YouVersion Logo
Search Icon

2 Wa 23

23
Jozyas kraze tanp zidòl yo
(2 Kwonik 34.3-7)
1Lè sa a, wa Jozyas voye misyon bay #2 Kwo 34.29-32 tout chèf fanmi nan lavil Jerizalèm ak nan tout peyi Jida a pou yo reyini ansanm avè l. 2Apre #Det 31.11; 2 Wa 22.8 sa, wa a moute nan Tanp Senyè a ansanm avèk prèt yo, pwofèt yo, tout moun peyi Jida yo, moun ki rete Jerizalèm yo ak tout rès pèp la, tout moun alawonn. Wa a kanpe devan tout moun, li li byen fò tout sa ki nan liv Kontra yo te jwenn nan Tanp Senyè a. 3#2 Wa 11.14,17 li fini, li rete kanpe nan plas rezève pou li bò gwo poto a, li pran angajman devan Senyè a pou li fè volonte Senyè a, pou li mache dapre kòmandman, prensip ak lòd Bondye yo ak tout kè li ak tout nanm li. Lèfini, pou l kenbe tout kondisyon kontra ki ekri nan liv la. Tout pèp la pran angajman pou yo kenbe kontra a tou.
4Apre #2 Wa 21.3 sa, Jozyas rele Ilkija, granprèt la, prèt ki te avè l yo ak sòlda ki te desèvis nan pòt Tanp lan, li ba yo lòd al pran nan Tanp lan tout bagay yo te fè pou Baal, pou Achera ak pou zetwal yo, pote yo deyò. Wa a boule tout bagay sa yo andeyò lavil la, bò fon Sedwon an. Lèfini, li fè pote tout sann yo lavil Betèl. 5Li revoke tout prèt ansyen wa peyi Jida yo te nonmen pou fè sèvis sou lotèl zidòl yo nan lavil peyi Jida yo ak nan zòn Jerizalèm, tout prèt ki t'ap fè sèvis pou Baal, pou solèy, pou lalin, pou douz gwoup zetwal yo ak pou tout lòt zetwal yo. 6Li #Egz 32.20; Det 16.21; 2 Kwo 34.4 wete estati Achera, estati zidòl fanm ki te nan Tanp lan, li fè yo pote li deyò lavil la nan fon Sedwon an. Li boule li, li kraze li fè li tounen pousyè. L'al simen pousyè a nan simityè pèp la. 7Li #1 Wa 14.24 demoli tout kay kote mesyedam k'ap fè jennès pou zidòl yo te rete nan Tanp Senyè a. Se la medanm yo te konn fè twal pou estati Achera a tou. 8Lèfini, #1 Wa 15.22 li fè tout prèt ki te rete nan lavil peyi Jida yo antre lavil Jerizalèm. Li mache nan tout peyi a depi lavil Geba jouk lavil Bècheba, li gate tout kote prèt sa yo te konn fè sèvis pou zidòl yo, kifè yo pat ka sèvi pou sa ankò. Li demoli lotèl pòtay yo, ki te bò pòtay Jozye, gouvènè lavil la, te bati sou bò gòch pòtay prensipal la lè w'ap antre. 9Tansèlman, #Eze 44.10-14 prèt ki te sèvi nan tanp zidòl sa yo pat gendwa sèvi nan Tanp lan ankò, men yo te gendwa manje pen san ledven ansanm ak lòt prèt parèy yo.
10Wa #Lev 18.21; Joz 15.8; Jer 7.31,32; 19.11-14 Jozyas gate Tofèt la tou, yon tanp zidòl ki te nan fon Inon an, konsa pèsonn pat ka ofri pitit fi osinon pitit gason yo pou boule pou Molòk ankò. 11Li wete chwal wa Jida yo te mete apa pou sèvis bondye Solèy la. Li boule cha ki te konn sèvi nan sèvis pou solèy la. Se nan yon pyès nan lakou Tanp lan yo te ye, toupre pòtay la, bò kay kote Netanmelèk, nèg konfyans wa a, te rete. 12Wa #2 Wa 21.5; Jer 19.13; 32.29 Jozyas demoli lotèl wa Jida yote fè bati sou teras anwo apatman wa Akaz la, ansanm ak lotèl wa Manase te bati nan de lakou Tanp lan. Li kraze lotèl yo fè miyèt moso. Li voye yo jete nan fon Sedwon an.
13Jozyas #1 Wa 11.5,7 gate tout lotèl wa Salomon te fè bati sou bò solèy leve lavil Jerizalèm, sou bò sid Mòn Pye Oliv yo, #23.13: mòn Pye Oliv yo: Nan tèks ebre a yo rele mòn sa a Mòn Kraze-brize, osinon Mòn peche a. pou fè sèvis pou Astate, vye zidòl peyi Sidon an, pou Kemòch, vye zidòl peyi Mowab la, ak Milkòm, vye zidòl peyi Amon an. 14Wa #Egz 23.24 Jozyas kraze Poto Wòch yo, li koupe estati Achera, zidòl fanm lan. Li kouvri tout kote yo te ye a ak zosman moun.
15Jozyas #1 Wa 12.28,29,33 demoli lotèl ak tanp zidòl wa Jewoboram, pitit Nebat la, te bati lavil Betèl la tou. Se Jewoboram sa a ki te lakòz pèp Izrayèl la fè sa ki mal. Li kraze lotèl la, li fè wòch yo tounen poud. #23.15: li fè wòch yo tounen poud: Nan tèks ebre a nou jwenn li boule lotèl la. Li boule estati Achera a.
16 # 23.16: Tèks ebre a pa gen dènye fraz ki nan vèsè sa a pran depi lè Jewoboram te kanpe…jouk…gen pou rive a. Lèfini, #1 Wa 13.2 Jozyas voye je l sou ti mòn lan, li wè yon bann tonm. Li fè detere zosman yo pou boule yo sou lotèl la. Se konsa li gate lotèl la, jan Senyè a te fè pwofèt la di l la lè Jewoboram te kanpe bò lotèl la pandan fèt la. Apre sa, Jozyas voye je l gade ankò, li wè tonm pwofèt ki te fè konnen bagay sa yo gen pou rive a. 17Li #1 Wa 13.1,30 mande:
— Ki gwo tonm mwen wè laba a:
Moun Betèl yo reponn:
— Se tonm pwofèt ki te sòti peyi Jida vin fè nou konnen sa monwa t'ap vin fè lotèl Betèl la.
18Jozyas #1 Wa 13.11,31 di:
— Bon. Kite l jan li ye a! Piga pèsonn manyen zosman li yo.
Se konsa yo respekte zosman li yo ansanm ak zosman pwofèt ki te sòti lavil Samari a.
19Nan #2 Kwo 34.6,7 tout lavil peyi Izrayèl yo, wa Jozyas demoli tout kay zidòl wa peyi Izrayèl yo te fè bati epi ki te lakòz Senyè a te fache anpil. Li fè yo tou sa li te fè tanp zidòl lavil Betèl yo. 20Li #Egz 22.20; 1 Wa 18.40; 2 Wa 11.18; 2 Kwo 34.5 mete men sou tout prèt zidòl li te jwenn la yo, li touye yo sou lotèl yo. Lèfini, li boule zosman moun sou yo. Apre sa, li tounen tounen l lavil Jerizalèm.
Jozyas fete fèt Delivrans lan
(2 Kwonik 35.1-19)
21Wa #Egz 12.3-11; Nonb 9.2-4; Det 16.2-8; 2 Kwo 35.1-17 Jozyas bay pèp la lòd pou yo fete fèt Delivrans lan pou fè lwanj Senyè a, Bondye yo a, jan sa ekri nan Liv Kontra a. 22Yo #2 Kwo 35.18,19 pat janm fete fèt Delivrans lan konsa depi lè jij-chèf yo t'ap gouvènen peyi a, ni pandan reny tout wa peyi Izrayèl yo ak tout wa peyi Jida yo. 23Se sèlman sou reny wa Jozyas yo fete fèt Delivrans lan konsa lavil Jerizalèm pou Senyè a. Lè sa a, wa a t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen peyi a. 24Jozyas #Jen 31.19; Lev 19.31; 20.27; Det 18.11; 2 Wa 21.6; 22.8 fè disparèt tout divinò ak tout moun ki konn rele mò, tout estati zidòl wogatwa ak lòt vye zidòl degoutan, ak tout lòt vye bagay yo te konn wè nan tout peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm. Li fè sa pou l te ka kenbe kòmandman ak prensip ki ekri nan liv Lalwa Ilkija, prèt la, te jwenn nan Tanp Senyè a. 25Ni #Det 6.5; 2 Wa 18.5 anvan l, ni apre l, pat janm gen yon wa tankou l ki te sèvi Senyè a ak tout kè li, ak tout nanm li, ak tout kouray li, jan lalwa Moyiz mande l la. 26Men #2 Wa 21.11; 24.3,4; Jer 15.4 malgre sa, Senyè a te move toujou sou pèp peyi Jida a depi lè li te fache sou Manase pou sa l te fè a. 27Se #1 Wa 8.29; 2 Wa 17.18,20; 18.11; 21.13 poutèt sa, Senyè a di:
— Mwen pral wete moun peyi Jida yo devan je m menm jan m te fè l pou moun peyi Izrayèl yo. Se mwen ki te chwazi lavil Jerizalèm. Enben, m pral voye l jete ansanm ak Tanp mwen te di se la m'ap rete a.
Lanmò Jozyas
(2 Kwonik 35.20-27)
28Tout #2 Kwo 35.26,27 rès istwa Jozyas la ak tou sa li te fè, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa Jida yo. 29Se #Jij 5.19; 2 Wa 9.27,28; 2 Kwo 35.20-24 sou #Jer 46.2 reny Jozyas, farawon Neko, wa peyi Lejip, te moute nan direksyon larivyè Lefrat pou l'al bay wa peyi Lasiri a yon koutmen. Wa Jozyas sòti al kontre l pou anpeche li pase. Rive bò lavil Megido, wa Neko wè l, li touye l. 30Ofisye #2 Kwo 36.1-4 lame wa Jozyas yo pran kadav la, yo mete l sou yon cha sòti Megido, yo mennen l lavil Jerizalèm kote yo antere l nan kavo li. Apre sa, pèp la pran Joakaz, pitit Jozyas, yo mete l apa devan Bondye pou l sèvi wa nan plas papa l.
Joakaz, wa peyi Jida
(2 Kwonik 36.1-4)
31Joakaz #2 Wa 24.18; 1 Kwo 3.15; Jer 22.11 te gen venntwazan lè li moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa. Manman l te rele Amoutal. Se te pitit fi Jeremi, moun lavil Libna. 32Men li fè sa ki mal nan je Senyè a tankou zansèt li yo. 33Farawon #2 Wa 25.6,20,21 Neko fèmen l nan prizon lavil Ribla nan zòn Amat, pou li pa gouvènen nan lavil Jerizalèm ankò. Lè sa a tou, farawon an fè peyi Jida soumèt devan l. Li fòse peyi a ba li sètmil senksan (7.500) liv ajan ak swasannkenz liv lò. 34Apre #2 Wa 24.17; Jer 22.11,12; Eze 19.3,4; Da 1.7 sa, li pran Elyakim, pitit Jozyas, li mete l wa nan plas papa l. Lè sa a, li chanje non Elyakim, li rele l Jojakim. Lèfini, li pran Joakaz, li mennen l nan peyi Lejip. Se la Joakaz mouri.
Jojakim, wa peyi Jida
(2 Kwonik 36.5-8)
35Jojakim bay farawon Neko tout ajan ak tout lò li te mande a. Pou l te ka jwenn yo, li te fè chak moun nan peyi a bay dapre sa yo genyen. Se konsa li te fòse pèp la bay ajan ak lò farawon Neko te mande a. 36Jojakim #2 Kwo 36.5 te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan onzan. Manman l te rele Zebida. Se te pitit fi Pedaja, moun lavil Wouma. 37Men li fè sa ki mal nan je Senyè a tankou zansèt li yo.

Currently Selected:

2 Wa 23: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in