Rit 2:17-23
Rit 2:17-23 1998 Haïtienne (HAT98)
Se konsa Rit rete ranmase grap lòj nan jaden an jouk solèy kouche. Lè li fin bat tèt lòj yo, li jwenn sa ki te manke l pou l te gen vennsenk ti mamit la pat anyen. Li pran lòj degrennen yo, li tounen al moutre bèlmè li tou sa li ranmase. Li ba li rès manje li te rete a tou. Nawomi mande li: — Kote ou ranmase tout lòj sa a jodi a? Nan jaden ki moun ou t'ap grapiye? Se pou Bondye beni moun ki fè sa pou ou a! Lè sa a, Rit di bèlmè li se nan jaden mesye yo rele Bòz la li t'ap grapiye. Nawomi di bèlfi li: — Benediksyon Senyè a pou Bòz! Wi, Senyè a ap toujou kenbe pawòl li, nou te mèt vivan, nou te mèt mouri! Nawomi di ankò: — Nonm sa a, se yon fanmi pre nou li ye. Se yonn nan moun ki reskonsab defann enterè fanmi an. Lè sa a, Rit di konsa: — Men sa l di m ankò: Se pou m rete ranmase tèt lòj ansanm ak travayè li yo jouk rekòt la fini. Nawomi reponn li: — Wi pitit mwen, pito ou rete grapiye dèyè medam nan jaden Bòz la tande. Si ou ale nan jaden lòt moun, malè ka rive ou. Se konsa, Rit rete ansanm avèk medam k'ap travay ak Bòz yo. Li t'ap ranmase tèt lòj jouk travayè yo te fin rekòlte tout lòj la ak tout ble a. Li t'ap viv tout tan sa a ak bèlmè li toujou.
Rit 2:17-23 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Ruth ramasse les épis dans le champ de Booz jusqu’au soir. Puis elle bat les épis qu’elle a ramassés. Elle remplit un grand sac de grains d’orge. Elle rapporte le sac au village. Noémi, sa belle-mère, voit ce qu’elle a ramassé. Ruth sort aussi ce qui reste de son repas et elle le donne à Noémi. Noémi lui demande : « Où as-tu ramassé ces épis aujourd’hui ? Dans quel champ est-ce que tu as travaillé ? Que Dieu bénisse celui qui a été bon pour toi ! » Ruth raconte : « J’ai travaillé dans le champ d’un homme qui s’appelle Booz. » Alors Noémi dit à Ruth : « Je le vois, le SEIGNEUR continue à nous montrer sa bonté. Il est bon pour nous les vivants, comme il est bon pour les morts. Qu’il bénisse cet homme ! » Puis Noémi ajoute : « Booz est un homme de notre famille proche. Il est l’un de ceux qui ont la responsabilité de prendre soin de nous . » Ruth la Moabite dit encore : « Booz m’a dit aussi : “Continue à ramasser les épis derrière mes serviteurs jusqu’à la fin de la récolte.” » Noémi dit à Ruth : « C’est bien, ma fille. Continue de travailler avec les servantes de Booz. Si tu vas dans le champ de quelqu’un d’autre, tu risques d’être mal reçue. » Ruth va donc ramasser les épis d’orge et de blé avec les servantes de Booz, jusqu’à la fin de la récolte. Elle continue à habiter avec sa belle-mère.
Rit 2:17-23 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Konsa, Rit te rete travay jis solèy kouche. Lè Rit fin netwaye tout sa l te ranmase pou jounen an ansanm, li te jwenn yon kantite ki t ap fè yon demi panye. Rit tounen lakay li nan vil la, Li montre Nawomi, bèlmè li, tout grenn li te ranmase. Apre sa, li bay Nawomi rès manje li te sere lè l t ap manje nan jaden Bowaz la. Nawomi mande l: “Ki kote ou jwenn tout lòj sa a? Nan ki jaden ou te travay? Se pou SENYÈ a beni moun sa a ki trete w byen kon sa a!” Lè sa a, Rit di bèlmè l nan jaden ki moun li te travay. Li di: “Se nan jaden yon mesye yo rele Bowaz mwen te travay.” Nawomi di: “Se pou SENYÈ a beni Bowaz! SENYÈ a bon epi fidèl anvè nou menm ki vivan epi menm ak lòt yo ki deja mouri.” Apre sa, Nawomi di Rit: “Nonm sa a se yon fanmi pwòch nou li ye wi. Li se youn nan moun ki gen dwa pwoteksyon sou fanmi an.” Lè sa a, Rit, Mowabit la, di ankò: “Bowaz te di m tou, mwen te mèt kontinye travay bò kote lòt moun k ap travay pou li yo jiskaske rekòt la fin i.” Apre sa, Nawomi di Rit: “Se byen sa, pitit fi m. Mwen konseye w kontinye al travay bò kot lòt medam yo nan jaden Bowaz la. Konsa, ou pa ta bezwen al nan jaden lòt moun pou yo pa fè w mechanste.” Konsa, Rit te rete travay bò kote medam sèvant Bowaz yo jiskaske rekòt lòj la te fin i. Li te kontinye travay pou rekòt fwoman an tou. Pandan tan sa a, li te kontinye ap viv ansanm ak bèlmè li.
Rit 2:17-23 New International Version (NIV)
So Ruth gleaned in the field until evening. Then she threshed the barley she had gathered, and it amounted to about an ephah. She carried it back to town, and her mother-in-law saw how much she had gathered. Ruth also brought out and gave her what she had left over after she had eaten enough. Her mother-in-law asked her, “Where did you glean today? Where did you work? Blessed be the man who took notice of you!” Then Ruth told her mother-in-law about the one at whose place she had been working. “The name of the man I worked with today is Boaz,” she said. “The LORD bless him!” Naomi said to her daughter-in-law. “He has not stopped showing his kindness to the living and the dead.” She added, “That man is our close relative; he is one of our guardian-redeemers.” Then Ruth the Moabite said, “He even said to me, ‘Stay with my workers until they finish harvesting all my grain.’ ” Naomi said to Ruth her daughter-in-law, “It will be good for you, my daughter, to go with the women who work for him, because in someone else’s field you might be harmed.” So Ruth stayed close to the women of Boaz to glean until the barley and wheat harvests were finished. And she lived with her mother-in-law.
Rit 2:17-23 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Ainsi Ruth glana dans le champ jusqu’au soir, puis elle battit ce qu’elle avait ramassé. Il y avait quarante litres d’orge. Elle l’emporta, rentra au village et montra à sa belle-mère ce qu’elle avait ramassé. Elle sortit aussi les épis qui restaient de son repas de midi après qu’elle se fut rassasiée et les lui donna. Sa belle-mère lui demanda : Mais où donc as-tu glané aujourd’hui ? Dans quel champ as-tu travaillé ? Que l’Eternel bénisse celui qui a eu pour toi tant d’attention ! Alors Ruth raconta à sa belle-mère chez qui elle avait travaillé et lui apprit qu’il s’appelait Booz. Noémi dit à sa belle-fille : Que l’Eternel le bénisse ! L’Eternel n’a cessé d’être bon envers nous les vivants comme il l’a été envers ceux qui sont morts. Puis elle ajouta : Cet homme est notre proche parent, l’un de ceux qui ont le devoir de prendre soin de notre lignée. Alors Ruth la Moabite reprit : Il m’a même dit : « Reste avec mes serviteurs jusqu’à ce qu’ils aient fini toute ma moisson ! » Noémi lui répondit : C’est bien, ma fille, continue d’aller avec ses servantes, ainsi tu ne risqueras pas de te faire maltraiter dans un autre champ. Ruth resta donc avec les servantes de Booz pour glaner jusqu’à la fin de la moisson des orges, puis de celle des blés. Et elle habitait avec sa belle-mère.