YouVersion Logo
Search Icon

2 Wa 25

25
1Se konsa sou dizyèm jou dizyèm mwa #Jer 52.4-27 nevyèm #Jer 39.1-7 lanne #2 Kwo 36.17; Jer 34.1; Eze 21.22 depi Sedesyas te wa a, Nebikadneza, wa Babilòn lan, vin atake lavil Jerizalèm ak tout lame li a. Yo moute kan yo devan miray lavil la, yo mete ranble nan tout pye miray yo. 2Yo sènen l nèt. Yo fèmen lavil la depi lè sa a rive sou onzyèm lanne reny Sedesyas la. 3#25.3: katriyèm mwa: Dapre sa nou jwenn nan Jeremi 52.6, men tèks ebre a pa bay ki mwa. Sou #Jer 38.9; Lam 4.9,10 nevyèm jou katriyèm mwa menm lanne sa a, te gen yon sèl grangou nan lavil la, moun yo pat gen anyen pou yo manje ankò. 4Yo fè yon twou nan miray yo. Atout lame moun Babilòn yo te sènen lavil la nèt, tout sòlda jwif yo mete deyò kite lavil la nan mitan lannwit. Yo pase nan mitan jaden wa a, yo desann nan wout pòtay la nan mitan de miray yo, yo pran chemen fon Jouden an pou yo. 5Men, lame moun Babilòn yo pousib wa Sedesyas. Lè yo rive nan plenn bò lavil Jeriko yo, yo mete men sou li. Lè sa a, tout sòlda li yo gaye, yo kouri kite l. 6Sòlda #2 Wa 23.33; Jer 32.4 lènmi yo pran wa a, yo mennen l bay wa Babilòn lan ki te lavil Ribla. Se la Nebikadneza jije li. 7Antan #Eze 12.13 yo lavil Ribla, li fè yo koupe tèt tout pitit wa Sedesyas yo devan wa a, papa yo. Lèfini, li fè yo kreve de je wa Sedesyas, epi yo mare li ak de gwo chenn kwiv. Yo mennen l' egzile li lavil Babilòn.
Yo kraze Tanp lan
(2 Kwonik 36.17-21; Jeremi 39.8-10; 52.12-23)
8Sou #Jer 39.8-10 setyèm jou senkyèm mwa nan diznevyèm lanne reny Nebikadneza, wa Babilòn lan, Neboucharadan, chèf lagad la, yonn nan konseye li yo, antre lavil Jerizalèm. 9Li #Sòm 79.1 met dife nan kay Bondye a ak nan palè wa a. Li boule dènye kay ki te lavil Jerizalèm, ata kay grannèg yo. 10Li #Ney 1.3 bay sòlda ki te avè l yo lòd demoli tout gwo miray ranpa lavil Jerizalèm yo met atè. 11Lèfini, #Jer 38.19 Neboucharadan, chèf lagad la, pran rès moun yo te kite nan lavil la, li depòte yo lavil Babilòn ansanm ak tout moun ki te vin rann tèt yo bay wa Babilòn lan ak tout bon bòs #25.11: tout bon bòs: Tèks ebre a bay tout foul moun. ki te rete nan lavil la. 12Men, #2 Wa 24.14; Jer 40.7 li kite kèk moun nan mas pèp la, nan sa ki te pi pòv yo. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo okipe.
13Moun #2 Kwo 36.18-20 Babilòn #1 Wa 7.15,23,27; Jer 27.19,22 yo pran gwo poto kwiv ki te nan Tanp Senyè a ansanm ak tout sipò yo ak basin kwiv yo tou. Yo kraze yo fè ti moso. Yo pote kwiv yo ale lavil Babilòn. 14Yo #Egz 27.3; 1 Wa 7.45,50 pran plat pou resevwa sann yo, pèl yo, kouto yo, gode yo, tas yo, kiyè yo ak tout lòt bagay an kwiv yo te konn sèvi nan Tanp lan. 15Chèf lagad la pran kivèt yo, recho yo ak dènye bagay ki te fèt an lò ak an ajan: 16de #1 Wa 7.47 gwo poto won yo, gwo basin lan ak douz estati towo bèf ki te sèvi li sipò yo, ak kabwèt kwiv wa Salomon te fè fabrike pou mete nan Tanp lan. Tout bagay sa yo te lou anpil, pèsonn pat konn pèz yo. 17Chak #1 Wa 7.15-18 poto te gen vennsèt pye wotè. Sou tèt chak poto, te gen yon blòk fèt ak kwiv ki gen sèt pye edmi wotè. Sou tout wonn poto yo, te gen desen ti chenn makònen yonn ak lòt ak anpil pòtre grenad plake sou yo. Tout te fèt ak kwiv. De poto yo te parèy.
Moun peyi Jida yo lavil Babilòn
18Lèfini, #1 Kwo 6.14; Esd 7.1 Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraja, granprèt la, Sefànya, adjwen granprèt la, ansanm ak twa lòt gwo chèf nan Tanp lan, li fè yo prizonye. 19Nan lavil la, li pran chèf ki te kòmandan lame a ansanm ak senk lòt otorite ki te konseye wa a, ak sekretè kòmandan lame a ki te reskonsab pou pran moun nan lame a, ak swasant lòt grannèg. Tout moun sa yo te nan lavil la toujou. 20Neboucharadan #2 Wa 23.33 pran yo, li mennen yo bay wa Babilòn lan lavil Ribla. 21Wa a #Lev 26.33; Det 28.64; 2 Wa 17.23; 23.27 fè bat yo, lèfini, li fè touye yo lavil Ribla nan peyi Amat.
Se konsa yo te depòte moun Jida yo byen lwen peyi yo.
Gedalya gouvènen peyi Jida
(Jeremi 40.7-10; 41.1-3,16-18)
22Nebikadneza, #2 Wa 22.12; Jer 39.14; 40.5 wa Babilòn lan, pran Gedalya, pitit Achikam, pitit pitit Chafan, li mete l chèf sou rès moun li te kite nan peyi a. 23Rès #Jer 40.7-9 chèf lame yo ansanm ak sòlda yo vin konnen wa Babilòn lan te mete Gedalya chèf sou tout peyi a. Se konsa Ismayèl, pitit Netanya, Joanan, pitit Karèd, Seraja, pitit Tannoumèt, moun lavil Netofa, ansanm ak Zezanya, pitit Makan, yo moute lavil Mispa, y'al jwenn Gedalya ansanm ak tout sòlda yo. 24Gedalya di yo:
— Mwen ban nou pawòl mwen, nou pa bezwen pè soumèt devan moun Babilòn yo. Rete nan peyi a. Sevi wa Babilòn lan. Tout bagay va mache byen pou nou.
25Nan #Jer 40.14,15; 41.1,2 setyèm mwa a menm lanne sa a, Ismayèl, pitit Netanya, pitit pitit Elichama, rive Mispa ansanm ak dis lòt moun. Ismayèl te yon ti fanmi wa a. Yo touye Gedalya ansanm ak tout gason jwif ki te lavil Mispa avèk Gedalya. Yo touye tout sòlda moun Babilòn ki te la tou. 26#Jer 43.4-7 sa a, tout moun, granmoun kou timoun, ansanm ak chèf lame yo leve, yo desann peyi Lejip paske yo te pè moun Babilòn yo.
Wa Jojakin sòti nan prizon
(Jeremi 52.31-34)
27Premye #Jer 52.31-34 lanne #Jen 40.13,20; 2 Wa 24.12,15 wa Evilmewodak pran pouvwa a lavil Babilòn, li fè pa Jojakin, wa Jida a, li fè l sòti nan prizon. Lè sa a, Jojakin te gen trannsizan, onz mwa vennsèt jou, jou pou jou, depi yo te depòte l. 28Evilmewodak te sèvi byen avè l, li ba l premye plas nan mitan tout lòt wa yo te depòte lavil Babilòn tankou l yo. 29Li #2 Sam 9.7,13 wete rad prizonye ki te sou Jojakin lan, li fè l vin manje sou menm tab avè l chak jou jouk Jojakin mouri. 30Chak jou, wa a ba li sa li te bezwen pou l viv, konsa, konsa, jouk li mouri.

Currently Selected:

2 Wa 25: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy