Rit 2:1-23

Rit 2:1-23 VKF

Nawomi te gen yon pwòch fanmi mari li yo te rele Bowaz. Bowaz te sòti nan menm fanmi ak Elimelèk. Et se te yon nonm rich. Yon jou, Rit, fi Mowab la, di Nawomi kon sa: “Kite m ale nan youn nan jaden kote y ap ranmase rekòt yo. Si yo ban m yon ti chans, m a mache dèyè moun k ap travay yo epi m a ranmase grenn yo kite dèyè yo.” Nawomi reponn: “Dakò, pitit fi mwen. Ou mèt ale.” Konsa, Rit ale, li antre nan yon jaden. Li mache dèyè travayè yo, epi li ranmase grenn ki rete dèyè yo. San l pa rann kont, li te antre nan yon jaden Bowaz, fanmi Elimelèk la. Pandan Rit nan jaden an, Bowaz te vin sòti lavil Bètleyèm epi li salye tout travayè l yo, li di yo “SENYÈ a beni nou!” Epi travayè yo reponn li, “SENYÈ a beni w!” Apre sa, Bowaz mande travayè anchèf la: “Kilès jèn madanm sa a ye?” Travayè a reponn: “Se madanm peyi Mowab la ki te vin avèk Nawomi an. Li te vini bonè maten an, li mande si nou ka kite l mache dèyè travayè yo pou l ka ranmase grenn ki rete dèyè. Depi l rive la a, li travay san rete, sof lè pou l te pran yon ti poz tou kout.” Konsa Bowaz di Rit: “Tande non pitit fi m, ou mèt rete isit la toutotan ou vle pou ranmase grenn lòj. Ou pa bezwen al nan jaden lòt moun. Rete toupre medam k ap travay yo. Gade byen pou wè ki kote mesye yo ap travay epi mache pye pou pye dèyè medam yo k ap ranmase yo. Mwen pase mesye yo lòd pou yo pa anouye w. Lè ou swaf dlo, al bwè dlo nan basen kote moun k ap travay avè m yo tire dlo mete a.” Lè Bowaz fin pale, Rit mete ajenou, li bese tèt li byen ba epi li di Bowaz: “Poukisa ou pran ka m kon sa a, malgre ou konnen mwen se yon etranje?” Bowaz reponn Rit konsa: “Kite m di ou, yo banm tout detay kòman ou ede bèlmè w depi lè mari w te mouri. Mwen aprann kòman ou kite papa w ak manman w, ak pwòp peyi w, pou ou ka vini ak Nawomi nan yon peyi ou pa t menm konnen. Se pou Bondye rekonpanse w pou tout sa ou fè yo! Se pou SENYÈ a, Bondye Izrayèl la ou chwazi kòm pwoteksyon w lan, ba ou yon rekonpans total pou tout bon bagay sa yo ou te fè.” Rit reponn: “Ou vrèman pran ka m wi mesye! Ou se yon bon moun. Pawòl ou yo konsole m. Ou ankouraje sèvant ou, malgre mwen pa youn nan medam ka p travay pou ou yo.” Pita, lè moman an te rive pou y al manje, Bowaz di Rit: “Vin non, vin manje. Pran pen, tranpe nan sòs la, manje.” Rit ranje kò l, li chita kote travayè yo. Bowaz bay Rit enpe lòj griye. Rit manje vant plen epi l te gen rès rete. Lè Rit te retounen al travay dèyè mesye yo, Bowaz di mesye yo konsa: “Piga nou anpeche l, kite l ranmase kote l vle, menm nan mitan kote nou sanble grenn yo. Okontrè, se pou nou rale kèk tèt lòj sòti nan pakèt yo lage atè epi l a ranmase yo. Piga nou di l bagay ki pou fè l pa alèz.” Konsa, Rit te rete travay jis solèy kouche. Lè Rit fin netwaye tout sa l te ranmase pou jounen an ansanm, li te jwenn yon kantite ki t ap fè yon demi panye. Rit tounen lakay li nan vil la, Li montre Nawomi, bèlmè li, tout grenn li te ranmase. Apre sa, li bay Nawomi rès manje li te sere lè l t ap manje nan jaden Bowaz la. Nawomi mande l: “Ki kote ou jwenn tout lòj sa a? Nan ki jaden ou te travay? Se pou SENYÈ a beni moun sa a ki trete w byen kon sa a!” Lè sa a, Rit di bèlmè l nan jaden ki moun li te travay. Li di: “Se nan jaden yon mesye yo rele Bowaz mwen te travay.” Nawomi di: “Se pou SENYÈ a beni Bowaz! SENYÈ a bon epi fidèl anvè nou menm ki vivan epi menm ak lòt yo ki deja mouri.” Apre sa, Nawomi di Rit: “Nonm sa a se yon fanmi pwòch nou li ye wi. Li se youn nan moun ki gen dwa pwoteksyon sou fanmi an.” Lè sa a, Rit, Mowabit la, di ankò: “Bowaz te di m tou, mwen te mèt kontinye travay bò kote lòt moun k ap travay pou li yo jiskaske rekòt la fin i.” Apre sa, Nawomi di Rit: “Se byen sa, pitit fi m. Mwen konseye w kontinye al travay bò kot lòt medam yo nan jaden Bowaz la. Konsa, ou pa ta bezwen al nan jaden lòt moun pou yo pa fè w mechanste.” Konsa, Rit te rete travay bò kote medam sèvant Bowaz yo jiskaske rekòt lòj la te fin i. Li te kontinye travay pou rekòt fwoman an tou. Pandan tan sa a, li te kontinye ap viv ansanm ak bèlmè li.

Li Rit 2