YouVersion Logo
Search Icon

2 Wa 24

24
1Pandan reny Jojakim lan, Nebikadneza, #2 Kwo 36.6; Jer 25.1,9; Da 1.1 wa peyi Babilòn, anvayi peyi Jida. Pandan twazan Jojakim soumèt devan li. Apre sa, li konmanse kenbe tèt avè l. 2#2 Wa 21.12-14; 23.27; Jer 35.11 sa a, Senyè a voye ansasen sòti nan peyi Babilòn, nan peyi Siri, nan peyi Mowab ak nan peyi Amon vin dèyè Jojakim. Li lage yo nan peyi Jida a pou yo fini avè l dapre sa Senyè a te di nan bouch pwofèt yo, sèvitè l yo. 3Sa #2 Wa 21.11; 23.26 te rive peyi Jida a paske Senyè a te vle wete pèp peyi Jida a devan je l poutèt peche wa Manase te fè yo, 4ak #2 Wa 21.16 pou kantite moun inonsan li te touye jouk tout lari Jerizalèm te plen san. Senyè a pat vle padonnen ankò.
5Tout #2 Kwo 36.8 rès istwa Jojakim lan, sa li te fè yo, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 6#2 Kwo 36.6; Jer 22.18,19; 36.30 Jojakim mouri se Jojakin, pitit gason li a, ki moute wa nan plas li.
7Wa #Jer 37.5-7; 46.2,26 peyi Lejip la pa janm sòti kite peyi l la ankò, paske wa peyi Babilòn lan te pran tout zòn ki te pou wa peyi Lejip la, depi larivyè Lefrat rive nan ravin Lejip.
Jojakin, wa peyi Jida
(2 Kwonik 36.9-10)
8Jojakin #1 Kwo 3.16; 2 Kwo 36.9; Jer 22.24 te gen dizwitan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa. Manman l te rele Neouchta. Se te pitit fi Elnatan, moun lavil Jerizalèm. 9Li fè sa ki mal devan Senyè a tankou papa l.
10Se #Da 1.1 sou reny li lame Nebikadneza, wa peyi Babilòn lan, te mache sou lavil Jerizalèm. Yo sènen lavil la. 11Pandan lame a te sènen lavil la, Nebikadneza vin atake lavil la li menm menm. 12#2 Wa 25.27; 2 Kwo 36.10; Jer 24.1; 29.1,2; Eze 17.12 sa a, Jojakin, wa peyi Jida a, al rann tèt li bay wa Babilòn lan ansanm ak manman l, pitit gason l yo, chèf lame l yo ak chèf palè li yo. Wa a fè yo tout prizonye. Lè sa a, Nebikadneza t'ap mache sou witan depi li te wa. 13Li #1 Wa 7.48-50; 2 Wa 20.17; 2 Kwo 36.7; Esd 1.7; Jer 20.5; Da 1.2; 5.2,3 pran tout richès ki te nan Tanp Senyè a ak nan palè wa a. Li kraze tout bèl bagay lò, Salomon, wa Izrayèl la, te fè pou sèvi nan Tanp Senyè a, jan Senyè a te konn fè sa depi lontan an. 14Nebikadneza #2 Wa 25.12; Jer 24.1; 29.2; 52.28 depòte dènye moun ki te lavil Jerizalèm, tout chèf yo, tout grannèg yo, li depòte tout atizan yo ak tout bòs fòjon yo. Sa te fè dimil (10.000) moun antou. Se moun pòv yo ase li kite nan peyi Jida a.
15Nebikadneza #2 Kwo 36.10; Jer 22.24-26; Eze 17.13 fè Jojakin prizonye ansanm ak manman l, madanm li yo, chèf nan gouvènman l yo ak tout grannèg peyi Jida yo. Li depòte yo, li pran yo lavil Jerizalèm li mennen yo peyi Babilòn. 16Wa peyi Babilòn lan te depòte antou sètmil (7.000) prizonye nan peyi Babilòn, ansanm ak mil atizan ak bòs fòjon san konte vanyan gason ki te ka fè lagè.
17Apre #2 Kwo 36.10-13 sa, #2 Wa 23.34; 1 Kwo 3.15; Jer 37.1 Nebikadneza pran Matanya, tonton wa Jojakin, li mete l wa nan peyi Jida. Li chanje non l, li rele l Sedesyas.
Sedesyas, wa peyi Jida
(2 Kwonik 36.11-12; Jeremi 52.1-3a)
18Sedesyas #Jer 52.1-3 te #2 Wa 23.31 gen venteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li pase onzan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Manman l te rele Amoutal. Se te pitit fi Jeremi, moun lavil Libna. 19Wa #2 Wa 23.27 Sedesyas te fè sa ki mal devan Bondye menm jan ak Jojakin. 20Se #Eze 17.18 konsa, Senyè a te fache ni sou moun lavil Jerizalèm yo, ni sou moun peyi Jida yo jouk jou li wete yo devan je l.
Jerizalèm anba Nebikadneza
(Jeremi 39.1-7; 52.3-11)
Men, rive yon lè Sedesyas derefize soumèt devan Nebikadneza, wa Babilòn lan.

Currently Selected:

2 Wa 24: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in