LespwaEgzanp

Lespwa

JOU 4 SOU 5

Lespwa pou Demen

Nou ka gen espwa pou demen paske fidelite Bondye renouvle chak maten. Kèlkeswa sa ki pase jodi a, nou gen yon avni ak espwa paske Bondye gen bon plan pou nou. Li toujou fidèl e lanmou li p ap janm fini.

Lè nou reveye chak maten, se yon lòt chans ak privilèj Bondye ban nou pou nou santi epi eksperimante lanmou ak fidelite li. Chak jou pote mizèrikòd ak benediksyon pa li. Sa vle di kèlkeswa difikilte ak eprèv nou fè fas ak yo, nou ka leve ak kè kontan paske Bondye ap travay pou byen nou.

Nou pa bezwen enkyete sou sa nou bezwen pou viv chak jou. Bondye ap fè pwovizyon pou nou, kèlkeswa sa k ap pase. Chak jou pote pwòp chay li, kidonk, nou dwe mete sou kote tout enkyetid pou demen epi mete konfyans nou nan Bondye ki toujou la pou nou.

Se vre, lavi pa toujou fasil. Nou fè fas ak anpil obstak, detrès, ak doulè. Men Bondye pa janm sispann renmen nou, e li toujou gen pitye pou nou. Tankou solèy la ki leve chak maten, konsa tou fidelite Bondye toujou ap akonpaye nou. Bondye se sous espwa nou, e se nan li nou jwenn tout fòs nou.

Lespwa pou demen se pa yon senp santiman, men se yon fondasyon solid ki baze sou pwomès Bondye yo. Bondye gen yon plan pou lavi nou, yon avni ki plen ak espwa. Menm lè bagay yo parèt fènwa, nou ka mete konfyans nou nan Bondye ki gen kapasite pou chanje nenpòt sitiyasyon. Li gen pouvwa pou fè mèvèy nan lavi nou, e li toujou ap travay pou byen nou.

Pandan nap viv chak jou, ann sonje mete konfyans nou nan Bondye. Ann kite fidelite li renouvle espwa nou chak maten. Ann pataje espwa sa a ak lòt moun tou, pou yo ka wè limyè Bondye nan lavi yo menm jan nou te wè li nan lavi nou.

Jou 3Jou 5

Konsènan Plan sa a

Lespwa

Men yon gid lekti biblik ki ap pote lespwa ak ankourajman. Pou chak jou, n ap jwenn vèsè ak istwa ki montre kijan Bondye se sous lajwa ak kouraj nan moman difisil. Devosyon sa yo ap raple nou kijan Bondye bay lapè ak fòs pou kontinye avanse, menm lè bagay yo difisil. Medite sou pawòl sa yo pou jwenn direksyon nan pwojè nou yo ak lespwa menm lè nou poko wè kijan yo va reyalize.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/