pou l #Egz 22.1; Lik 19.8 peye bagay lèd li fè a, l'ap renmèt kat fwa lavalè sa l te pran an, paske li san pitye.
7#1 Sam 16.13 sa a, Natan di David:
— Nonm sa a, se ou menm! Men mesay Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Mwen te fè ou wa pèp Izrayèl la. Mwen sove ou anba men Sayil. 8Mwen ba ou baton kòmandman ki te nan men l lan ansanm ak tout madanm li yo. Mwen mete ou wa pou gouvènen ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo. Si sa pat kont toujou, mwen ta ba ou menm de fwa lavalè ankò. 9Poukisa #Nonb 15.31; 1 Sam 15.19; 2 Sam 11.15,17,27 atò ou pa swiv lòd mwen yo? Poukisa ou fè mechanste sa a? Ou fè yo touye Ouri nan lagè, ou kite moun Amon yo touye l. Lèfini, ou pran madanm li! 10Kounyeya, paske #2 Sam 13.28,29; 18.14,15; 1 Wa 2.25 ou pat koute m, paske ou pran madanm Ouri, moun Et la, pou madanm ou, nan fanmi ou ap toujou gen goumen. 11Men #2 Sam 16.22 sa mwen menm Senyè a, mwen di: M'ap fè yon moun nan fanmi ou menm sòti pou ba ou traka. M'ap wete madanm ou yo nan men ou, m'ap bay yon moun nan fanmi ou yo. L'a kouche avèk yo devan tout moun. 12Ou menm, ou te fè zafè ou ankachèt. Mwen menm, m'ap fè sa rive devan tout moun pou tout pèp Izrayèl la ka wè sa.
13David #1 Sam 15.24; Sòm 51.4; Mi 7.18 di Natan konsa:
— Wi, mwen rekonèt mwen peche kont Senyè a!
Lè sa a Natan di l konsa:
— Bondye sèl Mèt la p'ap pini ou pou sa ou fè a, ou p'ap mouri. 14Sèlman, #Eza 52.5; Eze 36.20,23; Wòm 2.24 ak sa ou fè la a, ou moutre jan ou ka derespekte Senyè a. #12.14: derespekte Senyè a: Dapre sa nou jwenn nan kèk vesyon, men tèks ebre a bay derespekte lènmi Senyè a. Se poutèt sa pitit ou fenk genyen an ap mouri.
15Apre sa, Natan al lakay li.
Pitit Batcheba a mouri
Senyè a fè pitit madanm Ouri te fè pou David la vin malad grav. 16David #2 Sam 13.31; 1 Wa 21.27 tonbe lapriyè Senyè a pou ti gason an. Li derefize mete anyen nan bouch li. Chak swa, li antre nan chanm li, li pase nwit lan kouche atè. 17Chèf ki te reskonsab palè li a al jwenn li, yo fè sa yo kapab pou fè l leve atè a, men li derefize. Konsa tou, li pat vle manje avèk yo. 18Apre yon senmenn, pitit la mouri. Chèf kay David yo te pè al ba li nouvèl la. Yo t'ap di: Si lè pitit la te malad ase, David te refize reponn nou lè nou pale avè l, ki jan pou n al di l kounyeya pitit la mouri? Li ka fè malè sou tèt li. 19Men David wè moun li yo t'ap pale nan zòrèy yonn ak lòt, li vin konprann pitit la mouri. Li mande yo:
— Pitit la mouri?
Yo reponn li:
— Wi, li mouri.
20David #2 Sam 7.18; Jòb 1.20 leve atè a, l'al benyen, li penyen tèt li, li chanje rad sou li. Lale nan kay Senyè a, li lapriyè. Apre sa, li tounen lakay li, li mande pou yo sèvi l manje. Li manje. 21Moun pa l yo t'ap di l:
— Monwa, nou pa konprann sa w'ap fè konsa? Lè pitit la te vivan, ou t'ap plede kriye, ou rete san manje. Men, mouri pitit lan mouri, ou leve, ou manje.
22David #Jo 3.9 reponn yo:
— Wi, mwen t'ap kriye, mwen te rete san manje lè pitit la te vivan toujou. Mwen te kwè Senyè a ta gen pitye pou mwen, li pa ta kite pitit la mouri. 23Men, #Jen 37.35; 1 Sam 28.19; Jòb 7.8-10 kounyeya, pitit la mouri, sa m bezwen rete san manje toujou fè? Eske mwen ka fè l leve ankò? Yon jou se mwen ki gen pou ale kote l ye a. Men li menm, li p'ap janm ka tounen vin jwenn mwen ankò.
Nesans Salomon
24Apre #1 Kwo 22.9; Mat 1.6 sa, David al konsole Batcheba, madanm li. Li kouche avè l, Batcheba vin ansent, li fè yon pitit gason. David rele l Salomon. Senyè a te renmen ti gason sa a. 25Li bay pwofèt Natan lòd al di David rele pitit la Jedidya, #12.25: Jedidya: Nan lang ebre a mo sa a vle di Moun Senyè a renmen an. paske Senyè a te renmen l vre.
David pran lavil Raba
(1 Kwonik 20.1-3)
26Pandan #1 Kwo 20.1-3 tout #2 Sam 11.1 tan sa a, Joab t'ap goumen toujou devan lavil Raba, kapital peyi Amon an. Li te prèt pou pran katye kote wa a te rete a. 27Li voye mesaje al di David pou li:
— Mwen atake lavil Raba. Mwen pran rezèvwa dlo yo. 28Kounyeya, sanble tout rès lame a, mache sou lavil la, vin pran li. Mwen pa ta vle se mwen menm ki pran lavil la lèfini pou tout lwanj lan vin pou mwen.
29Se konsa, David sanble tout lame a, li mache sou lavil Raba. Li atake l, li pran l. 30Estati Milkòm, zidòl moun Amon yo, te gen yon gwo kouwòn lò sou tèt li. Kouwòn lan te peze swasannkenz liv, li te gen yon gwo pyè koute chè ladan li. David pran kouwòn lò ki te sou tèt zidòl la, li mete li sou tèt pa li. Lèfini, se pa de bagay li pa pran lavil la. 31Li pran moun ki te rete nan lavil la, li fè yo travay ak goyin, wou ak rach. Li mete yo travay ap fè brik. Li fè menm bagay la tou nan tout lòt lavil nan peyi Amon an. Apre sa, li tounen Jerizalèm ak tout moun li yo.

Currently Selected:

2 Samyèl 12: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy