Enfo Plan an

Ki sa Batèm nan ye? Yon plan 3 jou pou ka Prepare oswa DesideEgzanp

What Is Baptism? A 3-Day Plan To Prepare Or Decide

JOU 3 SOU 3

Èske’w te janm ale nan yon maryaj kote te gen anpil dlo nan je, lajwa, danse, bon manje, ak gato? Maryaj se yon celebrasyon yon angajman ant de moun ki deside pou fè vi yo ansanm. Maryaj se pa sa ki fè yon koup tonbe damou—maryaj fètpaskeyo renmen youn lòt.

Se sa batèm lan ye—yonfèt. Kounye a ke’w deside swiv Jezi ak tout lavi’w, li lè pou fete!

Ki sa ou dwe atann?

Lè nou batize, nou sonje ki sa Jezi te fè pou nou. Lè nou desann nan dlo a, nou sonje lanmò Jezi sou kwa a e kijan li te peye pou peche nou yo. Lè nou sòti nan dlo a, nou sonje ke twa jou aprè, Jezi te leve vivan nan lanmò! 2 korent 5:17 di nou si nou nan Kris, nou vin yon lòt moun. Batèm fè nou sonje bagay lontan yo disparèt, e se bagay nèf ki pran plas yo!

Sonje: lè’w batize se yon bagay enpòtan, men se pa paske li sove’w. Gras Bondye pa lafwa nan Jezi se sa ki sove’w. Lè’w batize ou jis ap di mond lan chanjman ki fèt andedan ou.

Defi:Si’w pran desisyon pou ou batize, envite zanmi’w e fanmi’w pou celebre avèk ou!

Ninpòt moun ki jwen Bondye, jwen lavi. Dekouvri plis kontni ki ka chanje lavi'w nan Life.Church

Jou 2

Konsènan Plan sa a

What Is Baptism? A 3-Day Plan To Prepare Or Decide

Ki sa batèm nan ye? Èske'm ta sipoze batize? Poukisa li si enpòtan? Èske'm sipoze batize pou'm ka yon kretyen? Kit ou gen kesyon sou batèm oswa ou jis beswen yon devosyon tou kout pou li anvan oswa aprè’w finn batize, pl...

More

Nou ta renmen remèsye Life.Church pou plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite paj sa: www.life.church

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an