Sis Jou, Sis Non BondyeEgzanp

Six Days Of The Names Of God

JOU 5 SOU 6

JOU 5: ELOHE TSADEKI – BONDYE JISTIS MWEN

Nou toujou ap chèche dènye bagay ki alamòd la. Dènye sekrè pou n òganize lavi nou. Dènye sekrè pou n toujou gen bèl fòm fizik. Dènye sekrè pou n resi leve atè a. Nou li liv, koute pòdkas epi enskri nan tout kalte seminè. Menm si òganizasyon, bèl fòm fizik ak sekirite finansye se bagay ki merite pou chache, nou dwe sèten nou pa rate sa ki pi enpòtan an pandan n ap kouri dèyè bagay sa yo.

Objektif prensipal lavi a se suiv Bondye, vin tankou li epi viv lavi nou pou li. Epi vin tankou Bondye vle di grandi nan bonte ak jistis. Se nan Senyè a nou jwenn mizèrikòd, favè, fòs ak kouraj—tout kalite nou bezwen nan lavi nou ak nan monn nou an. Bondye ban nou tout sa nou bezwen gras ak Pawòl li ak Lespri li pou n viv nan anpil lajwa. Lè nou chwazi fè volonte li pase pa nou, lè n fè efò pou nou vin pi sanble ak li, li gide nou e li dirije nou.

Swiv plan Bondye a ka pi difisil pase suiv sis etap fasil pou gen yon bèl fòm fizik oswa dis fason pou kenbe kay nou pwòp. Men plan Bondye a gen plis benefis ladan l. Lè nou tounen vin jwenn Bondye epi remèt lavi nou nan men li, li padone nou epi li ofri nou konpasyon li. Li ede n ranje relasyon nou yo ki te kraze epi li ranpli kè nou ak jistis, gras ak lapè. Nou jwenn bon fwi nan suiv Bondye epi kite jistis li gide pye nou.

Jou 4Jou 6

Konsènan Plan sa a

Six Days Of The Names Of God

Nan tout non Bondye genyen yo, pou chak ladan yo li montre nou yon aspè nan karaktè li ak nati li. Apa Papa a, Pitit la ak Sentespri a, Bib la montre n plis pase 80 lòt non Bondye genyen. Nan devosyon sa a, n ap bay sis non Bondye ak siyifikasyon yo pou ede kwayan yo pwoche pi pre Letènèl, Bondye tout bon an. Devosyon sa a soti nan liv “Experience the Power of God's Names: A Life-Giving Devotional” Doktè Tony Evans ekri. Eugene, OR: Harvest House Publishers, 2017.

More

Nou ta renmen remèsye The Urban Alternative (Tony Evans) paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://tonyevans.org/