YouVersion Logo
Search Icon

2 Wa 22

22
Jozyas, wa peyi Jida
(2 Kwonik 34.1-2)
1Jozyas te gen witan lè li moute wa #2 Kwo 34.1,2 peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan tranteyennan. Manman l te rele Jedida. Se te pitit fi Adaja, moun lavil Bozka. 2Jozyas te fè sa ki dwat devan Senyè a. Li mache pye pou pye dèyè David, zansèt li, nan tou sa l'ap fè san li pa janm fè sa ki mal.
Dekouvèt liv lalwa a
(2 Kwonik 34.8-33)
3Wa #2 Kwo 34.8-28 Jozyas t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen. Yon jou li pran sekretè palè a, Chafan, pitit gason Azalya a, pitit pitit Mechoulam lan, li voye l nan Tanp Senyè a, li di l konsa:
4— Ale #2 Wa 12.4,9 jwenn Ilkija, granprèt la. W'a di l pou l fè rapò kantite lajan prèt ki desèvis devan pòt Tanp lan ranmase nan men pèp la. 5W'a #2 Wa 12.11,12,14 di l pou l renmèt lajan an nan men mesye ki reskonsab travay ki pou fèt nan Tanp lan, pou yo menm yo ka peye moun k'ap travay repare Tanp lan, ki vle di: 6bòs chapant yo, kontremèt yo ak bòs mason yo, lèfini pou yo achte bwa ak wòch yo bezwen pou fè reparasyon nan Tanp lan. 7Li #2 Wa 12.15 p'ap bezwen fè regleman ak moun sa yo, paske se moun serye yo ye.
8Lè Chafan, sekretè a, fin bay Ilkija lòd wa a, Ilkija di l konsa:
— Mwen jwenn liv lalwa a nan Tanp Senyè a.
Ilkija bay Chafan liv la. Chafan li l. 9Lèfini, li tounen al jwenn wa a, li fè rapò li. Li di l konsa:
— Moun ou yo pran tout lajan ki te nan Tanp lan, yo renmèt li bay moun ki reskonsab fè reparasyon nan Tanp Senyè a.
10Lèfini, li di wa a:
— Ilkija, prèt la, te ban m yon liv tou.
Chafan li liv la pou wa a. 11Lè wa a tande pawòl ki te ekri nan liv la, li chire rad sou li a sitèlman li te sezi. 12Li #2 Wa 25.22; Jer 26.24 fè chache Ilkija, prèt la, Akikam, pitit Chafan an, Achbò, pitit Mikaja a, Chafan, sekretè palè a, ak Asaja, nèg konfyans wa a. Li ba yo lòd sa a:
13— Ale #Det 29.27 chache konnen sa Senyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout pèp Jida a, avèk tout pawòl ki nan liv nou jwenn lan! Senyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pat okipe sa yo di nan liv la, ni yo pat fè tou sa ki ekri ladan l.
14Se #Egz 15.20; Jij 4.4; Ney 6.14; Lik 2.36 konsa Ilkija, prèt la, Akikam, Akbò, Chafan ak Asaja al kay Oulda, yon pwofèt fanm ki te rete nan katye yo te fenk bati lavil Jerizalèm lan. Oulda sa a se te madanm yon nonm yo rele Chaloum, pitit Tikva, pitit pitit Aras ki te reskonsab rad seremoni yo. Mesye yo di Oulda sa ki te rive. 15Oulda reponn:
— Men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Tounen al di moun ki voye nou bò kote m lan: 16Men mesay Senyè a voye ba li. Mwen pral voye yon malè sou lavil Jerizalèm ansanm ak sou tout moun li yo jan sa ekri nan liv wa Jida a te li a. 17Yo #Det 29.25-27 vire do ban mwen, yo fè sèvis pou lòt bondye. Avèk tout zak sa yo, yo fè m fè kòlè. Mwen move anpil sou lavil Jerizalèm. Kòlè m poko ap pase. 18Men sa n'a di wa peyi Jida a ki voye nou vin konnen volonte Bondye a. Wi, men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di l: Ou tande sa ki ekri nan liv la. 19Sa #Lev 26.31,32; 1 Wa 21.29; Jer 25.9,18; 26.6; 44.22 fè kè ou fè ou mal, ou soumèt ou devan mwen, lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Se bagay ki pral fè moun mete men nan bouch. Y'ap sèvi ak non yo pou bay madichon. Wi, lè ou tande sa ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa, mwen menm tou, mwen tande ou. Se mwen menm, Senyè a, k'ap di ou sa. 20Ou #2 Wa 23.29 menm, w'ap mouri ak kè poze nan kabann ou, y'ap antere ou nan menm kavo ak zansèt ou yo. Ou p'ap gentan wè malè m'ap voye sou lavil Jerizalèm lan.
Mesye yo tounen pote mesay la bay wa Jozyas.

Currently Selected:

2 Wa 22: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in