Jenèz 22
22
1Alò, li te vin pase apre bagay sa yo, ke #Det 8:2-16 Bondye te fè Abraham pase yon eprèv. Li te di li: “Abraham!” Epi li te reponn: “Men mwen”.
2Li te di: “Pran koulye a #Jen 22:12fis ou a, sèl fis ou a, ke ou renmen an, Isaac, epi ale nan peyi #II Kwo 3:1Morija. Ofri li la kòm yon ofrann ki brile, sou youn nan mòn yo ke Mwen va di ou yo.”
3Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te sele bourik li, e li te pran de nan jennonm sèvitè li yo avè l, ansanm avèk Isaac, fis li a. Konsa, yo te fann bwa pou ofrann brile a, e yo te leve ale nan plas kote Bondye te di li a.
4Nan twazyèm jou a, Abraham te leve zye li, e li te wè plas la nan yon distans. 5Abraham te di a jèn sèvitè li yo: “Rete isit la avèk bourik la. Mwen menm avèk jènjan an va ale lòtbò a. Nou va adore, e retounen bò kote nou.”
6Abraham te pran bwa dife pou ofrann brile a. Li te #Jn 19:17poze li sou Isaac, fis li a, e li te pran nan men l dife ak kouto a. Epi yo de a te mache avanse ansanm.
7Isaac te pale avèk papa li, Abraham, e te di li: “Papa m!”
Epi li te reponn: “Men mwen, fis mwen.”
Konsa, li te di l: “Gade, men dife a avèk bwa, men kote #Egz 29:38-42jèn mouton an ye pou fè sakrifis la?”
8Abraham te di: “Bondye va fè pwovizyon Li menm pou jèn mouton an, fis mwen.” Epi yo de a te mache avanse ansanm.
9Alò yo rive nan #Jen 22:2plas ke Bondye te di li a, epi Abraham te bati yon lotèl la. Li te ranje bwa, li te mare fis li a, Isaac, e li te #Eb 11:17-19poze li sou lotèl la anwo tout bwa yo. 10Abraham te lonje men l, e li te pran kouto a pou touye fis li a.
11Men #Jen 16:7-11 zanj SENYÈ a te rele li depi nan syèl la e te di: “Abraham, Abraham!”
Li te reponn: “Men mwen isit la.”
12Li te di: “Pa lonje men ou kont jènjan an, ni pa fè l anyen. Paske koulye a Mwen konnen ke ou krent Bondye, akoz ke ou pa t refize bay #Jen 22:2-16 fis ou a, sèl fis ou ban Mwen an.”
13Alò, Abraham te leve zye li pou te gade, e byen wè, yon belye ki te kenbe pa kòn li, nan yon rakbwa. Abraham te ale pran belye a, e li te ofri li kòm ofrann brile a nan plas a fis li a. 14Abraham te rele non plas sa a Jehova-Jiré, Bondye Va Fè Pwovizyon. Jis jounen jodi a, yo kon di, “Nan mòn SENYÈ a, #Jen 22:8 va gen pwovizyon.”
15Alò, zanj SENYÈ a te rele Abraham yon dezyèm fwa soti nan syèl la, 16e te di: “#Sòm 105:9Pou kont Mwen menm, Mwen te sèmante, deklare SENYÈ a, akoz ou te fè bagay sa a, e ou pa t refize fis ou a, sèl fis inik ou an, 17anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va #Jr 33:22 miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo, epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo. 18#Jen 12:3 Nan posterite ou, tout nasyon sou latè yo va beni, akoz ke ou te #Jen 18:19obeyi vwa Mwen.”
19 #
Jen 22:5
Epi Abraham te retounen vè jèn sèvitè yo. Yo te leve e te ale ansanm Beer-Schéba. Konsa, Abraham te rete Beer-Schéba.
20Li te vin rive apre bagay sa yo ke yo te pale ak Abraham e te di: “Gade byen, #Jen 11:29Milca osi te fè pitit pou frè ou, Nahor: 21Uts se premye ne li, epi Buz frè li, avèk Kemuel, papa Aram nan 22epi Késed, Hazo, Pildasch, Jidlaph, ak Bethuel.” 23Bethuel te vin papa #Jen 24:15Rebecca. Uit de Milcah sa yo te fè pitit pou Nahor, frè Abraham nan. 24Konkibin li ki te rele Réuma, osi te fè Thébach, Gaham, Tahasch, ak Maaca.
Àwon tá yàn lọ́wọ́lọ́wọ́ báyìí:
Jenèz 22: BSA
Ìsàmì-sí
Pín
Daako

Ṣé o fẹ́ fi àwọn ohun pàtàkì pamọ́ sórí gbogbo àwọn ẹ̀rọ rẹ? Wọlé pẹ̀lú àkántì tuntun tàbí wọlé pẹ̀lú àkántì tí tẹ́lẹ̀
Copyright © 2017-2023 Ron Smith