Se konsa Rit rete ranmase grap lòj nan jaden an jouk solèy kouche. Lè li fin bat tèt lòj yo, li jwenn sa ki te manke l pou l te gen vennsenk ti mamit la pat anyen. Li pran lòj degrennen yo, li tounen al moutre bèlmè li tou sa li ranmase. Li ba li rès manje li te rete a tou. Nawomi mande li: — Kote ou ranmase tout lòj sa a jodi a? Nan jaden ki moun ou t'ap grapiye? Se pou Bondye beni moun ki fè sa pou ou a! Lè sa a, Rit di bèlmè li se nan jaden mesye yo rele Bòz la li t'ap grapiye. Nawomi di bèlfi li: — Benediksyon Senyè a pou Bòz! Wi, Senyè a ap toujou kenbe pawòl li, nou te mèt vivan, nou te mèt mouri! Nawomi di ankò: — Nonm sa a, se yon fanmi pre nou li ye. Se yonn nan moun ki reskonsab defann enterè fanmi an. Lè sa a, Rit di konsa: — Men sa l di m ankò: Se pou m rete ranmase tèt lòj ansanm ak travayè li yo jouk rekòt la fini. Nawomi reponn li: — Wi pitit mwen, pito ou rete grapiye dèyè medam nan jaden Bòz la tande. Si ou ale nan jaden lòt moun, malè ka rive ou. Se konsa, Rit rete ansanm avèk medam k'ap travay ak Bòz yo. Li t'ap ranmase tèt lòj jouk travayè yo te fin rekòlte tout lòj la ak tout ble a. Li t'ap viv tout tan sa a ak bèlmè li toujou.
Li Rit 2
Koute Rit 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Rit 2:17-23
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo