YouVersion Logo
Search Icon

1 Korent 4

4
Apòt Kris yo
1Se poutèt sa, nou menm moun Korent, #Tit 1.7 se pou nou rekonèt se sèvitè Kris la mwen ye, tankou yon jeran Bondye mete reskonsab plan travay li yo ki te kache. 2Yon #Lik 12.42 sèl bagay yo mande yon jeran, se pou l yon moun serye. 3Pou mwen menm, nou te mèt jije m, lèzòm te mèt jije m nan tribinal yo, sa pa di m anyen. Mwen menm, poutèt pa m, mwen pa jije tèt mwen nonplis. 4Konsyans #Sòm 143.2 mwen pa repwoche m anyen, se vre. Men, sa pa vle di mwen inonsan pou sa. Se Senyè a ki sèl jij mwen. 5Se #1 Kor 3.8 poutèt sa, pa prese jije pèsonn anvan lè a rive. Se pou nou tann Senyè a vini. Se li menm k'ap mete deyò tou sa ki te kache, tou sa ki t'ap fèt nan fènwa. L'ap devwale tout kalkil lèzòm t'ap fè nan kè yo. Lè sa a, chak moun va resevwa lwanj yo merite nan men Bondye.
6Frè m #Wòm 12.3 yo, nan tout bagay sa yo, si m pran egzanp sou mwen ak Apòlòs, se te pou byen nou. Mwen ta vle nou pran egzanp sou nou pou n ta ka konprann sans pawòl la ki di: Rete nan limit yo ban nou an. Piga pèsonn pran pati pou yon moun kont yon lòt. 7Kilès #Wòm 12.6 ki di ou pi bon pase lòt yo? Kisa ou genyen se pa Bondye ki ba ou li? Enben, nan kondisyon sa a, poukisa w'ap fè grandizè pou sa ou genyen an tankou si se pa Bondye ki te ba ou li?
8Atò, #Rev 3.17,21 nou gentan gen tou sàn te bezwen? Nou gentan rich kont kò nou? Nou gentan tounen wa anvan mwen? Mwen ta byen kontan si nou ta tounen wa tout bon, pou m te kapab wa tou ansanm avèk nou. 9Men, #Wòm 8.36; Eb 10.33 nou menm apòt Kris yo, genlè Bondye mete nou dèyè nèt. Nou tankou moun yo kondannen amò pou yo touye sou plas piblik. Nou tounen yon espektak pou tout moun, ni pou zanj yo nan syèl la, ni pou moun sou latè. 10Poutèt #1 Kor 3.18 Kris la, nou menm apòt yo, nou tankou moun fou. Men, nou menm moun Korent yo, genlè nou gen bon konprann nan Kris la? Nou menm apòt yo, nou fèb. Men, nou menm moun Korent yo, genlè nou gen fòs kouray? Nou menm apòt yo, y'ap meprize nou tankou chen. Men, nou menm moun Korent yo, yo respekte nou nèt ale? 11Jouk #2 Kor 11.23-27 kounyeya nou anba grangou, nou swaf dlo, nou manke rad, y'ap bat nou, n'ap plede mache san nou pa gen kote pou n rete. 12N'ap #Tra 18.3; 20.34; 1 Tes 2.9; 2 Tes 3.8; Wòm 12.14; 1 Kor 9.15; Sòm 109.28 fatige kò nou travay pou n ka manje. Lè yo joure nou, nou mande benediksyon pou moun k'ap joure nou. Lè yo pèsekite nou, nou mare kè nou. 13Lè yo pale nou mal, nou menm se byen nou di pou yo. Jouk kounyeya, y'ap konsidere nou tankou fatra ki nan lemonn, dènye kras moun ki sou latè.
14Mwen pa ekri nou tout bagay sa yo paske mwen vle fè nou wont non. Men, se vle mwen vle fè nou wè rezon, tankou pitit mwen renmen anpil. 15Menm #Gal 4.19 si nou ta rive gen dimil (10.000) moun k'ap kondi nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, nou pa ka gen anpil papa. Si n'ap konsidere lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, se mwen menm ki papa nou, paske se mwen menm ki te pote bòn nouvèl la ban nou. 16Tanpri, #1 Kor 11.1 pran egzanp sou mwen. 17Se #Tra 19.22; Fil 2.20 pou sa menm m'ap voye Timote, pitit mwen nan Senyè a, ban nou. Se yon pitit mwen renmen anpil, li menm tou li fèb pou mwen. L'a fè nou chonje tout prensip k'ap dirije lavi m'ap mennen nan Kris la. Se menm prensip sa yo m'ap moutre toupatou nan tout legliz yo.
18Gen kèk moun nan mitan nou ki gentan gonfle lestonmak yo ak lògèy. Yo mete nan lide yo mwen p'ap vini wè nou. 19Enben, #Tra 18.21; Jak 4.15 si Bondye vle, m'ap vin wè nou anvan lontan. Lè sa a, m'a wè sa bann grandizè sa yo ka fè apre tou sa yo di a. 20Paske, #1 Kor 2.4; Lik 17.20 nan peyi kote Bondye wa a, pale anpil pa di anyen, se fè ki tout bagay la. 21Kisa nou pito? Vini ak yon baton pou nou osinon ak anpil lamou, anpil dousè nan kè mwen pou nou?

Currently Selected:

1 Korent 4: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy