Pandan Jezi t ap pale toujou, yon moun soti lakay Jayiris ki chèf sinagòg la, li vin di Jayiris konsa: “Ti fi a gentan mouri. Ou pa bezwen twouble mèt la ankò.” Men Jezi ki te tande sa moun nan te di Jayiris la, li di Jayiris konsa: “Ou pa bezwen pè. Annik kwè sèlman epi pitit ou a ap geri.” Lè Jezi rive nan kay la, li pa t pèmèt okenn moun antre ak li, eksepte Pyè Jan ak Jak, ansanm ak papa ti fi a epi manman li. Tout moun t ap kriye. Yo te aflije pou ti pitit la. Men Jezi di yo: “Pa kriye. Paske tifi a pa mouri. Se dòmi l ap dòmi.” Konsa, moun yo te pran pase Jezi nan betiz, paske yo konnen tifi a te mouri. Men Jezi pran men tifi a. Li rele l byen fò, li di: “Ti pitit, leve!” Lespri tifi a retounen nan limenm epi san pèdi tan li leve kanpe. Apre sa Jezi mande pou yo ba l manje. Manman ak papa tifi a te sezi anpil. Jezi pase yo lòd pou yo pa di pèsonn kisa k te pase.
Li Lik 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 8:49-56
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo