7 Plonje NaamanEgzanp

7 Plonje Naaman

JOU 4 SOU 4

Benediksyon ki soti nan Lafwa

Apre Naaman te fin plonje sèt fwa nan Rivyè Jouden an, jan pwofèt Eli te mande l fè a, yon bagay ki te fè tout moun sezi te rive: li te geri nèt de maladi lèp li a. Sa ki te parèt kòm yon metòd senp e menm dwòl pou li, te tounen sous mirak li t ap chèche a. Gerizon Naaman an se pa sèlman yon demonstrasyon pouvwa Bondye.

Lè nou reflechi sou istwa Naaman, nou ka wè yon egzanp klè kote obeyisans pote benediksyon. Souvan nan lavi nou, benediksyon Bondye yo mare ak kapasite nou pou obeyi menm lè bagay yo pa fè sans. Obeyisans mande pou nou fè konfyans nan plan Bondye, menm lè nou pa ka wè rezilta yo imedyatman. Pafwa, Bondye ka mande nou fè bagay ki senp oswa menm ki depase lojik imen nou.

Pandan fen semèn sa a, pran tan pou reflechi sou obeyisans nou nan Bondye. Èske gen kèk rezon nan lavi nou, Bondye ap mande nou fè l konfyans epi obeyi Li sou yo? Menm si sitiyasyon an ka parèt difisil, sonje Bondye toujou fè sa ki pi bon pou nou. Jan Naaman te resevwa gerizon li a, nou menm tou ka resevwa benediksyon ak delivrans nan lavi w lè nou fè chwa pou nou obeyi nan lafwa. Bondye gen yon plan pou nou, obeyi Pawòl Li, nou pral wè mirak ak benediksyon k ap manifeste nan lavi nou.

Jou 3

Konsènan Plan sa a

7 Plonje Naaman

Naaman te gen yon gwo maladi ki te tonbe sou li, maladi sa a rele lèp, men Bondye te mande l fè yon bagay ki te sanble dwòl: plonje sèt fwa nan larivyè Jouden an. Atravè istwa li, n ap aprann kijan obeyisans, lafwa, ak pasyans kapab pote mirak nan lavi nou. Ann etidye istwa Naaman an pandan kat jou sa yo, pandan nou va reflechi sou pouvwa Bondye ak plan Li pou lavi nou.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/