LespwaEgzanp

Lespwa

JOU 2 SOU 5

Lespwa nan Fidelite Bondye

Lafwa se asirans bagay nou espere yo, prèv bagay nou pa wè yo. Menm lè nou pa wè yon solisyon, nou kapab gen espwa paske lafwa nou baze sou fidelite Bondye. Lespwa sa a fè nou kenbe fèm menm nan mitan difikilte.

Lè nou ap fè fas ak moman difisil, lè bagay yo sanble pa gen sans, se moman sa yo lafwa nou nan Bondye vin pi enpòtan. Lespwa se pa sèlman yon santiman, men yon chwa nou fè chak jou pou mete konfyans nou nan Bondye ki fidèl nan tout bagay. Li pwomèt pou li toujou avèk nou, pou li gide nou, epi pou li ban nou fòs pou kenbe fèm.

Nou ka reflechi sou anpil ekzanp nan Bib la kote moun Bondye yo montre lafwa nan mitan difikilte. Pa egzanp, Abraram te gen mete tout lespwa li nan Bondye lè li kite peyi li san li pa konnen kote li t ap ale (Ebre 11:8). Jozye te gen lespwa lè li fè sòlda yo mache toutotou miray Jeriko pandan sèt jou, menm lè sa a te sanble yon bagay moun fou (Jozye 6:1-20). Moun ki mete konfyans ak espwa yo sou Bondye pa janm parèt nan je tout moun kòm moun ki sanse, se apre tout moun ka konstate kijan moun sa a te gen rezon. Lespwa se sa ki fè nou konnen menm lè bagay yo parèt san solisyon, Bondye ap fè yon bagay kanmenm.

Nan chak etap nan vwayaj espirityèl nou, ann sonje kenbe lafwa ak lespwa nan Bondye. Lapriyè se yon zouti enpòtan tou pou ranfòse lafwa nou. Lè nou priye, nou kominike avèk Bondye, nou pote chay ki lou pou nou yo ba li, epi nou renouvle konfyans nou nan pwomès li yo. Li se yon Papa fidèl ki toujou kenbe pawòl li.

Ann mete konfyans nou nèt ale nan Bondye, kèlkeswa sa k ap pase nan lavi nou. Ann kite lafwa nou nan fidelite li ranpli kè nou ak lespwa epi fè nou kenbe fèm menm nan mitan difikilte yo. Bondye toujou avèk nou, epi li pap janm kite nou pou kont nou.

Jou 1Jou 3

Konsènan Plan sa a

Lespwa

Men yon gid lekti biblik ki ap pote lespwa ak ankourajman. Pou chak jou, n ap jwenn vèsè ak istwa ki montre kijan Bondye se sous lajwa ak kouraj nan moman difisil. Devosyon sa yo ap raple nou kijan Bondye bay lapè ak fòs pou kontinye avanse, menm lè bagay yo difisil. Medite sou pawòl sa yo pou jwenn direksyon nan pwojè nou yo ak lespwa menm lè nou poko wè kijan yo va reyalize.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/