Lik 8:49-56
Lik 8:49-56 1998 Haïtienne (HAT98)
Jezi t'ap pale toujou lè yon nonm sòti lakay chèf sinagòg la vin di li: — Tifi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje mèt la pase sa. Men, lè Jezi tande sa, li di Jayiris konsa: — Pa pè. Sèlman, met konfyans ou nan mwen, pitit la va geri. Lè Jezi rive lakay la, li pa kite tout moun yo antre ak li. Li pran Pyè, Jan, Jak epi papa ak manman pitit la. Tout moun t'ap kriye, yo t'ap plenn lanmò pitit la. Jezi di yo: — Pa kriye. Pitit la pa mouri, se dòmi l'ap dòmi. Lè sa a, yo tonbe pase l nan betiz paske yo te konnen tifi a fin mouri. Men, Jezi pran men pitit la, li pale byen fò, li di konsa: — Tifi, leve. Lespri tifi a tounen sou li ankò, menm lè a li leve. Jezi pase lòd pou yo ba l manje. Papa ak manman tifi a te sezi anpil, men Jezi bay yo lòd pou yo pa di pèsonn sa k te pase.
Lik 8:49-56 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Pendant que Jésus dit cela, quelqu’un arrive de chez Jaïrus, le chef de la maison de prière. Il lui dit : « Ta fille est morte, ne dérange plus le maître ! » Jésus l’entend et il dit à Jaïrus : « N’aie pas peur ! Crois seulement, et ta fille sera sauvée ! » Jésus arrive à la maison. Avec lui, il laisse entrer seulement Pierre, Jean et Jacques avec le père et la mère de la petite fille. Tous les gens pleurent et ils sont dans le deuil à cause d’elle. Jésus leur dit : « Ne pleurez pas ! Elle n’est pas morte, elle dort. » Les gens se moquent de lui. En effet, ils savent qu’elle est morte. Mais Jésus prend la main de la petite fille et il l’appelle en disant : « Mon enfant, réveille-toi ! » Elle revient à la vie et elle se lève tout de suite. Jésus commande de lui donner à manger. Ses parents sont vraiment très étonnés, mais Jésus leur donne cet ordre : « Ne dites à personne ce qui s’est passé ! »
Lik 8:49-56 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Pandan Jezi t ap pale toujou, yon moun soti lakay Jayiris ki chèf sinagòg la, li vin di Jayiris konsa: “Ti fi a gentan mouri. Ou pa bezwen twouble mèt la ankò.” Men Jezi ki te tande sa moun nan te di Jayiris la, li di Jayiris konsa: “Ou pa bezwen pè. Annik kwè sèlman epi pitit ou a ap geri.” Lè Jezi rive nan kay la, li pa t pèmèt okenn moun antre ak li, eksepte Pyè Jan ak Jak, ansanm ak papa ti fi a epi manman li. Tout moun t ap kriye. Yo te aflije pou ti pitit la. Men Jezi di yo: “Pa kriye. Paske tifi a pa mouri. Se dòmi l ap dòmi.” Konsa, moun yo te pran pase Jezi nan betiz, paske yo konnen tifi a te mouri. Men Jezi pran men tifi a. Li rele l byen fò, li di: “Ti pitit, leve!” Lespri tifi a retounen nan limenm epi san pèdi tan li leve kanpe. Apre sa Jezi mande pou yo ba l manje. Manman ak papa tifi a te sezi anpil. Jezi pase yo lòd pou yo pa di pèsonn kisa k te pase.
Lik 8:49-56 New International Version (NIV)
While Jesus was still speaking, someone came from the house of Jairus, the synagogue leader. “Your daughter is dead,” he said. “Don’t bother the teacher anymore.” Hearing this, Jesus said to Jairus, “Don’t be afraid; just believe, and she will be healed.” When he arrived at the house of Jairus, he did not let anyone go in with him except Peter, John and James, and the child’s father and mother. Meanwhile, all the people were wailing and mourning for her. “Stop wailing,” Jesus said. “She is not dead but asleep.” They laughed at him, knowing that she was dead. But he took her by the hand and said, “My child, get up!” Her spirit returned, and at once she stood up. Then Jesus told them to give her something to eat. Her parents were astonished, but he ordered them not to tell anyone what had happened.
Lik 8:49-56 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Il parlait encore quand quelqu’un arriva de chez le responsable de la synagogue et lui dit : Ta fille vient de mourir, n’importune plus le Maître ! En entendant cela, Jésus dit à Jaïrus : Ne crains pas, crois seulement : ta fille guérira. Une fois arrivé à la maison, il ne permit à personne d’entrer avec lui, sauf à Pierre, Jean et Jacques, ainsi qu’au père et à la mère de l’enfant. Ce n’était partout que pleurs et lamentations. Jésus dit : Ne pleurez pas ; elle n’est pas morte, elle est seulement endormie. Les gens se moquaient de lui, car ils savaient qu’elle était morte. Alors Jésus prit la main de la fillette et dit d’une voix forte : Mon enfant, lève-toi ! Elle revint à la vie et se mit aussitôt debout ; alors Jésus ordonna de lui donner à manger. Les parents de la jeune fille étaient stupéfaits. Mais Jésus leur recommanda de ne dire à personne ce qui s’était passé.