Lik 8

8
Fanm ki t'ap mache avèk Jezi yo
1Apre sa, Jezi mache ale nan tout lavil yo ak #Lik 4.43 nan tout bouk yo. Li t'ap mache bay mesay la, li t'ap anonse bòn nouvèl peyi kote Bondye Wa a. Douz disip yo te toujou avè li. 2Te #Mak 15.40,41; 16.9 gen kèk fanm avè l tou. Se moun li te wete move lespri sou yo, li te geri maladi yo. Te gen Mari (yo te rele moun Magdala a). Jezi te wete sèt move lespri sou li. 3Te gen Jàn, madanm Chouza, yonn nan jeran Ewòd yo. Te gen Sizàn ak anpil lòt ankò. Yo tout yo t'ap ede Jezi ansanm ak disip li yo ak sa yo te genyen.
Parabòl nonm ki t'ap simen an
(Matye 13.1-9; Mak 4.1-9)
4#Mat 13.1-23; Mak 4.1-20 sa a, te gen yon gwo foul moun ki te sanble. Moun te sòti nan divès vil vin bò kote Jezi. Li pran rakonte yo parabòl sa a:
5— Yon nonm sòti pou l'ale simen grenn nan jaden li. Pandan l t'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an: Pye pile yo, zwazo nan syèl vini, yo manje yo. 6Yon pati tonbe nan mitan wòch. Grenn yo leve. Men, yo cheche paske yo pat jwenn tè fre. 7Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pye pikan yo grandi ansanm ak bon ti plant yo, yo toufe yo. 8Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo donnen: yo bay san (100) pou yonn.
Lè l fin di sa, li di ankò:
— Si nou gen zòrèy pou n tande, tande.
Poukisa Jezi pale an parabòl
(Matye 13.10-17; Mak 4.10-12)
9Disip li yo mande l kisa parabòl sa a vle di. 10Li #Eza 6.9,10 reponn yo:
— Pou nou, yo fè nou konnen tout sekrè peyi kote Bondye Wa a. Men, pou lòt moun yo, yo ba yo l an parabòl. Konsa
yo mèt gade, yo p'ap wè,
yo mèt tande, yo p'ap konprann.
Jezi esplike parabòl nonm ki t'ap simen an
(Matye 13.18-23; Mak 4.13-20)
11— Men #1 Pyè 1.23 sa parabòl sa a vle di: Grenn y'ap simen an se pawòl Bondye. 12Gen #1 Kor 1.21 moun ki sanble ak tè bò chemen kote grenn yo tonbe a. Yo tande, men Satan vini, li rache pawòl la nan kè yo pou yo pa kwè, pou yo pa sove. 13Gen lòt moun ki sanble tè ki gen anpil wòch la. Yo tande pawòl la, yo resevwa l ak kè kontan. Men yo pa kite l pouse rasin, yo pa kwè l pou lontan. Lè eprèv tonbe sou yo, yo vire do bay Bondye. 14Grenn ki tonbe nan mitan pikan yo, se moun ki tande pawòl la, men lè y'al fè wout yo, yo kite traka lavi, richès ak plezi ki nan lavi toufe l. Yo donnen men donn yo pa janm rive rèk. 15Grenn #Tra 16.14; Eb 10.36; Rev 3.10 ki tonbe nan bon tè a, se moun ki sensè, ki gen bon kè, ki tande pawòl la, yo kenbe l nan kè yo. Yo toujou rete fèm jouk yo donnen.
Parabòl lanp lan
(Mak 4.21-25)
16— Pèsonn #Mak 4.21-25 pa #Mat 5.15 limen yon lanp pou li mete li anba tab osinon anba kabann. Li mete li sou etajè. Konsa moun k'ap antre kapab wè. 17Nanpwen #Mat 10.26 anyen ki kache ki p'ap devwale yon lè. Nanpwen sekrè ki p'ap parèt aklè yon jou.
18— Se #Lik 19.26 poutèt sa, fè atansyon jan n'ap tande pawòl la. Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l menm ti sa l te kwè li te genyen an.
Manman Jezi ak frè li yo
(Matye 12.46-50; Mak 3.31-35)
19Manman #Mat 12.46-50; Mak 3.31-35 Jezi ak frè l yo te vin kote li. Men, yo pat kapab rive pre li akòz foul moun yo. 20Moun yo di l konsa:
— Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo anvi wè ou.
21Men, Jezi di yo tout:
— Manman m ak frè m, se moun ki koute pawòl Bondye a epi ki fè sa pawòl la di.
Jezi kalme yon gwo van
(Matye 8.23-27; Mak 4.35-41)
22Yon #Mat 8.18; 23.27; Mak 4.35-41 jou, Jezi moute nan yon kannòt ak disip li yo. Li di yo:
— Ann janbe lòt bò letan an.
Lamenm yo pati. 23Pandan yo t'ap navige, dòmi pran Jezi. Yon gwo van vin leve sou letan an, dlo konmanse plen kannòt la, kifè lavi yo tout te an danje. 24Yo pwoche bò kote Jezi yo souke l, yo di li:
— Mèt, Mèt, se mouri n'ap mouri wi!
Jezi leve, li pale byen fò ak van an ansanm ak lanm lanmè yo: tout bagay vin byen trankil, yon gwo kalmi fèt. 25Epi Jezi di yo:
— Kote konfyans nou ye?
Men yo te pè, yo te sezi. Yonn t'ap di lòt:
— Ki moun li ye menm? Li kòmande menm van ak lanmè, epi yo obeyi li.
Jezi geri yon nonm ki gen move lespri
(Matye 8.28-34; Mak 5.1-20)
26Yo #Mat 8.28-34; Mak 5.1-20 fè tè nan peyi Jerazenyen yo ki lòt bò letan an, vizavi ak Galile. 27Jezi desann atè. Lamenm yon nonm lavil la vin devan l: nonm lan te gen anpil move lespri sou li. Depi lontan li pat janm vle mete rad sou li, ni li pat vle rete nan okenn kay, se nan mitan tonm mò yo li t'ap viv. 28Lè l wè Jezi, li bay yon gwo rèl, li lage kò l atè devan Jezi, li pran pale byen fò, li di li konsa:
— Kisa m gen avè ou, Jezi, Pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Tanpri souple, pa fè m soufri.
29Li te pale konsa paske Jezi te pase move lespri a lòd pou li sòti sou nonm lan. Anpil fwa, lespri a te vin sou li: lè konsa, yo te konn mare tou de men l ak tou de pye l ak chenn pou l pat kouri. Men, li te jwenn mwayen pete chenn yo epi move lespri a te mennen l ale nan dezè. 30Jezi mande li:
— Ki jan ou rele?
Li reponn:
— Yo rele m Rejiman.
Li di sa paske se anpil move lespri ki te sou nonm lan. 31Lespri yo t'ap mande Jezi:
— Tanpri souple, pa voye n ale nan gwo twou san fon an.
32Sou ti mòn lan te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje. Move lespri yo pran mande Jezi:
— Tanpri souple, kite nou antre nan kochon sa yo.
Jezi ba yo pèmisyon sa a. 33Lè sa a, move lespri yo sòti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, y'al neye tèt yo nan letan an. 34Moun ki t'ap gade kochon yo, lè yo wè sa k te rive, yo pran kouri, yo gaye nouvèl la nan lavil la kou andeyò. 35Moun sòti pou y'al wè sa k te pase. Lè yo rive kote Jezi te ye a, yo jwenn nonm lan: move lespri yo te sòti sou li, li te chita nan pye Jezi byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pè. 36Moun ki te asiste bagay la mete rakonte yo ki jan nonm ki te gen move lespri sou li a te geri. 37Lè sa a, tout moun nan peyi Jerazenyen yo mande Jezi pou l'al fè wout li kite peyi a, paske yo te pè anpil. Jezi moute nan kannòt la pou l ale. 38Nonm ki te gen move lespri sòti sou li a mande l pou l'ale avèk li tou. Men, Jezi voye l ale, li di li:
39— Tounen lakay ou. Al rakonte tou sa Bondye fè pou ou.
Nonm lan pati, li mache fè konnen tou sa Jezi te fè pou li nan tout lavil la.
Pitit fi Jayiris la ak fanm ki te manyen rad Jezi a
(Matye 9.18-26; Mak 5.21-43)
40#Mat 9.18-26; Mak 5.21-43 Jezi tounen lòt bò letan an, yon foul moun resevwa l, paske tout moun t'ap tann li. 41Yon nonm yo rele Jayiris vin rive. Se li ki te chèf sinagòg la. Li lage kò l nan pye Jezi, li mande li:
— Tanpri souple, ann al lakay. 42Mwen #Lik 7.12 gen yon tifi douzan ki sèl pitit fi m, mwen kite l prèt pou mouri.
Pandan Jezi ta pral lakay Jayiris, yon foul moun t'ap kwense l toupatou. 43Te gen yon fanm nan foul moun yo ki te malad: Depi douzan li t'ap pèdi san. Li te fin depanse tout byen l kay dòktè, #8.43: Gen maniskri ki pa bay Li te fin depanse tout byen l kay dòktè. Lè sa a se pou n li: Depi douzan li t'ap pèdi san, okenn dòktè pat kapab geri li. san yo yonn pat kapab geri li. 44Li pwoche pa dèyè, li manyen ke rad Jezi. Latou, san an rete. 45Jezi mande:
— Ki moun ki manyen m lan?
Tout moun pran di se pa yo. Lè sa a, Pyè di li:
— Men, Mèt, se nan mitan yon foul moun ou ye, moun ap kwense ou tout jan.
46Men, Jezi reponn li:
— Mwen di ou gen yon moun ki manyen m, paske mwen santi yon fòs sòti sou mwen.
47Lè sa a, fanm lan wè yo te dekouvri l, li pran tranble kou yon fèy bwa, li vin lage kò l nan pye Jezi, li pran rakonte devan tout pèp la poukisa li te manyen l, ki jan li te geri menm lè a tou. 48Jezi #Lik 7.50 di li:
— Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ale ak kè poze.
49Jezi t'ap pale toujou lè yon nonm sòti lakay chèf sinagòg la vin di li:
— Tifi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje mèt la pase sa.
50Men, lè Jezi tande sa, li di Jayiris konsa:
— Pa pè. Sèlman, met konfyans ou nan mwen, pitit la va geri.
51Lè Jezi rive lakay la, li pa kite tout moun yo antre ak li. Li pran Pyè, Jan, Jak epi papa ak manman pitit la. 52Tout #Lik 7.13 moun t'ap kriye, yo t'ap plenn lanmò pitit la. Jezi di yo:
— Pa kriye. Pitit la pa mouri, se dòmi l'ap dòmi.
53Lè sa a, yo tonbe pase l nan betiz paske yo te konnen tifi a fin mouri. 54Men, Jezi pran men pitit la, li pale byen fò, li di konsa:
— Tifi, leve.
55Lespri tifi a tounen sou li ankò, menm lè a li leve. Jezi pase lòd pou yo ba l manje. 56Papa #Lik 5.14; Mak 7.36 ak manman tifi a te sezi anpil, men Jezi bay yo lòd pou yo pa di pèsonn sa k te pase.

Chwazi Kounye ya:

Lik 8: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

Video for Lik 8