YouVersion Logo
Search Icon

1 Wa 18

18
Eli ak pwofèt Baal yo
1Apre sa, kèk tan pase. Chechrès la #1 Wa 17.1 t'ap mache sou twazan depi li t'ap bat peyi a. Lè sa a, Senyè a pale ak Eli, li di l konsa:
— Al parèt devan wa Akab. Mwen pral fè lapli tonbe.
2Eli pati pou l'al devan wa Akab. Grangou a te rèd anpil pou moun lavil Samari yo. 3Akab te fè rele Abdyas ki te reskonsab palè a. Abdyas sa a te sèvi Senyè a ak tout kè li. 4Lè larenn Jezabèl t'ap fè touye pwofèt Senyè yo, li menm Abdyas te sove san (100) ladan yo. Li te kache yo nan de gwòt, li te mete senkant nan chak gwòt. Lèfini, li ba yo manje, li ba yo bwè.
5Akab te di Abdyas:
— Nou pral mache nan tout peyi a, nou pral gade bò tout sous dlo, nan tout ravin kote nou ka jwenn zèb pou bay chwal yo ak milèt yo. Konsa nou p'ap bezwen touye ladan yo.
6Yo separe peyi a fè de zòn, yo chak pran yon zòn pou yo mache al chache zèb. Se konsa Akab pran yon chemen, Abdyas pran yon lòt chemen.
7Antan Abdyas ap mache konsa, li tonbe bab pou bab ak Eli. Li rekonèt li, li bese tèt li jouk atè devan li. Li mande l:
— Se ou menm vre, Eli, mèt mwen?
8Eli reponn:
— Wi, se mwen! Ale di wa a, mèt ou a, men m isit la!
9Abdyas reponn:
— Kisa m fè ki mal pou ou voye m al chache lanmò nan men wa Akab? 10Mwen pran Senyè ki vivan an, Bondye ou la, pou temwen, pa gen peyi sou latè kote wa a pa fè chache ou. Chak fwa nan yon peyi yo di l ou pa lakay yo, wa Akab te fòse chèf la ak tout pèp la fè sèman yo pat jwenn ou. 11Epi, kounyeya ou vle pou m al di li men ou isit la? 12Bon, #2 Wa 2.16; Eze 3.12,14; 8.3; Tra 8.39 vire m vire do m ale la a, si lespri Senyè a pran ou, li pote ou yon kote m pa konnen, lè m'a di wa Akab ou isit la, lè la vini li pa wè ou, l'ap touye m. Chonje mwen menm m'ap sèvi Senyè a ak krentif depi mwen piti. 13Mèt, yo pa janm rakonte ou sa m te fè lè Jezabèl t'ap touye pwofèt Senyè yo? Mwen kache san (100) pwofèt nan de gwòt, senkant nan chak gwòt, mwen ba yo manje, mwen ba yo bwè. 14Men kounyeya ou vle pou mal di wa a men ou isit la! L'ap touye m!
15Eli #1 Wa 17.1 reponn li:
— Mwen pran Senyè m'ap sèvi a, Bondye ki gen tout pouvwa a, pou temwen. Jòdi a m'ap parèt devan Akab!
16Se konsa Abdyas pati, li jwenn Akab, li fè l rapò. Akab vin kontre Eli. 17#Joz 7.25; 1 Wa 21.20 Akab wè Eli, li di l:
— Apa ou sa! Se ou menm k'ap rale malè sou pèp Izrayèl la konsa!
18Eli #1 Wa 9.9; 16.31; 2 Kwo 24.20 reponn li:
— Se pa mwen ki rale malè sou pèp Izrayèl la. Se ou menm ak tout fanmi papa ou yo ki lakòz, paske nou dezobeyi lòd Senyè a te bay, n'al adore zidòl Baal yo. 19Kounyeya, bay #1 Wa 16.33 lòd pou tout moun pèp Izrayèl yo vin sanble bò kote m sou mòn Kamèl la. Gen katsansenkant (450) pwofèt Baal ak katsan (400) pwofèt zidòl fanm yo rele Astate a Jezabèl ap pran swen. Fè yo vini tou.
20Akab voye chache tout pèp Izrayèl la. Li fè sanble tout pwofèt Baal yo sou mòn Kamèl la. 21Eli #Joz 24.15; 2 Wa 17.41; Mat 6.24; 1 Kor 10.21 al kanpe devan pèp la, li di yo:
— Kilè n'a sispann woule de bò! Si se Senyè a ki Bondye, se li pou n sèvi. Si se Baal ki Bondye, se li pou n sèvi!
Men pèp la pa di yon mo. 22Eli #1 Wa 19.10,14 di yo:
— Nan tout pwofèt Senyè a, se mwen menm ase ki rete. Men gen katsansenkant (450) pwofèt Baal. 23Mennen de jenn towo ban nou. Pwofèt Baal yo va chwazi yonn, y'a touye l, y'a koupe l an moso, y'a mete l sou yon pil bwa, men piga yo limen dife. Mwen menm m'a fè menm jan an tou ak lòt towo a. M'a mete l sou yon pil bwa, mwen p'ap limen dife. 24Y'a rele bondye yo a. Mwen menm, m'a rele Senyè a. Sa ki va voye dife pou reponn lan se li ki Bondye.
Tout pèp la reponn:
— Nou dakò!
25Lè sa a, Eli di pwofèt Baal yo:
— Nou anpil, mwen ban nou devan. Chwazi yon towo. Pare li. Lèfini, rele bondye nou an. Men, pa mete dife nan bwa a.
26Pwofèt Baal yo pran towo yo ba yo a, yo pare li. Lèfini, yo pran rele Baal depi maten jouk rive bò midi. Yo t'ap di:
— Baal o! Reponn nou non!
Yo t'ap danse fè wonn lotèl yo te moute a. Men ankenn vwa, pyès repons.
27Vè midi, Eli tanmen pase yo nan betiz. Li di yo:
— Rele pi fò non! Se bondye li ye. Li dwe okipe anpil. Li ka ap kalkile, osinon li nan vwayaj. Li ka ap dòmi tou. Se pou nou leve l.
28Pwofèt yo pran rele pi fò. Yo pran nepe ak kouto, yo make tout kò yo jan yo te konn fè l la. San t'ap koule sou yo konsa. 29#Egz 29.39,41; Da 9.21 midi fin pase, yo pran rele Baal pi rèd toujou jouk lè pou yo fè ofrann apremidi a rive. Men, okenn vwa pa reponn! Anyen pa pati.
30#1 Wa 19.10,14 sa a, Eli mande pèp la pou yo pwoche bò kote l. Lè yo pwoche vin jwenn li, li rebati lotèl Senyè a paske yo te kraze l. 31Li #Jen 32.28; 35.10; Joz 4.3-5 pran douz wòch, yonn pou chak branch fanmi pitit Jakòb yo. Se Senyè a ki te bay Jakòb non Izrayèl li pote a. 32Li pran wòch yo, li rebati lotèl Senyè a. Li fouye yon kannal fè wonn lotèl la. Kannal la te ka pran kat galon dlo. 33Li ranje bwa yo sou lotèl la, li dekoupe towo a, li mete moso vyann yo sou bwa yo.
Lèfini li di:
— Plen kat krich dlo vide yo sou ofrann lan ak sou bwa yo.
Apre yo fè sa, 34li di yo:
— Fè l yon dezyèm fwa.
Apre yo fè l, li di yo ankò:
— Fè l yon twazyèm fwa.
Yo fè l ankò. 35Dlo a koule tout atè bò lotèl la, li plen kannal la.
36#Egz 3.6; Esd 9.4 lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di:
— Senyè, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m lòd fè tout bagay sa yo. 37Reponn mwen, Senyè! Reponn mwen pou pèp sa a ka konnen se ou menm Senyè a ki Bondye, pou yo rekonèt se ou menm k'ap fè yo tounen vin jwenn ou.
38Senyè a #Lev 9.24; 1 Wa 18.24 voye dife sòti nan syèl la, li boule ofrann lan, bwa yo, wòch yo ak anplasman kote lotèl la te ye a, li fè tout dlo ki te nan kannal la cheche. 39Lè pèp la wè sa, yo tonbe fas atè, yo pran rele:
— Se Senyè a ki Bondye! Se Senyè a ki Bondye!
40#2 Wa 10.25 sa a, Eli di yo:
— Mete men sou pwofèt Baal yo! Pa kite yonn chape.
Pèp la mete men sou tout pwofèt yo. Eli mennen yo desann nan ravin Kison an, li touye yo.
Chechrès la fini
41Apre sa Eli di wa Akab konsa:
— Kounyeya, ou mèt al manje, ou mèt al bwè. Mwen tande bri lapli a k'ap vini.
42Akab #Jak 5.17,18 al manje, l'al bwè. Eli menm moute sou tèt mòn Kamèl. Li mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. 43Li di domestik li a:
— Al gade bò lanmè a.
Domestik la ale, li gade. Li tounen, li di:
— M pa wè anyen!
Pandan sèt fwa Eli di li al gade. 44Sou #Lik 12.54 setyèm fwa a, domestik la di li:
— Mwen wè yon ti nyaj k'ap moute sou lòtbò lanmè a. Li gwosè yon plamen.
Lè sa a, Eli bay domestik li a lòd sa a:
— Ale jwenn wa Akab, w'a di li: Moute cha ou ale lakay ou anvan lapli bare ou.
45Yon sèl kou a, syèl la vin sonm. Van an tanmen soufle, yon gwo lapli pran tonbe. Akab moute cha li. L'ale Jizreyèl. 46Pouvwa #Egz 12.11; 2 Wa 3.15; Eze 1.3; 3.14 Senyè a vin sou Eli. Eli mare rad li nan ren, li pran kouri devan Akab jouk yo rive lavil Jizreyèl.

Currently Selected:

1 Wa 18: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy