Lik 8:4-15

Lik 8:4-15 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè sa a, te gen yon gwo foul moun ki te sanble. Moun te sòti nan divès vil vin bò kote Jezi. Li pran rakonte yo parabòl sa a: — Yon nonm sòti pou l'ale simen grenn nan jaden li. Pandan l t'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an: Pye pile yo, zwazo nan syèl vini, yo manje yo. Yon pati tonbe nan mitan wòch. Grenn yo leve. Men, yo cheche paske yo pat jwenn tè fre. Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pye pikan yo grandi ansanm ak bon ti plant yo, yo toufe yo. Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo donnen: yo bay san (100) pou yonn. Lè l fin di sa, li di ankò: — Si nou gen zòrèy pou n tande, tande. Disip li yo mande l kisa parabòl sa a vle di. Li reponn yo: — Pou nou, yo fè nou konnen tout sekrè peyi kote Bondye Wa a. Men, pou lòt moun yo, yo ba yo l an parabòl. Konsa yo mèt gade, yo p'ap wè, yo mèt tande, yo p'ap konprann. — Men sa parabòl sa a vle di: Grenn y'ap simen an se pawòl Bondye. Gen moun ki sanble ak tè bò chemen kote grenn yo tonbe a. Yo tande, men Satan vini, li rache pawòl la nan kè yo pou yo pa kwè, pou yo pa sove. Gen lòt moun ki sanble tè ki gen anpil wòch la. Yo tande pawòl la, yo resevwa l ak kè kontan. Men yo pa kite l pouse rasin, yo pa kwè l pou lontan. Lè eprèv tonbe sou yo, yo vire do bay Bondye. Grenn ki tonbe nan mitan pikan yo, se moun ki tande pawòl la, men lè y'al fè wout yo, yo kite traka lavi, richès ak plezi ki nan lavi toufe l. Yo donnen men donn yo pa janm rive rèk. Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki sensè, ki gen bon kè, ki tande pawòl la, yo kenbe l nan kè yo. Yo toujou rete fèm jouk yo donnen.

Pataje
Li Lik 8

Lik 8:4-15 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Une grande foule se rassemble, des gens de toutes les villes viennent vers Jésus. Alors Jésus utilise une comparaison : « Le semeur va au champ pour semer ses graines. Pendant qu’il sème, une partie des graines tombe au bord du chemin. On marche dessus, et les oiseaux mangent tout. Une autre partie des graines tombe dans les pierres. Elles poussent, mais les plantes deviennent sèches parce qu’elles n’ont pas assez d’eau. Une autre partie des graines tombe au milieu des plantes épineuses. Les plantes poussent en même temps qu’elles, et elles les étouffent. Une autre partie des graines tombe dans la bonne terre. Les plantes poussent et produisent des épis : chacun donne 100 grains. » Et Jésus dit d’une voix forte : « Celui qui a des oreilles pour écouter, qu’il écoute ! » Les disciples de Jésus lui demandent : « Qu’est-ce que cette histoire veut dire ? » Il leur répond : « Dieu vous donne, à vous, de connaître les vérités cachées du Royaume de Dieu, mais les autres gens entendent seulement des comparaisons. Ainsi, “ils regardent, mais ils ne voient pas, ils entendent, mais ils ne comprennent pas .” » Jésus dit à ses disciples : « Voici ce que l’histoire veut dire : Les graines, c’est la parole de Dieu. Le bord du chemin, ce sont les gens qui entendent la Parole. Mais l’esprit du mal arrive, il enlève la Parole de leur cœur, pour les empêcher de croire et ainsi d’être sauvés. Le sol plein de pierres, ce sont les gens qui entendent la Parole et qui la reçoivent avec joie, mais la Parole n’a pas de racines en eux. Ils croient pendant un moment seulement, ensuite, quand il y a une difficulté, ils abandonnent. D’autres graines sont tombées dans les plantes épineuses. Ce sont les gens qui entendent la Parole. Mais les soucis, les richesses et les plaisirs de la vie étouffent ce qui grandit en eux, et ils ne peuvent pas donner de fruits mûrs. D’autres graines sont tombées dans la bonne terre. Ce sont les gens qui entendent la Parole avec un cœur bon et sincère. Ils la gardent et ils donnent des fruits en restant fidèles. »

Pataje
Li Lik 8

Lik 8:4-15 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Yon gwo foul moun te rasanble. Yo te soti nan tout vil yo vin jwenn Jezi epi li rakonte yo parabòl sa a: “Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn. Pandan l ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Pye pile yo epi zwazo nan syèl manje grenn yo. Gen lòt ki tonbe nan yon sou karyann. Yo kòmanse grandi men yo seche, paske yo pa jwenn ase tè mouye. Gen lòt toujou ki tonbe nan mitan pikan. Yo kòmanse grandi, men pikan yo toufe yo. Gen lòt menm ki tonbe nan bon tè. Yo grandi. Yo donnen anpil fwi, menm san fwa lavalè.” Lè l fin rakonte istwa a, li di byen fò: “Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande.” Disip Jezi yo mande l: “Ki sa parabòl sa vle di?” Jezi reponn yo: “Bondye fè nou gras pou nou konnen tout ti sekrè wayòm Bondye a. Men lòt yo menm, yo pale ak yo an parabòl poutèt Menm lè yo wè, yo pa vrèman wè. Menm lè yo tande, yo pa vrèman ni tande ni konprann. Men sa parabòl sa a vle di: Grenn yo se pawòl Bondye a. Gen moun se tankou grenn ki tonbe bò chemen an yo ye. Lè yo fin tande pawòl Bondye, Satan vini li fè yo bliye li pou yo ka pa kwè, pou yo pa sove. Grenn ki tonbe nan tè ki gen wòch yo, se tankou moun lè yo tande pawòl la, yo resevwa l ak anpil jwa. Men yo pa pouse rasin. Konsa, yo kwè pou yon ti bout tant, men lè eprèv frape yo, yo vire do bay Bondye. Grenn ki tonbe nan pikan yo menm, se tankou moun ki tande pawòl la, men firamezi y ap avanse, traka nan lavi chak jou a, richès ak plezi lavi kwense yo fè yo pa byen devlope. Si se pou donnen, yo donnen, men fwi yo pa janm rive a tèm pou yo ta pwodui yon bon rekòt. Grenn ki tonbe nan bon tè yo menm, se tankou moun ki tande pawòl la ak yon kè onèt epi bon. Yo obeyi pawòl la kòrèkteman epi avèk pasyans, yo pwodui yon bon rekòt.

Pataje
Li Lik 8

Lik 8:4-15 New International Version (NIV)

While a large crowd was gathering and people were coming to Jesus from town after town, he told this parable: “A farmer went out to sow his seed. As he was scattering the seed, some fell along the path; it was trampled on, and the birds ate it up. Some fell on rocky ground, and when it came up, the plants withered because they had no moisture. Other seed fell among thorns, which grew up with it and choked the plants. Still other seed fell on good soil. It came up and yielded a crop, a hundred times more than was sown.” When he said this, he called out, “Whoever has ears to hear, let them hear.” His disciples asked him what this parable meant. He said, “The knowledge of the secrets of the kingdom of God has been given to you, but to others I speak in parables, so that, “ ‘though seeing, they may not see; though hearing, they may not understand.’ “This is the meaning of the parable: The seed is the word of God. Those along the path are the ones who hear, and then the devil comes and takes away the word from their hearts, so that they may not believe and be saved. Those on the rocky ground are the ones who receive the word with joy when they hear it, but they have no root. They believe for a while, but in the time of testing they fall away. The seed that fell among thorns stands for those who hear, but as they go on their way they are choked by life’s worries, riches and pleasures, and they do not mature. But the seed on good soil stands for those with a noble and good heart, who hear the word, retain it, and by persevering produce a crop.

Pataje
Li Lik 8

Lik 8:4-15 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Une grande foule, ayant afflué de chaque ville, s’était rassemblée autour de lui. Alors Jésus leur raconta cette parabole : Un semeur sortit pour faire ses semailles. Pendant qu’il répandait sa semence, des grains tombèrent au bord du chemin, furent piétinés par les passants, et les oiseaux du ciel les mangèrent. D’autres tombèrent sur de la pierre. A peine eurent-ils germé que les petits plants séchèrent parce que le sol n’était pas assez humide. D’autres grains tombèrent au milieu des ronces ; celles-ci poussèrent en même temps que les bons plants et les étouffèrent. Mais d’autres tombèrent dans la bonne terre ; ils germèrent et donnèrent du fruit : chaque grain en produisit cent autres. Et Jésus ajouta : Celui qui a des oreilles pour entendre, qu’il entende ! Les disciples lui demandèrent ce que signifiait cette parabole. Il leur dit : Vous avez reçu le privilège de connaître les secrets du royaume de Dieu, mais pour les autres, ces choses sont dites en paraboles. Ainsi, bien qu’ils regardent, ils ne voient pas ; bien qu’ils entendent, ils ne comprennent pas . Voici donc le sens de cette parabole : La semence, c’est la Parole de Dieu. « Au bord du chemin » : ce sont les personnes qui écoutent la Parole, mais le diable vient l’arracher de leur cœur pour les empêcher de croire et d’être sauvées. « Sur de la pierre » : ce sont ceux qui entendent la Parole et l’acceptent avec joie ; mais, comme ils ne la laissent pas prendre racine en eux, leur foi est passagère. Lorsque survient l’épreuve, ils abandonnent tout. « La semence tombée au milieu des ronces » représente ceux qui ont écouté la Parole, mais en qui elle est étouffée par les soucis, les richesses et les plaisirs de la vie, de sorte qu’elle ne donne pas de fruit. Enfin, « la semence tombée dans la bonne terre », ce sont ceux qui, ayant écouté la Parole, la retiennent dans un cœur honnête et bien disposé. Ils persévèrent et ainsi portent du fruit.

Pataje
Li Lik 8

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an