1
1 Wa 17:14
1998 Haïtienne
Paske men pawòl Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Ti bòl farin frans lan ak ti boutèy lwil oliv la p'ap janm vid jouk jou mwen menm Senyè a m'a fè lapli tonbe sou latè ankò.
Compare
Explore 1 Wa 17:14
2
1 Wa 17:1
Yon pwofèt yo te rele Eli, moun lavil Tichbe nan zòn Galarad, di wa Akab konsa: — Nan non Senyè m'ap sèvi a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, men sa m'ap di ou: Pandan lanne k'ap vini yo, p'ap gen lawouze, p'ap gen lapli si se pa mwen ki mande sa.
Explore 1 Wa 17:1
3
1 Wa 17:13
Eli di li: — Pa bat kò ou! Ale pare ti manje ou la! Sèlman fè yon ti pen pou mwen anvan, epi pote l vini. Apre sa, w'a fè yonn pou ou ak pitit gason ou lan.
Explore 1 Wa 17:13
4
1 Wa 17:12
Madanm lan reponn li: — Mwen pran Senyè Bondye ou la ki vivan an pou temwen, mwen pa gen pen tou kwit lakay mwen non. Tout sa mwen genyen, se annik yon ti ponyen farin nan yon ti bòl ak yon ti degout lwil nan dèyè yon boutèy. Mwen vin ranmase de ti fachin bwa. Mwen pral pare ti manje a pou mwen ak ti gason mwen an. Lè nou fin manje li, nou pral rete konsa jouk grangou touye nou.
Explore 1 Wa 17:12
5
1 Wa 17:9
— Leve non! Ale lavil Sarepta, nan peyi wa Sidon an. Se la ou pral rete kounyeya. Mwen bay yon fanm vèv ki rete laba a lòd pou li ba ou manje.
Explore 1 Wa 17:9
6
1 Wa 17:16
Te toujou gen farin frans nan ti bòl la ak lwil oliv nan ti boutèy la, jan Senyè a te mete pawòl la nan bouch pwofèt Eli.
Explore 1 Wa 17:16
7
1 Wa 17:15
Madanm lan ale, li fè sa Eli te di l fè a. Se konsa pandan lontan, ni madanm lan, ni pitit gason l lan, ni Eli, yo tout jwenn manje pou yo manje.
Explore 1 Wa 17:15
8
1 Wa 17:10
Se konsa, Eli leve vre, li pati lavil Sarepta. Lè li rive bò pòtay lavil la, li wè yon vèv ki t'ap ranmase bwa. Li rele li, li di li konsa: — Tanpri, pote ti gout dlo ban mwen bwè.
Explore 1 Wa 17:10
9
1 Wa 17:4
W'a jwenn dlo nan ravin lan pou ou bwè. Mwen bay kaw yo lòd pou yo pote manje ba ou.
Explore 1 Wa 17:4
10
1 Wa 17:11
Madanm lan fè sa pou l'al chache dlo a, Eli rele l ankò, li di l konsa: — Tanpri, pote yon moso pen pou mwen tou.
Explore 1 Wa 17:11
11
1 Wa 17:6
Kaou yo pote pen ak vyann pou li chak maten, chak aswè. Li te jwenn dlo pou l bwè nan ravin lan.
Explore 1 Wa 17:6
12
1 Wa 17:7
Kèk tan apre sa, ravin lan vin chèch, paske lapli pat tonbe nan peyi a.
Explore 1 Wa 17:7
13
1 Wa 17:24
Madanm lan reponn: — Kounyeya mwen wè se yon sèvite Bondye ou ye vre. Pawòl nan bouch ou se pawòl Bondye vre.
Explore 1 Wa 17:24
14
1 Wa 17:5
Eli fè sa Senyè a te di l fè a. Li pati, l'al rete toupre ravin Kerit la.
Explore 1 Wa 17:5
15
1 Wa 17:22
Senyè a koute lapriyè Eli a, li bay pitit la lavi ankò. Ti gason an rekonmanse pran souf.
Explore 1 Wa 17:22
Home
Bible
Plans
Videos