Sis Jou, Sis Non BondyeEgzanp
JOU 3: JEHOVAH JIREH – BONDYE VA PRAN SWEN M
Ou pa fin konn kijan w pral peye bil yo mwa sa a. Ou pa konn kote w kanpe nan relasyon w ak moun nan. Ou tande anpil moun ap pèdi travay yo nan konpayi an epi djòb pa w la pa fin sèten. Lè w sanlè pèdi bagay ki esansyèl pou viv—sante, finans, kay, manje, fanmi, travay—li nòmal pou w santi w pè e menm dezespere. Se lè sa w bezwen rele Jehovah Jireh. Non Bondye sa a ki beni vle di "Senyè a va pran swen m," epi se yon non ki chaje ak fòs ak pouvwa.
Lè nou santi nou pè pou avni nou, nou dwe chache fas Bondye epi rele non li. Tout bon bagay, tout bèl kado soti nan li, epi pa gen limit nan kado ak benediksyon li bay yo. Mete lafwa nou nan li paske pafwa se sèl fason pou kalme laperèz nou epi kenbe yon mantalite pozitif.
Li kapab yon leson difisil pou w aprann, men pwoblèm isit sou tè a ban nou gwo bibit spirityèl epi yo fè nou vin pi pre Bondye. Nan difikilte nou yo, Bondye montre nou kijan li bay lè pou poumon nou respire ak limyè pou je nou wè. Li ban nou egzakteman sa nou bezwen pou nou ka byen grandi epi fè yon gwo enpak pou wayòm li an. Epi li toujou bay li nan yon lespri lanmou.
Ekriti
Konsènan Plan sa a
Nan tout non Bondye genyen yo, pou chak ladan yo li montre nou yon aspè nan karaktè li ak nati li. Apa Papa a, Pitit la ak Sentespri a, Bib la montre n plis pase 80 lòt non Bondye genyen. Nan devosyon sa a, n ap bay sis non Bondye ak siyifikasyon yo pou ede kwayan yo pwoche pi pre Letènèl, Bondye tout bon an. Devosyon sa a soti nan liv “Experience the Power of God's Names: A Life-Giving Devotional” Doktè Tony Evans ekri. Eugene, OR: Harvest House Publishers, 2017.
More