1
1 Wa 19:12
1998 Haïtienne
Lè tè a sispann tranble, te gen yon dife, men Senyè a pat nan dife a. Apre dife a, yon ti bri tou piti fèt, yon ti briz tou fèb vin ap soufle.
Compare
Explore 1 Wa 19:12
2
1 Wa 19:4
Eli menm mache tout yon jounen nan dezè a. Lè li rete, l'al chita anba lonbray yon ti pye bayawonn. Li mande lanmò. Li di: — M'pa kapab ankò, Senyè! Pito ou pran mwen kont fini. Mwen pa pi bon pase zansèt mwen yo.
Explore 1 Wa 19:4
3
1 Wa 19:11
Senyè a di li: — Sòti, vin kanpe devan Senyè a sou tèt mòn lan. M pral pase! Senyè a vin ap pase. Yon gwo van vin leve, li pran vante byen fò, li fann mòn yo, li pete wòch yo devan Senyè a. Men Senyè a pat nan van an. Lè van an kase, tè a pran tranble, men Senyè a pat nan tranblemann tè a.
Explore 1 Wa 19:11
4
1 Wa 19:13
Lè Eli tande l, li kouvri tèt li ak gwo rad li, li sòti, li kanpe devan gwòt la. Li tande yon vwa ki di l: — Eli, sa w'ap fè isit la?
Explore 1 Wa 19:13
5
1 Wa 19:9
Lè li rive, li antre nan yon gwòt, li pase nwit lan la. Senyè a pale ak Eli ankò, li di li: — Eli, sa w'ap fè la a?
Explore 1 Wa 19:9
6
1 Wa 19:8
Eli manje, li bwè. Fòs li remoute. Li mache karant jou, karant nwit jouk li rive sou mòn Orèb, mòn Bondye a.
Explore 1 Wa 19:8
7
1 Wa 19:5
Li lage kò l anba pye bayawonn lan. Dòmi pran l. Antan l nan dòmi an, yon zanj vin souke l, li di l konsa: — Leve ou manje!
Explore 1 Wa 19:5
8
1 Wa 19:7
Zanj Senyè a tounen yon dezyèm fwa, li souke Eli, li leve l, li di l: — Leve ou manje, paske vwayaj la pral long anpil pou ou.
Explore 1 Wa 19:7
9
1 Wa 19:10
Eli reponn: — Senyè, Bondye ki gen tout pouvwa, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la, li kraze lotèl ou yo, li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m.
Explore 1 Wa 19:10
10
1 Wa 19:6
Eli voye je l gade bò kote l, li wè yon ti pen plat tankou sa yo kwit sou chabon dife ak yon krich dlo bò tèt li. Li manje, li bwè. Lèfini, li kouche, li dòmi ankò.
Explore 1 Wa 19:6
11
1 Wa 19:2
Jezabèl voye yon misyon bay Eli. Li voye di l: — Se ou, se mwen! Se pou bondye yo ban m pi gwo pinisyon ki genyen si denmen lè konsa mwen pa fè ou tou sa ou te fè pwofèt yo.
Explore 1 Wa 19:2
12
1 Wa 19:18
Men m'ap kite sètmil (7.000) moun vivan nan peyi Izrayèl la. Se moun ki pat mete ajenou devan Baal pou sèvi li, ni ki pat bo estati li yo.
Explore 1 Wa 19:18
13
1 Wa 19:19
Eli pati. Li jwenn Elize, pitit gason Chafat la, ki t'ap raboure yon jaden avèk douz pè bèf. Elize t'ap raboure dènye pòsyon tè a ak douzyèm pè bèf la lè Eli pwoche bò kote l. Eli wete gwo rad ki te sou li a, li voye l sou Elize.
Explore 1 Wa 19:19
14
1 Wa 19:21
Elize kite Eli, li tounen tounen l, li pran yon pè bèf, li touye yo. Li pran bwa jouk yo, li limen dife, li kwit vyann lan. Li bay moun ki te avè l yo pou yo manje. Lèfini, li pati al jwenn Eli, li rete avè l.
Explore 1 Wa 19:21
15
1 Wa 19:20
Menm lè a, Elize kite bèf li yo, li kouri al jenn Eli. Li di li konsa: — Kite m'al di manman m' ak papa m' orevwa anvan. Apre sa, m'a swiv ou. Eli reponn li: — Ou mèt ale. Men retounen wi. Paske pa bliye jès m'sot fè ou la?
Explore 1 Wa 19:20
Home
Bible
Plans
Videos