Enfo Plan an

Ki sa Batèm nan ye? Yon plan 3 jou pou ka Prepare oswa DesideEgzanp

What Is Baptism? A 3-Day Plan To Prepare Or Decide

JOU 2 SOU 3

Èske mwen ta sipoze batize? 

Ou ka ap poze tèt ou kesyon sa kounye a—e sa oke! Batèm se yon etap enpòtan nan mach ou avèk Senyè a, sa se yon bagay nou pa ta dwe pran alalejè. 

Batèm nan se jis ou fè tout moun konnen de lafwa’w. Si’w komèt vi ou pou swiv Jezi, se lè pou fè’l piblik. 

Si’w se yon disip Kris, men de rezon ou ta sipoze batize: 

  1. Jezi te batize, e li vle pou nou batize lòt yo. Nan Matye 3:13-17, nou aprann lè Jezi te batize avan li te kòmanse ministè li sou tè a. Si pitit Bondye pouswiv batèm, nou menm tou ta dwe fè sa. Pita, Jezi di nou nan Matye 28:18-20 li vle pou nou fè tout moun konen mesaj lanmou’l lan. Li di pou nou kontinye batize! 
  2. Ou decide pou swiv Jezi e ou vle lòt yo konnen sa. Lè w pran decisyon pou ou swiv Jezi se pi bon decisyon ou te ka fè. Lè’w pran yon decisyon ki chanje lavi’w, ou vle fé tout moun konnen espwa sa a ou jwenn nan Jezi! Lafwa nou se yon bagay pèsonèl, men li pa prive. Batèm nan se fè tout moun konnen lafwa’w.

Jodi a nou pale de de rezon enpòtan nou dwe batize. Demen, nou pral pale ki sa ki rive lè'w pran decisyon pou demontre lafwa’w pa batèm. 

Defi: si’w decide pou batize, di yon bon zanmi’w oswa pastè’w de decisyon sa. Wap Kontan pou celebre avèk ou!  

Jou 1Jou 3

Konsènan Plan sa a

What Is Baptism? A 3-Day Plan To Prepare Or Decide

Ki sa batèm nan ye? Èske'm ta sipoze batize? Poukisa li si enpòtan? Èske'm sipoze batize pou'm ka yon kretyen? Kit ou gen kesyon sou batèm oswa ou jis beswen yon devosyon tou kout pou li anvan oswa aprè’w finn batize, pl...

More

Nou ta renmen remèsye Life.Church pou plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite paj sa: www.life.church

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an