YouVersion Logo
Search Icon

1 Wa 17

17
Pwofèt Eli anonse yon gwo chechrès
1Yon pwofèt yo te rele Eli, moun lavil #Rit 3.13; 1 Wa 18.1,15; Lik 4.25; Jak 5.17; Rev 11.6 Tichbe nan zòn Galarad, di wa Akab konsa:
— Nan non Senyè m'ap sèvi a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, men sa m'ap di ou: Pandan lanne k'ap vini yo, p'ap gen lawouze, p'ap gen lapli si se pa mwen ki mande sa.
2Apre sa, Senyè a pale ak Eli, li di l konsa:
3— Kite kote ou ye a, ale nan direksyon solèy leve. Al kache toupre ravin Kerit la ki sou bò solèy leve larivyè Jouden. 4W'a jwenn dlo nan ravin lan pou ou bwè. Mwen bay kaw yo lòd pou yo pote manje ba ou.
5Eli fè sa Senyè a te di l fè a. Li pati, l'al rete toupre ravin Kerit la. 6Kaou yo pote pen ak vyann pou li chak maten, chak aswè. Li te jwenn dlo pou l bwè nan ravin lan.
Istwa Eli ak vèv lavil Sarepta a
7Kèk tan apre sa, ravin lan vin chèch, paske lapli pat tonbe nan peyi a. 8Lè sa a, Senyè a pale ak Eli, li di l konsa:
9— Leve #Lik 4.26 non! Ale lavil Sarepta, nan peyi wa Sidon an. Se la ou pral rete kounyeya. Mwen bay yon fanm vèv ki rete laba a lòd pou li ba ou manje.
10Se konsa, Eli leve vre, li pati lavil Sarepta. Lè li rive bò pòtay lavil la, li wè yon vèv ki t'ap ranmase bwa. Li rele li, li di li konsa:
— Tanpri, pote ti gout dlo ban mwen bwè.
11Madanm lan fè sa pou l'al chache dlo a, Eli rele l ankò, li di l konsa:
— Tanpri, pote yon moso pen pou mwen tou.
12Madanm #2 Wa 4.2 lan reponn li:
— Mwen pran Senyè Bondye ou la ki vivan an pou temwen, mwen pa gen pen tou kwit lakay mwen non. Tout sa mwen genyen, se annik yon ti ponyen farin nan yon ti bòl ak yon ti degout lwil nan dèyè yon boutèy. Mwen vin ranmase de ti fachin bwa. Mwen pral pare ti manje a pou mwen ak ti gason mwen an. Lè nou fin manje li, nou pral rete konsa jouk grangou touye nou.
13Eli di li:
— Pa bat kò ou! Ale pare ti manje ou la! Sèlman fè yon ti pen pou mwen anvan, epi pote l vini. Apre sa, w'a fè yonn pou ou ak pitit gason ou lan. 14Paske men pawòl Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Ti bòl farin frans lan ak ti boutèy lwil oliv la p'ap janm vid jouk jou mwen menm Senyè a m'a fè lapli tonbe sou latè ankò.
15Madanm lan ale, li fè sa Eli te di l fè a. Se konsa pandan lontan, ni madanm lan, ni pitit gason l lan, #17.15: pitit gason l lan: Dapre sa nou jwenn nan vèsyon grèk la, men tèks ebre a bay moun lakay li yo. ni Eli, yo tout jwenn manje pou yo manje. 16Te toujou gen farin frans nan ti bòl la ak lwil oliv nan ti boutèy la, jan Senyè a te mete pawòl la nan bouch pwofèt Eli.
Eli fè pitit gason vèv la reviv
17Kèk tan apre sa, pitit gason metrès kay la tonbe malad. Maladi a vini pi mal sou li jouk li mouri. 18Madanm #2 Wa 4.9; Lik 5.8 lan di Eli konsa:
— Sèvitè Bondye, poukisa ou fè m sa? Ou vin lakay mwen pou fè Bondye chonje peche m yo, pou fè pitit gason m lan mouri.
19Eli reponn:
— Ban m pitit la.
Li pran ti gason an nan men manman l, li moute avè l nan pyès chanm anwo kay la kote li te rete a, li mete l kouche sou kabann li. 20Apre sa, li lapriyè, li di:
— Senyè, Bondye mwen, poukisa pou ou fè vèv sa a tout lapenn sa a? Li resevwa m lakay li, men w'ap pran pitit li.
21Eli #2 Wa 4.34,35; Tra 20.10 kouche twa fwa sou pitit la, li lapriyè. Li di:
— Senyè, Bondye mwen, tanpri, bay pitit la lavi ankò.
22Senyè a koute lapriyè Eli a, li bay pitit la lavi ankò. Ti gason an rekonmanse pran souf. 23Eli #Lik 7.15; Eb 11.35 pran ti bway la, li desann anba avè l, li renmèt li bay manman l, li di l:
— Gade! Ti gason ou lan vivan!
24Madanm #Jan 3.2 lan reponn:
— Kounyeya mwen wè se yon sèvite Bondye ou ye vre. Pawòl nan bouch ou se pawòl Bondye vre.

Currently Selected:

1 Wa 17: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy