YouVersion Logo
Search Icon

1 Korent 2

2
Fè konnen Kris yo te kloure sou kwa a
1Frè m yo, lè mwen te al lakay nou, se pat avèk gwo #1 Kor 1.17 diskou ni bèl pawòl mwen te fè nou konnen plan travay Bondye ki te kache a. #2.1: plan travay Bondye ki te kache a: Gen maniskri ki bay sa Bondye di a. 2Mwen #Gal 6.14 te mete nan tèt mwen pou m te bliye tout bagay sa yo. Yon sèl bagay mwen te konnen tout tan mwen te la ansanm ak nou an, se Jezikri, epi sèlman Jezikri yo te kloure sou kwa a. 3Mwen #Tra 18.9; 2 Kor 10.1 te vin devan nou tou fèb. Mwen t'ap tranble kou fèy bwa sitèlman mwen te pè. 4Lè m te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m te anonse nou nouvèl la, se pat avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t'ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t'ap bay tout prèv pou fè nou kwè. 5Konsa, #Ef 1.17; 1 Tes 1.5 konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye.
Bon konprann Bondye a
6Malgre #Fil 3.15 sa, se yon bon konprann m'ap fè moun ki byen devlope nan konfyans yo konnen. Men, se pa menm bon konprann ak bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn, ni ak bon konprann pouvwa k'ap donminen lemonn, pouvwa ki la pou disparèt. 7Bon #Wòm 16.25 konprann m'ap anonse a, se bon konprann Bondye te sere a. Li te kache nan je moun. Men, depi anvan Bondye te kreye anyen, bon konprann sa a te nan plan l pou l te ka sèvi yon lwanj pou nou. 8Pa #Lik 23.34; Jak 2.1; Kol 1.26 gen pouvwa nan lemonn ki te konnen bon konprann sa a. Si yo te konnen l, yo pa ta kloure Senyè ki merite lwanj la sou kwa a. 9Men, #Eza 64.4 jan sa te ekri nan Liv la:
Bagay pèsonn pat janm wè, ni pat janm tande,
bagay okenn moun pat janm mete nan tèt yo,
se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li.
10Bondye #Mat 13.11; Pwo 20.27 voye Sentespri li ki devwale sekrè travay sa a ban nou. Lespri Bondye sonde tout bagay, menm sa ki nan fon sekrè Bondye. 11Pran nenpòt moun: Kilès ki ka konnen sa ki nan kè li? Se lespri ki nan li a sèlman ki ka konn sa. Konsa tou, sèl Lespri Bondye a konnen tout bagay ki nan Bondye. 12Se #Jan 16.13,14 pa lespri k'ap travay nan moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan nou te resevwa. Lespri nou resevwa a, se Lespri Bondye te voye ban nou an pou n te ka konnen tout favè Bondye te fè nou. 13Si #1 Kor 2.1,4 n'ap pale sou tout favè Bondye fè nou, se pa avèk pawòl nou jwenn nan bon konprann lèzòm, men se pito avèk pawòl Lespri Bondye ap moutre nou. Se konsa, nou fè moun ki gen Lespri Bondye nan kè yo konprann verite ki sòti nan Lespri a. #2.13: nou fè moun ki gen Lespri Bondye nan kè yo konprann verite ki sòti nan Lespri a: Ou ankò nou fè moun konprann verite ki sòti nan Lespri Bondye a avèk pawòl Lespri Bondye a ban nou.
14Yon #Jan 8.47; 14.17 moun ak pwòp lespri pa li, li pa kapab asepte verite ki soti nan Lespri Bondye. Pou li se foli k'ap pale. Li pa kapab konprann yo paske se sèl Lespri ki ka ede pran pèz yo. 15Okontrè, #1 Jan 2.20 moun ki gen Lespri Bondye, li kapab balanse tout bagay, men pesonn pa ka fin fin konprann li li menm. 16Jan #Wòm 11.34; Eza 40.13 sa ekri nan Liv la:
Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la?
Ki moun ki pou moutre l sa pou l fè?
Men nou menm, nou konnen sa ki nan lide Kris la.

Currently Selected:

1 Korent 2: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy