YouVersion Logo
Search Icon

1 Wa 19

19
Eli dekouraje
1Wa Akab rakonte Jezabèl, madanm #1 Wa 18.40 li, tou sa Eli te fè, ki jan li te touye tout pwofèt Baal yo. 2Jezabèl #Rit 1.17; 1 Wa 20.10 voye yon misyon bay Eli. Li voye di l:
— Se ou, se mwen! #19.2: Se ou, se mwen! Pa gen fraz sa a nan tèks ebre a. Se pou bondye yo ban m pi gwo pinisyon ki genyen si denmen lè konsa mwen pa fè ou tou sa ou te fè pwofèt yo.
3Eli #Jen 21.31 vin pè. Li kouri met deyò pou l sove lavi li. Li pran domestik li avè l, l'ale lavil Bècheba nan peyi Jida. Li kite domestik li a la. 4Eli #Nonb 11.15; Jo 4.3,8 menm mache tout yon jounen nan dezè a. Lè li rete, l'al chita anba lonbray yon ti pye bayawonn. Li mande lanmò. Li di:
— M'pa kapab ankò, Senyè! Pito ou pran mwen kont fini. Mwen pa pi bon pase zansèt mwen yo.
5Li #Tra 12.7 lage kò l anba pye bayawonn lan. Dòmi pran l. Antan l nan dòmi an, yon zanj vin souke l, li di l konsa:
— Leve ou manje!
6Eli voye je l gade bò kote l, li wè yon ti pen plat tankou sa yo kwit sou chabon dife ak yon krich dlo bò tèt li. Li manje, li bwè. Lèfini, li kouche, li dòmi ankò. 7Zanj Senyè a tounen yon dezyèm fwa, li souke Eli, li leve l, li di l:
— Leve ou manje, paske vwayaj la pral long anpil pou ou.
8Eli #Egz 3.1; 24.18; Mak 1.13 manje, li bwè. Fòs li remoute. Li mache karant jou, karant nwit jouk li rive sou mòn Orèb, mòn Bondye a. 9Lè li rive, li antre nan yon gwòt, li pase nwit lan la. Senyè a pale ak Eli ankò, li di li:
— Eli, sa w'ap fè la a?
10Eli #Nonb 25.11,13; 1 Wa 18.4,22,30; Mat 23.30-32; Tra 7.52; Wòm 11.3 reponn:
— Senyè, Bondye ki gen tout pouvwa, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la, li kraze lotèl ou yo, li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m.
11Senyè a #Egz 24.12; 34.2; Eze 1.4; 37.7 di li:
— Sòti, vin kanpe devan Senyè a sou tèt mòn lan. M pral pase!
Senyè a vin ap pase. Yon gwo van vin leve, li pran vante byen fò, li fann mòn yo, li pete wòch yo devan Senyè a. Men Senyè a pat nan van an. Lè van an kase, tè a pran tranble, men Senyè a pat nan tranblemann tè a. 12Lè tè a sispann tranble, te gen yon dife, men Senyè a pat nan dife a. Apre dife a, yon ti bri tou piti fèt, yon ti briz tou fèb vin ap soufle. 13#Egz 3.6 Eli tande l, li kouvri tèt li ak gwo rad li, li sòti, li kanpe devan gwòt la. Li tande yon vwa ki di l:
— Eli, sa w'ap fè isit la?
14Eli #Wòm 11.3 reponn:
— Senyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la. Li kraze lotèl ou yo. Li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m.
15Senyè a #2 Wa 8.13-15 di li:
— Ale non! Pran menm wout ou te pase nan dezè a pou vini isit la, tounen lavil Damas. W'a antre lavil Damas, w'a pran Azayèl, w'a mete l wa peyi Siri nan non mwen. 16Apre #2 Wa 2.9,15; 9.1-6 sa, ou va ale lakay Jeyi, pitit gason Nimchi a, w'a mete li wa peyi Izrayèl nan non mwen. Lèfini, w'a pran Elize, pitit gason Chafat, moun Abèl-Mewola, w'a mete li apa nan non mwen pou l'sèvi pwofèt nan plas ou. 17Tout #2 Wa 8.12; 9.24,27,33; 10.11; 13.3,22 moun ki va chape anba men Azayèl va tonbe anba men Jeou. Tout moun ki va chape anba men Jeou va tonbe anba men Elize. 18Men #Oze 13.2; Wòm 11.4 m'ap kite sètmil (7.000) moun vivan nan peyi Izrayèl la. Se moun ki pat mete ajenou devan Baal pou sèvi li, ni ki pat bo estati li yo.
Eli nonmen Elize nan plas li
19Eli #2 Wa 2.8 pati. Li jwenn Elize, pitit gason Chafat la, ki t'ap raboure yon jaden avèk douz pè bèf. Elize t'ap raboure dènye pòsyon tè a ak douzyèm pè bèf la lè Eli pwoche bò kote l. Eli wete gwo rad ki te sou li a, li voye l sou Elize. 20Menm #Lik 9.61,62 lè a, Elize kite bèf li yo, li kouri al jenn Eli. Li di li konsa:
— Kite m'al di manman m' ak papa m' orevwa anvan. Apre sa, m'a swiv ou.
Eli reponn li:
— Ou mèt ale. Men retounen wi. Paske pa bliye jès m'sot fè ou la?
21Elize #2 Sam 24.22; 2 Wa 3.11 kite Eli, li tounen tounen l, li pran yon pè bèf, li touye yo. Li pran bwa jouk yo, li limen dife, li kwit vyann lan. Li bay moun ki te avè l yo pou yo manje. Lèfini, li pati al jwenn Eli, li rete avè l.

Currently Selected:

1 Wa 19: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy