YouVersion Logo
Search Icon

1 Korent 3

3
Sèvitè Bondye yo
1Men, frè m yo, pou di vre, mwen pat kapab #Jan 16.12 pale ak nou tankou ak moun ki gen Lespri Bondye a nan kè yo. Mwen te blije pale ak nou tankou ak moun k'ap viv dapre lide ki nan lèmonn, tankou ak moun ki timoun toujou nan konfyans yo nan Kris la. 2Mwen #1 Pyè 2.2; Eb 5.12,13 te blije moutre nou ti bagay tou senp, tankou lè yo bay timoun piti lèt, yo pa ba yo gwo manje. Paske nou pat ankò pare pou sa. Ata kounyeya, nou poko pare. 3Paske #1 Kor 1.10-12; 11.18 n'ap viv tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn toujou. Depi ou tande gen jalouzi nan mitan nou, depi nou gen kont yonn ak lòt, nou tou wè se moun lemonn nou ye, se tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan n'ap viv. 4Lè yonn rete li di: Mwen menm, mwen se moun Pòl. Yon lòt: Mwen se moun Apòlòs, eske se pa tankou moun lemonn n'ap pale?
5#Tra 18.24,27 ou gade byen, ki moun ki Apòlòs la? Ki moun ki Pòl la? Nou tou de se sèvitè Bondye nou ye. N'ap travay pou nou menm, moun Korent yo, nou te ka rive kwè. Chak moun te fè travay Mèt la te ba l fè. 6Mwen #Tra 18.4,11 plante, Apòlòs wouze, men se Bondye ki fè plant lan pouse. 7Konsa, moun ki plante a pa anyen, moun ki wouze a pa anyen tou. Se Bondye ki tout bagay la, se li menm ki fè plant lan pouse. 8Moun ki plante a ak moun ki wouze a, se menm bagay yo ye. Bondye va ba yo sa yo merite dapre travay yo fè. 9Apòlòs #Mat 13.3-9; Ef 2.20 ak mwen, se travay n'ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li.
Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati. 10Dapre #1 Kor 15.10; 2 Pyè 3.15 favè Bondye te fè m lan, mwen travay tankou yon bon enjenyè, mwen poze fondasyon an. Yon lòt ap bati sou li. Men, se pou chak moun veye kò yo pou yo konnen ki jan y'ap bati. 11Paske #1 Pyè 2.4-6 fondasyon an deja la: se Jezikri. Pèsonn pa ka poze yon lòt. 12Gen moun k'ap sèvi ak lò, osinon ak lajan, osinon ak bèl wòch gwo pri pou bati sou fondasyon an. Gen lòt k'ap sèvi ak bwa, ak zèb, ak pay. 13Men, #1 Kor 4.5; 2 Tes 1.8 se jou jijman an n'a wè ki kalite travay chak moun te bay. Se jou sa a ki va devwale kalite travay chak moun te fè. Paske jou sa a, se nan mitan dife l'ap parèt. Dife a pral sonde travay chak moun. L'ap fè wè kalite travay yo. 14Si dife a pa boule travay yon moun bati sou fondasyon an, moun sa a ap resevwa rekonpans li. 15Men tou, si dife a boule travay yon moun, moun sa a ap pèdi fwi travay li. Men li menm, l'ap sove tankou moun yo rache sove nan dife.
16Eske #1 Kor 6.19; 2 Kor 6.16 nou pa konnen se tanp Bondye nou ye, se Lespri Bondye ki rete nan nou? 17Enben, si yon moun kraze tanp Bondye a, Bondye ap kraze l tou. Paske tanp Bondye a se yon bagay ki apa pou li. Se nou menm ki tanp Bondye a.
18Piga #Rev 3.17,18 pèsonn twonpe tèt yo. Si yon moun mete nan lide l li gen bon konprann tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, pito li vin fou pou l ka gen bon konprann tout bon. 19Paske, #Jòb 5.12,13 bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, se foli sa ye devan Bondye. Paske men sa nou jwenn ki ekri nan Liv la:
- Bondye pran moun lespri yo nan pwòp pèlen yo.
20Nou #Sòm 94.11 jwenn sa ekri tou:
Bondye konnen lide moun save yo mete nan tèt yo,
li konnen tou sa pa vo anyen.
21Konsa, pèsonn pa dwe chache lwanj pou tèt pa yo nan sa moun ka fè. Pou nou menm, tout bagay se pou nou yo ye. 22Ni Pòl, ni Apòlòs, ni Pyè, ni tou sa ki sou latè, se pou nou yo ye. Lavi, lanmò, bagay ki la kounyeya, bagay ki gen pou vini, tou sa se pou nou yo ye tou. 23Men nou menm, se pou Kris la nou ye. Kris la menm, se pou Bondye.

Currently Selected:

1 Korent 3: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy