Rit 2:1-23

Rit 2:1-23 1998 Haïtienne (HAT98)

Nawomi te gen yon fanmi mari li yo rele Bòz. Se te yon nonm rich. Yo te konsidere li anpil. Li te fè pati menm branch fanmi ak Elimelèk, defen mari Nawomi. Rit, fanm peyi Mowab la, di Nawomi konsa: — Kite m ale nan jaden yo pou m ranmase tèt lòj moun k'ap ranmase rekòt yo kite tonbe atè. M'a jwenn yon moun ki va kite m ranmase nan jaden li. Nawomi reponn li: — Ale non, mafi. Se konsa, Rit leve, l'ale yo, li pran mache dèyè travayè yo. Li t'ap ranmase tèt lòj ki tonbe atè. Chans pou li, li rive nan yon jaden ki te pou Bòz, fanmi Elimelèk. Li te la depi kèk tan lè Bòz rive sòti Betleyèm. Li di travayè yo bonjou, li di yo: — Senyè a avèk nou! Yo reponn li: — Benediksyon Senyè a avè ou tou! Bòz mande kontwolè a: — Ki jenn ti madanm sa a? Nonm lan reponn: — Se yon fi moun lòt peyi li ye. Se li menm ki te vini ansanm ak Nawomi lè li te tounen sòti nan peyi Mowab. Li te mande m pou m kite l mache dèyè travayè yo ranmase tèt lòj ki tonbe atè yo. L'ap degaje l la a depi maten. Li fenk sispann pou l pran yon ti repo anba tonnèl lan la a. Lè sa a, Bòz di Rit konsa: — M'ap ba ou yon ti konsèy, tande, mafi. Ou pa bezwen ale nan lòt jaden pou ranmase tèt lòj. Ou mèt rete nan jaden sa a, bò medam yo ki isit la. Gade tout kote y'ap travay nan jaden an, fè dèyè yo, rete ak yo. Mwen bay mesye yo lòd pou yo pa anbete ou. Chak fwa ou swaf, ou mèt al pran dlo pi mesye yo plen krich yo. Rit bese tèt li jouk atè devan Bòz. Li di l konsa: — Poukisa w'ap bay kò ou tout traka sa a pou mwen? Poukisa w'ap fè tout bagay sa a pou yon moun ki pa menm ras avè ou? Bòz reponn li: — Yo di mwen tou sa ou fè pou bèlmè ou depi mari ou mouri a. Mwen konnen ou kite manman ou, papa ou ak peyi kote ou moun, epi ou vin viv nan mitan yon lòt pèp ou pa te janm konnen anvan sa. Mwen ande Senyè a pou li rekonpanse ou pou tou sa ou te fè. Wi, ou vini mete ou anba zèl li pou li pwoteje ou. Se pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ba ou yon bèl rekonpans! Rit reponn li: — Ou pa konn sa ou fè la a pou mwen, mesye! Jan ou pale byen avè m la a, sa ban m kouray, malgre mwen pa vo yonn nan medam k'ap sèvi avè ou yo. Lè moman manje rive, Bòz di Rit konsa: — Pwoche non! Pran yon moso pen, tranpe li nan vinèg la pou manje. Se konsa Rit vin chita ansanm ak travayè yo. Bòz te ba li lòj griye tou. Rit manje plen vant li. Rès manje ki rete a, li sere li. Lè Rit leve al ranmase, Bòz pase travayè yo lòd sa a: — Nou mèt kite li ranmase toupatou, menm kote grap nou fin mare yo ye a. Pa chache li kont. Okontrè, rache kèk tèt nan pakèt mare yo, lage yo atè pou l ka ranmase. Pa di l anyen, tande! Se konsa Rit rete ranmase grap lòj nan jaden an jouk solèy kouche. Lè li fin bat tèt lòj yo, li jwenn sa ki te manke l pou l te gen vennsenk ti mamit la pat anyen. Li pran lòj degrennen yo, li tounen al moutre bèlmè li tou sa li ranmase. Li ba li rès manje li te rete a tou. Nawomi mande li: — Kote ou ranmase tout lòj sa a jodi a? Nan jaden ki moun ou t'ap grapiye? Se pou Bondye beni moun ki fè sa pou ou a! Lè sa a, Rit di bèlmè li se nan jaden mesye yo rele Bòz la li t'ap grapiye. Nawomi di bèlfi li: — Benediksyon Senyè a pou Bòz! Wi, Senyè a ap toujou kenbe pawòl li, nou te mèt vivan, nou te mèt mouri! Nawomi di ankò: — Nonm sa a, se yon fanmi pre nou li ye. Se yonn nan moun ki reskonsab defann enterè fanmi an. Lè sa a, Rit di konsa: — Men sa l di m ankò: Se pou m rete ranmase tèt lòj ansanm ak travayè li yo jouk rekòt la fini. Nawomi reponn li: — Wi pitit mwen, pito ou rete grapiye dèyè medam nan jaden Bòz la tande. Si ou ale nan jaden lòt moun, malè ka rive ou. Se konsa, Rit rete ansanm avèk medam k'ap travay ak Bòz yo. Li t'ap ranmase tèt lòj jouk travayè yo te fin rekòlte tout lòj la ak tout ble a. Li t'ap viv tout tan sa a ak bèlmè li toujou.

Pataje
Li Rit 2

Rit 2:1-23 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Noémi a un parent dans la famille d’Élimélek, son mari. C’est un riche notable. Il s’appelle Booz. Un jour, Ruth la Moabite dit à Noémi : « Laisse-moi aller dans les champs. Je ramasserai les épis derrière quelqu’un qui sera bon envers moi en me permettant de le faire. » Noémi répond : « Vas-y, ma fille. » Ruth part et elle va dans un champ, pour ramasser les épis derrière ceux qui récoltent. Par chance, le champ où elle va est celui de Booz, de la famille d’Élimélek. Un peu plus tard, Booz arrive de Bethléem. Il salue les ouvriers : « Que le SEIGNEUR soit avec vous ! » Les ouvriers répondent : « Que le SEIGNEUR te bénisse ! » Booz demande au chef des ouvriers : « Qui est cette jeune femme ? » Le chef répond : « C’est une jeune Moabite. Elle est revenue du pays de Moab avec Noémi. Elle m’a dit : “Permets-moi de ramasser les épis que les ouvriers laissent tomber des gerbes.” Elle est venue ce matin et jusqu’à maintenant, elle ne s’est presque pas reposée. » Alors Booz dit à Ruth : « Écoute, ma fille, ne va pas ramasser les épis dans un autre champ. Reste ici et travaille avec mes servantes. Regarde bien les endroits où les hommes récoltent et suis les femmes qui ramassent les épis. J’ai commandé à mes serviteurs de te laisser tranquille. Si tu as soif, va boire de l’eau dans les récipients que mes serviteurs ont remplis. » Ruth s’incline jusqu’à terre devant Booz. Puis elle lui dit : « Tu me regardes avec bonté et tu t’intéresses à moi qui suis une étrangère. Comment est-ce possible ? » Booz répond : « J’ai appris tout ce que tu as fait pour ta belle-mère depuis la mort de ton mari. Tu as laissé ton père, ta mère, ton pays. Et tu es venue vivre au milieu d’un peuple que tu ne connaissais pas avant. Que le SEIGNEUR te récompense pour tout cela ! Tu es venue te mettre sous la protection du SEIGNEUR, Dieu d’Israël. Qu’il te récompense largement ! » Ruth répond à Booz : « Maître, tu es vraiment bon pour moi. Tu m’encourages en me parlant avec bonté. Et pourtant, je ne suis même pas comme l’une de tes servantes. » Au moment du repas, Booz dit à Ruth : « Viens manger avec nous. Prends un morceau de pain et trempe-le dans la sauce. » Ruth s’assoit à côté des ouvriers. Booz lui tend des épis grillés. Elle en mange autant qu’elle veut et il lui en reste. Puis Ruth se lève pour aller de nouveau ramasser des épis. Ensuite, Booz donne cet ordre à ses serviteurs : « Laissez-la ramasser les épis, même entre les gerbes. Ne lui faites pas de reproches. Enlevez même quelques épis des gerbes et laissez-les par terre pour qu’elle les ramasse. Ne lui faites aucun reproche. » Ruth ramasse les épis dans le champ de Booz jusqu’au soir. Puis elle bat les épis qu’elle a ramassés. Elle remplit un grand sac de grains d’orge. Elle rapporte le sac au village. Noémi, sa belle-mère, voit ce qu’elle a ramassé. Ruth sort aussi ce qui reste de son repas et elle le donne à Noémi. Noémi lui demande : « Où as-tu ramassé ces épis aujourd’hui ? Dans quel champ est-ce que tu as travaillé ? Que Dieu bénisse celui qui a été bon pour toi ! » Ruth raconte : « J’ai travaillé dans le champ d’un homme qui s’appelle Booz. » Alors Noémi dit à Ruth : « Je le vois, le SEIGNEUR continue à nous montrer sa bonté. Il est bon pour nous les vivants, comme il est bon pour les morts. Qu’il bénisse cet homme ! » Puis Noémi ajoute : « Booz est un homme de notre famille proche. Il est l’un de ceux qui ont la responsabilité de prendre soin de nous . » Ruth la Moabite dit encore : « Booz m’a dit aussi : “Continue à ramasser les épis derrière mes serviteurs jusqu’à la fin de la récolte.” » Noémi dit à Ruth : « C’est bien, ma fille. Continue de travailler avec les servantes de Booz. Si tu vas dans le champ de quelqu’un d’autre, tu risques d’être mal reçue. » Ruth va donc ramasser les épis d’orge et de blé avec les servantes de Booz, jusqu’à la fin de la récolte. Elle continue à habiter avec sa belle-mère.

Pataje
Li Rit 2

Rit 2:1-23 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Nawomi te gen yon pwòch fanmi mari li yo te rele Bowaz. Bowaz te sòti nan menm fanmi ak Elimelèk. Et se te yon nonm rich. Yon jou, Rit, fi Mowab la, di Nawomi kon sa: “Kite m ale nan youn nan jaden kote y ap ranmase rekòt yo. Si yo ban m yon ti chans, m a mache dèyè moun k ap travay yo epi m a ranmase grenn yo kite dèyè yo.” Nawomi reponn: “Dakò, pitit fi mwen. Ou mèt ale.” Konsa, Rit ale, li antre nan yon jaden. Li mache dèyè travayè yo, epi li ranmase grenn ki rete dèyè yo. San l pa rann kont, li te antre nan yon jaden Bowaz, fanmi Elimelèk la. Pandan Rit nan jaden an, Bowaz te vin sòti lavil Bètleyèm epi li salye tout travayè l yo, li di yo “SENYÈ a beni nou!” Epi travayè yo reponn li, “SENYÈ a beni w!” Apre sa, Bowaz mande travayè anchèf la: “Kilès jèn madanm sa a ye?” Travayè a reponn: “Se madanm peyi Mowab la ki te vin avèk Nawomi an. Li te vini bonè maten an, li mande si nou ka kite l mache dèyè travayè yo pou l ka ranmase grenn ki rete dèyè. Depi l rive la a, li travay san rete, sof lè pou l te pran yon ti poz tou kout.” Konsa Bowaz di Rit: “Tande non pitit fi m, ou mèt rete isit la toutotan ou vle pou ranmase grenn lòj. Ou pa bezwen al nan jaden lòt moun. Rete toupre medam k ap travay yo. Gade byen pou wè ki kote mesye yo ap travay epi mache pye pou pye dèyè medam yo k ap ranmase yo. Mwen pase mesye yo lòd pou yo pa anouye w. Lè ou swaf dlo, al bwè dlo nan basen kote moun k ap travay avè m yo tire dlo mete a.” Lè Bowaz fin pale, Rit mete ajenou, li bese tèt li byen ba epi li di Bowaz: “Poukisa ou pran ka m kon sa a, malgre ou konnen mwen se yon etranje?” Bowaz reponn Rit konsa: “Kite m di ou, yo banm tout detay kòman ou ede bèlmè w depi lè mari w te mouri. Mwen aprann kòman ou kite papa w ak manman w, ak pwòp peyi w, pou ou ka vini ak Nawomi nan yon peyi ou pa t menm konnen. Se pou Bondye rekonpanse w pou tout sa ou fè yo! Se pou SENYÈ a, Bondye Izrayèl la ou chwazi kòm pwoteksyon w lan, ba ou yon rekonpans total pou tout bon bagay sa yo ou te fè.” Rit reponn: “Ou vrèman pran ka m wi mesye! Ou se yon bon moun. Pawòl ou yo konsole m. Ou ankouraje sèvant ou, malgre mwen pa youn nan medam ka p travay pou ou yo.” Pita, lè moman an te rive pou y al manje, Bowaz di Rit: “Vin non, vin manje. Pran pen, tranpe nan sòs la, manje.” Rit ranje kò l, li chita kote travayè yo. Bowaz bay Rit enpe lòj griye. Rit manje vant plen epi l te gen rès rete. Lè Rit te retounen al travay dèyè mesye yo, Bowaz di mesye yo konsa: “Piga nou anpeche l, kite l ranmase kote l vle, menm nan mitan kote nou sanble grenn yo. Okontrè, se pou nou rale kèk tèt lòj sòti nan pakèt yo lage atè epi l a ranmase yo. Piga nou di l bagay ki pou fè l pa alèz.” Konsa, Rit te rete travay jis solèy kouche. Lè Rit fin netwaye tout sa l te ranmase pou jounen an ansanm, li te jwenn yon kantite ki t ap fè yon demi panye. Rit tounen lakay li nan vil la, Li montre Nawomi, bèlmè li, tout grenn li te ranmase. Apre sa, li bay Nawomi rès manje li te sere lè l t ap manje nan jaden Bowaz la. Nawomi mande l: “Ki kote ou jwenn tout lòj sa a? Nan ki jaden ou te travay? Se pou SENYÈ a beni moun sa a ki trete w byen kon sa a!” Lè sa a, Rit di bèlmè l nan jaden ki moun li te travay. Li di: “Se nan jaden yon mesye yo rele Bowaz mwen te travay.” Nawomi di: “Se pou SENYÈ a beni Bowaz! SENYÈ a bon epi fidèl anvè nou menm ki vivan epi menm ak lòt yo ki deja mouri.” Apre sa, Nawomi di Rit: “Nonm sa a se yon fanmi pwòch nou li ye wi. Li se youn nan moun ki gen dwa pwoteksyon sou fanmi an.” Lè sa a, Rit, Mowabit la, di ankò: “Bowaz te di m tou, mwen te mèt kontinye travay bò kote lòt moun k ap travay pou li yo jiskaske rekòt la fin i.” Apre sa, Nawomi di Rit: “Se byen sa, pitit fi m. Mwen konseye w kontinye al travay bò kot lòt medam yo nan jaden Bowaz la. Konsa, ou pa ta bezwen al nan jaden lòt moun pou yo pa fè w mechanste.” Konsa, Rit te rete travay bò kote medam sèvant Bowaz yo jiskaske rekòt lòj la te fin i. Li te kontinye travay pou rekòt fwoman an tou. Pandan tan sa a, li te kontinye ap viv ansanm ak bèlmè li.

Pataje
Li Rit 2

Rit 2:1-23 New International Version (NIV)

Now Naomi had a relative on her husband’s side, a man of standing from the clan of Elimelek, whose name was Boaz. And Ruth the Moabite said to Naomi, “Let me go to the fields and pick up the leftover grain behind anyone in whose eyes I find favor.” Naomi said to her, “Go ahead, my daughter.” So she went out, entered a field and began to glean behind the harvesters. As it turned out, she was working in a field belonging to Boaz, who was from the clan of Elimelek. Just then Boaz arrived from Bethlehem and greeted the harvesters, “The LORD be with you!” “The LORD bless you!” they answered. Boaz asked the overseer of his harvesters, “Who does that young woman belong to?” The overseer replied, “She is the Moabite who came back from Moab with Naomi. She said, ‘Please let me glean and gather among the sheaves behind the harvesters.’ She came into the field and has remained here from morning till now, except for a short rest in the shelter.” So Boaz said to Ruth, “My daughter, listen to me. Don’t go and glean in another field and don’t go away from here. Stay here with the women who work for me. Watch the field where the men are harvesting, and follow along after the women. I have told the men not to lay a hand on you. And whenever you are thirsty, go and get a drink from the water jars the men have filled.” At this, she bowed down with her face to the ground. She asked him, “Why have I found such favor in your eyes that you notice me—a foreigner?” Boaz replied, “I’ve been told all about what you have done for your mother-in-law since the death of your husband—how you left your father and mother and your homeland and came to live with a people you did not know before. May the LORD repay you for what you have done. May you be richly rewarded by the LORD, the God of Israel, under whose wings you have come to take refuge.” “May I continue to find favor in your eyes, my lord,” she said. “You have put me at ease by speaking kindly to your servant—though I do not have the standing of one of your servants.” At mealtime Boaz said to her, “Come over here. Have some bread and dip it in the wine vinegar.” When she sat down with the harvesters, he offered her some roasted grain. She ate all she wanted and had some left over. As she got up to glean, Boaz gave orders to his men, “Let her gather among the sheaves and don’t reprimand her. Even pull out some stalks for her from the bundles and leave them for her to pick up, and don’t rebuke her.” So Ruth gleaned in the field until evening. Then she threshed the barley she had gathered, and it amounted to about an ephah. She carried it back to town, and her mother-in-law saw how much she had gathered. Ruth also brought out and gave her what she had left over after she had eaten enough. Her mother-in-law asked her, “Where did you glean today? Where did you work? Blessed be the man who took notice of you!” Then Ruth told her mother-in-law about the one at whose place she had been working. “The name of the man I worked with today is Boaz,” she said. “The LORD bless him!” Naomi said to her daughter-in-law. “He has not stopped showing his kindness to the living and the dead.” She added, “That man is our close relative; he is one of our guardian-redeemers.” Then Ruth the Moabite said, “He even said to me, ‘Stay with my workers until they finish harvesting all my grain.’ ” Naomi said to Ruth her daughter-in-law, “It will be good for you, my daughter, to go with the women who work for him, because in someone else’s field you might be harmed.” So Ruth stayed close to the women of Boaz to glean until the barley and wheat harvests were finished. And she lived with her mother-in-law.

Pataje
Li Rit 2

Rit 2:1-23 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Noémi avait un parent du côté de son mari, un homme de valeur influent, de la famille d’Elimélek, nommé Booz. Ruth la Moabite dit à Noémi : Permets-moi d’aller aux champs ramasser des épis laissés par les moissonneurs. J’irai derrière celui qui m’accueillera aimablement. Noémi lui répondit : Va ma fille. Ruth partit donc et se mit à glaner dans les champs derrière les moissonneurs. Il arriva par hasard qu’elle se trouvait dans un champ appartenant à Booz, ce parent d’Elimélek. Un peu plus tard, Booz lui-même vint de Bethléhem et salua les moissonneurs en leur disant : Que l’Eternel soit avec vous ! Ils lui répondirent : Que l’Eternel te bénisse ! Booz demanda au serviteur qui était responsable des moissonneurs : A qui est cette jeune femme ? Le responsable des moissonneurs lui répondit : C’est la jeune Moabite qui est revenue avec Noémi des plaines de Moab. Elle nous a demandé la permission de glaner les épis entre les gerbes derrière les moissonneurs. Elle est venue ce matin et, depuis, elle a été à pied d’œuvre jusqu’à maintenant et s’est à peine reposée un instant. Booz dit à Ruth : Ecoute bien, ma fille : Ne va pas glaner dans un autre champ ; reste ici et suis mes servantes ! Regarde bien où mes hommes moissonneront et suis les femmes qui ramassent les épis. J’ai interdit à mes serviteurs de t’ennuyer. Et si tu as soif, va boire aux cruches qu’ils ont remplies. Ruth s’inclina jusqu’à terre, se prosterna et lui dit : Pourquoi m’accueilles-tu avec tant de faveur et t’intéresses-tu à moi qui ne suis qu’une étrangère  ? Booz lui répondit : On m’a bien raconté tout ce que tu as fait pour ta belle-mère après la mort de ton mari. Je sais que tu as quitté ton père et ta mère et ton pays natal pour venir vivre chez un peuple que tu ne connaissais pas auparavant. Que l’Eternel te récompense pour ce que tu as fait et que le Dieu d’Israël, sous la protection duquel tu es venue t’abriter, t’accorde une pleine récompense ! Ruth dit : Mon maître, tu m’accueilles avec tant de faveur que j’en suis réconfortée. Tes paroles me touchent, moi ta servante, bien que je ne sois pas même au rang de tes servantes. A l’heure du repas, Booz lui dit : Approche-toi et viens prendre un morceau de pain. Trempe-le dans la vinaigrette  ! Alors elle s’assit à côté des moissonneurs, et Booz lui offrit des épis grillés. Elle en mangea à satiété et garda le reste. Quand elle retourna pour glaner, Booz ordonna à ses serviteurs : Permettez-lui aussi de glaner entre les gerbes sans la rabrouer ! Laissez même tomber exprès pour elle quelques épis des javelles et abandonnez-les pour qu’elle puisse les ramasser ! Et ne lui faites pas de reproches ! Ainsi Ruth glana dans le champ jusqu’au soir, puis elle battit ce qu’elle avait ramassé. Il y avait quarante litres d’orge. Elle l’emporta, rentra au village et montra à sa belle-mère ce qu’elle avait ramassé. Elle sortit aussi les épis qui restaient de son repas de midi après qu’elle se fut rassasiée et les lui donna. Sa belle-mère lui demanda : Mais où donc as-tu glané aujourd’hui ? Dans quel champ as-tu travaillé ? Que l’Eternel bénisse celui qui a eu pour toi tant d’attention  ! Alors Ruth raconta à sa belle-mère chez qui elle avait travaillé et lui apprit qu’il s’appelait Booz. Noémi dit à sa belle-fille : Que l’Eternel le bénisse ! L’Eternel n’a cessé d’être bon envers nous les vivants comme il l’a été envers ceux qui sont morts. Puis elle ajouta : Cet homme est notre proche parent, l’un de ceux qui ont le devoir de prendre soin de notre lignée. Alors Ruth la Moabite reprit : Il m’a même dit : « Reste avec mes serviteurs jusqu’à ce qu’ils aient fini toute ma moisson ! » Noémi lui répondit : C’est bien, ma fille, continue d’aller avec ses servantes, ainsi tu ne risqueras pas de te faire maltraiter dans un autre champ. Ruth resta donc avec les servantes de Booz pour glaner jusqu’à la fin de la moisson des orges, puis de celle des blés. Et elle habitait avec sa belle-mère.

Pataje
Li Rit 2