7 Plonje NaamanEgzanp

7 Plonje Naaman

JOU 2 SOU 4

Obeyisans San Poze Kesyon

Naaman te fache lè pwofèt Eli te mande l fè yon bagay ki te parèt san sans pou li. Pwofèt la te di l al lave kò li sèt fwa nan Rivyè Jouden an pou l jwenn gerizon. Pou Naaman, yon nonm ki te gen gwo pozisyon nan sosyete a, bagay sa te sanble twò senp e menm rabesan. Li te atann pwofèt la t ap fè yon bagay ki pi enpresyonan, men Bondye souvan itilize metòd senp pou manifeste pouvwa Li. Sa fè nou reflechi sou fason nou konn reyaji lè Bondye mande nou fè yon bagay ki pa parèt lojik pou nou. Èske nou dispoze obeyi l menm lè sa pa fè sans?

Obeyisans devan Bondye mande lafwa san kondisyon. Gen anpil fwa nan lavi nou kote Bondye ap mande nou fè bagay ki depase kapasite konpreyansyon nou, oswa ki sanble twò senp pou pote chanjman nou espere a. Menm jan ak Naaman, nou ka tante pou nou poze kesyon, pou nou opoze ak direksyon Bondye a, oswa menm pou nou chèche yon lòt fason ki parèt pi lojik nan je nou. Sepandan, sa ki enpòtan se konfyans nou nan Bondye ak kapasite Li pou fè sa ki pi bon an pou nou. Se nan obeyisans san poze kesyon nou montre veritab lafwa nou nan Bondye epi nan volonte Li pou lavi nou.

Menm lè ou pa konprann tout detay yo, Bondye toujou konnen poukisa li mande ou fè sa l ap di ou fè a. Li gen yon plan ki pi gran pase sa ou ka imajine. Nou pa toujou bezwen konprann plan Bondye yo, men nou bezwen obeyi yo avèk tout kè nou. Nan jou kap vini yo, lè Bondye ap gide w pou fè yon bagay ki sanble etranj oswa difisil, sonje egzanp Naaman. Pa kite orgèy oswa mank konpreyansyon anpeche nou obeyi. Se nan obeyisans san kondisyon sa yo Bondye fè gwo mirak nan lavi nou, menm lè w pa ka wè tout detay yo davans.

Jou 1Jou 3

Konsènan Plan sa a

7 Plonje Naaman

Naaman te gen yon gwo maladi ki te tonbe sou li, maladi sa a rele lèp, men Bondye te mande l fè yon bagay ki te sanble dwòl: plonje sèt fwa nan larivyè Jouden an. Atravè istwa li, n ap aprann kijan obeyisans, lafwa, ak pasyans kapab pote mirak nan lavi nou. Ann etidye istwa Naaman an pandan kat jou sa yo, pandan nou va reflechi sou pouvwa Bondye ak plan Li pou lavi nou.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/